Koulè Vèt
PREMYE LEKTI
“Nou mouri ansanm avèk Jezikri; fè manb nou yo mouri”.
NAN
LÈT APOT PÒL KI SEN POU KOLOSYEN YO 3, 1-11
Frè m’ yo:
Si nou leve ansanm avèk Jezikri, se pou
nou chèche bagay ki anwo yo, kote Jezikri chita adwat Bondye a: se bagay ki anwo
yo pou nou goute, se pa sa k’ sou tè a. Nou mouri reyèlman vre, lavi nou kache
avèk Jezikri nan Bondye. Lè Jezikri, lavi nou an, ap parèt, lè sa a, nou menm
tou n’ap parèt avèk li nan bèlte a.
Konsa, mete lanmò nan manb nou yo ki sou
tè a: move plezi, bagay ki pa pwòp, move tandans, move lide, avèk renmen lajan,
ki sèvis zidòl. Bagay sa yo k’ap pwovoke kòlè Bondye sou moun ki pa gen lafwa
yo, nou menm tou nou te konn mache nan yo lontan, lè nou t’ap viv nan yo;
koulye a menm se pou nou kite tout bagay, kòlè, move san, mechanste, madichon,
gwo mo, wete tout sa sot nan bouch nou. Se pa pou youn bay lòt manti, wete moun
ansíen an avèk aksyon l’ yo sot sou nou, abiye nou ak moun nouvo a, k’ap refèt
tou nèf nan konesans la daprè pòtre sila a ki kreye l’ la; kote pa gen payen ak
Juif, sikonsizyon ak po ti kò, moun sovaj ak moun lelit, esklav ak moun lib,
men Jezikri ki tout bagay nan tout moun.
Pawòl
Granmèt la.
SÒM REPONS 144, 2-3.
10-11. 12-13ab
R/ Granmèt la bon pou tout
moun.
Chak jou m’ap fè konpliman pou ou, m’ap fè
konpliman pou non ou, pou tout tan ak tout tan gen tan. Granmèt
la gran, li merite anpil lwanj, yo pa kapab sonde grande l’. R.
Y’ap fè lwanj ou, Granmèt, tout sa w’ fè
yo; sen w’ yo ap fè konpliman pou ou.Y’ap deklare bèlte rèy ou an, y’ap anonse
pouvwa ou.R.
Pou yo fè pitit moun yo konnen mèvèy ou
yo, ak bèlte grandè rèy ou an. Rèy ou an, se rèy tout tan, kòmandman ou nan pou
jenerasyon ak jenerasyon.R.
LEVANJIL
“Se chans pou pòv yo. Madichon
pou nou menm rich yo!”
MEN
BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 6, 20-27
Se chans pou nou menm ki pòv, paske rèy
Bondye a pou nou.
Se chans pou nou menm ki grangou koulye a,
paske n’ap jwenn kont manje.
Se chans pou nou menm k’ap kriye koulye a,
paske n’ap ri.
Se chans pou nou menm lè moun yo ap rayi
nou, lè y’ap rejte nou, lè y’ap fè nou afwon, lè y’ap jete non nou tankou bagay
ki mal, poutèt Pitit moun nan: fè kè nou kontan jou sa a, danse; paske men
rekonpans nou anpil nan syèl la; se konsa reyèlman vre zansèt yo te aji ak
pwofèt yo.
Men madichon pou nou, rich yo, paske n’ap
jwenn konsolasyon nou!
Madichon pou nou, nou menm ki gen vant
plen, paske n’ap grangou!
Madichon pou nou, nou menm k’ap ri koulye
a, paske n’ap plenn, n’ap kriye!
Madichon lè moun yo ap fè konpliman pou
nou! Se konsa reyèlman vre zansèt yo te trete pwofèt manti yo”.
An
nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON:
Nan levanjil jodi a,
nou li pòsyon yo rele “Beyatitid yo”. Beyatitid la se yon mo ke nou ka tradwi kòm “kè kontan”. Pòsyon levanjil sa a ta
kapab ba nou enpresyon Jezi ap pase moun yo nan betiz, nan rizib! Jezi ap di
moun yo se chans pou yo lè y’ap soufri, lè yo grangou, lè yo gen pèsekisyon,
elatriye.
Èske nan mond n’ap viv koulye a se
kalite moun sa yo ki gen chans, oubyen se yo menm k’ap viv nan kè kontan? Okontrè,
nou menm, moun nou konsidere ki gen chans, se moun ki gen manje an abondans,
moun ki gen anpil lajan, moun tout moun apresye, moun sosyete a bay valè….
Ebyen kijan nou dwe konprann levanjil la?
Premyèman Jezi p’ap preche reziyasyon, se
pa mande l’ap mande pèp la rete nan soufrans li, rete nan mizè, san li pa fè jefò
pou li viv ak diyite. Nou konnen byen tè sa
a, se bagay ki la pou yon ti tan. Tout byen yon moun fè sou tè a, lè l’ mouri
li pa prale avèk anyen; byen ki la pou toutan yo, se byen ou fè pwochen w’. Nan
jou Jijman an, se bon zèv ou k'ap sove w', paske pèsonn pa ka achte jistis
Bondye, zannana p'ap pase pou pengwen.
Nan chapit 25 levanjil Matye a, yo pale
sou dènye Jijman an, lè Granmèt la ap jije lèzòm, se daprè charite, daprè mezi
renmen ak konpasyon yo te manifeste pou pwochen yo, daprè jan yo te pratike
lacharite a anvè sila yo ki pi pòv yo, ki pi frajil nan sosyete a.
LAPRIYÈ: Bondye Papa, tanpri fè m' gen yon kè ki
senp, pou mwen kapab akeyi trezò syèl la.
PWOPOZISYON: Batay pou elimine povrete, se pa aksyon moun ki lach, men se aksyon pou
lajistis.(Nelson Mandela)
No hay comentarios:
Publicar un comentario