Koulè Wouj
EKZALTASYON LASENT KWA.
Fèt
PREMYE LEKTI
«Moun
sèpan yo te mòde yo, lè yo gade l’, yo geri»
LEkTI
LIV NONB 21, 4-9
Jou sa
yo:
Pèp la
kòmanse about anba redi vwayaje, redi travay.
Li pale
kont Bondye ak kont Moyiz, li di: «Pouki ou te fè nou soti Ejip la, pou nou
mouri nan dezè a? Pa gen pen, pa gen dlo, nou kòmanse degoute avèk manje fad sa
a».
Se pousa
Granmèt la voye sèpan ki mode-boule nan pèp la; lè yo kòmanse fè moun yo malad,
fè moun yo mouri, anpil moun vin kot Moyiz, yo di: «Nou fè peche, paske nou
pale kont Granmèt la ak kont ou menm: priye pou l’ wete sèpan sa yo sot kote
nou». Moyiz priye pou pèp la.
Granmèt
la pale ak li: «Fè yon sèpan ak kuiv, mete l’ kòm yon siy: moun sèpan yo mòde,
lè l’ gade l’, l’ap viv». Moyiz fè sèpan avèk kuiv, li mete l’ kòm siy; kon
moun sèpan te mòde yo gade l’, yo vin geri.
Pawòl
Granmèt la.
SÒM REPONS 77, 1-2. 34-35.
36-37. 38 (r.: cf; 7b)
R/ Se pou nou pa bliye sa Granmèt la fè.
Pèp
mwen, konsidere ansèyman m’ nan; panche zòrèy ou sou pawòl yo k’ap sòti nan
bouch mwen an.
M’ap
louvri bouch mwen nan parabòl, m’ap pale bagay ki te kache depi lontan anpil.R.
Lè l’
t’ap touye yo a, yo te vin ap chèche l’, yo konvèti, yo vin kote l’ granmaten;
yo vin sonje se Bondye k’ap pote yo sekou; Bondye ki anwo nèt la, se redanmtè
yo.R.
Men yo
ba l’ desepsyon ak bouch yo, ak lang yo yo chèche twonpe l’; kè yo pa t’ dwat
avèk li, yo pa t’ fidèl nan alyans li a.R.
Li menm
menm li te gen mizerikòd, li padonnen peche a, li pa gaye yo.
Anpil fwa
li vire kòlè l’, li pa limen tout move san l’.R.
DEZYÈM LEKTI
«Li rabese pwòp tèt li: se pou sa
Bondye leve l’ anlè».
LEKTI LÈT
APOT PÒL KI SEN, POU FILIPYEN YO 2, 6-11
Jezikri,
malgre li te nan kondisyon Bondye, egal li egal ak Bondye a, li pa t’ konsidere
sa tankou yon bagay li kenbe pou pwòp tèt pa l’, men li vide pwòp tèt li antan
l’ pran kondisyon esklav, li vin tankou tout moun, epi daprè konpòtman l’, yo
wè li se yon moun. Li rabese pwòp tèt li, antan l’ obeyi jous nan lanmò, epi
lanmò kwa a. Se poutèt sa Bondye leve l’ anlè, li ba l’ non an ki anlè tout
non. Konsa, o non Jezi, tout jenou fèt pou plwaye nan syèl la, sou tè a ak anba
tè yo, tout lang pou deklare se Granmèt Jezikri ye nan glwa Bondye Papa a.
Pawòl
Granmèt la.
LEVANJIL
«Yo gen
pou yo leve Pitit moun nan anlè»
MEN BÒN
NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN KI SEN 3, 13-17
Lè sa a:
Jezi di Nikodèm:
«Pèsòn
pa monte nan syèl la, sof sa a ki desann sot nan syèl la, Pitit moun nan ki nan
syèl la. Menm jan Moyiz te leve sèpan an nan dezè a, konsa tou yo gen pou yo
leve Pitit moun nan, pou tout moun ki kwè nan li pa peri, men pou yo gen lavi
tout tan an.
Reyèlman
Bondye sitèlman renmen tè a, li bay Pitit li a, Sèl Pitit li a, pou tout moun ki
kwè nan li pa peri, men pou yo gen lavi tout tan an. Sèke Bondye pa voye Pitit
li a sou tè a pou l’ jije tè a, men pou tè a kapab sove gras a li».
An nou fè
lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON:
Jodi
a Legliz la envite n’ fete Ekzaltasyon Lakwa Granmèt Jezi nou an. Se yon fèt ki
kòmanse menm jou konsekrasyon Bazilik sen “Sepulcre”,
jou ki te 13 septanm nan lane 333, kote yo te konn sòti ak lakwa a deyò nan
pwosesyon pou yo ka venere l’, paske se enstriman Jezi Sovè nou an te itilize
pou l’ te libere nou.
Lakwa, se senbòl
delivrans tout kretyen, se kat idantite nou. Nou
kapab menm sonje sa Jezi te di moun ki vle mache deyè l’ yo: yo dwe pran kwa yo
sou do yo. Se yon envitasyon depi nan kòmansman Jezi lanse bay tout moun ki te
vle vin tounen disip li; nan sans sa a, li vle patizan li yo konprann kòman bèlte
a makonnen ak soufrans la.
Nan premye lekti liv
Nonb lan, nou wè kòman Bondye te endike Moyiz kòman pou l’ fè pou l’ pote
delivrans bay tout moun sèpan yo te pike yo pou yo pa t' mouri. Se deja imaj
lakwa Jezikri a, sila a ki pote lavi sou tè a, vrè lavi a ki sòti nan Bondye
Papa a. Tout moun ki koute pawòl li yo, ki kwè nan yo, y’ap gen lavi pou tout
tan.
Si Jezikri pa t’
aksepte monte sou kwa a, si l’ pa t’ aksepte soufrti tout sa l’ te andire yo,
li pa t’ap kapab rive akonpli gwo misyon sa a Papa l’ te konfye l’ la: temwaye
kokenn chenn renmen ak kè sansib Bondye gen pou limanite. Pandan Jezi aksepte
monte sou kwa a, li ede lemond dekouvri se pa nan vyolans nou kapab rezoud
konfli nou yo, men nan padon, nan bay pwòp lavi nou pou sila a nou renmen an.
Fèt ekzaltasyon lakwa
a kapab fè nou non sèlman dekouvri renmen Bondye pou limanite a travè pwòp
Pitit li a, Jezikri, men tou li kapab ede nou dekouvri tout sakrifis yon paran
ap fè nan redi travay, nan bliye tèt li, pou li rive bay pwòp pitit li sa li
bezwen pou li viv, pou li grandi kòmsadwa, pou li resevwa bon jan fòmasyon, pou
li rive konstwi pwòp avni li.
LAPRIYÈ:
Granmèt, mèsi pou kado ou fè nou kado
Pitit ou a, se li menm ki montre nou chemen lavi a.
PWOPOZISYON:
Kreye yon espas refleksyon sou sans lakwa Jezikri a ki kraze lanmò ak peche a,
lakwa sa a ki sove n’ nan.
No hay comentarios:
Publicar un comentario