Koulè Blan
NOTRE-DAM
DOULÈ
(Memwa)
PREMYE LEKTI
“Lontan,
mwen te derespekte Bondye, men Bondye fè m’ gras”.
KÒMANSMAN PREMYE LÈT APOT PÒL KI SEN, POU
TIMOTE 1, 1-2. 12-14
Pòl, apot Jezikri daprè
kòmandman Bondye sovè nou ak Jezikri espwa nou, pou Timote pitit nou renmen nan
lafwa a. Favè, kè sansib ak lapè sot nan Bondye Papa a ak Jezri Granmèt nou.
Mwen gen rekonesans pou sila a ki ban m’ fòs la, Jezikri Granmèt nou an, paske
li konsidere mwen merite konfyans, li mete m’ nan sèvis la, mwen menm ki te
konn derespekte Bondye lontan, ki t’ap pèsekite legliz la, ki t’ap fè l’afwon ;
men mwen resevwa kè sansib Bondye a, paske mwen pa t’ konnen sa m’ t’ap fè, lè
m’ pa t’ gen lafwa a. Men favè Granmèt nou an te depase mezi, avèk lafwa ak
renmen ki nan Jezikri a.
Pawòl Granmèt la.
SÒM
REPONS 15, l-2a e 5. 7-8. 11
R/ Se ou menm, Granmèt,
ki pòsyon eritaj mwen.
Prezève m’, Granmèt,
paske mwen espere nan ou.
Mwen di Granmèt la :“Se
Granmèt mwen ou ye, Granmèt, pòsyon eritaj mwen avèk kalis mwen : se ou menm ki
kenbe destine mwen”. R.
M’ap fè konpliman pou
Granmèt la ki ban m’entelijans; menm nan nuit ren m’ ban m’ leson.
Mwen te mete Granmèt
la devan fas mwen tout tan, paske li adwat mwen, mwen p’ap tranble.R.
W’ap fè m’ konnen wout
lavi yo, kè kontan k’ap debòde avèk fas ou, plezi adwat ou jous pou tout tan.R.
LEVANJIL
“Èske
yon avèg kapab kondui yon avèg?”
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN
6, 39-42
Lè sa a:
Jezi t’ap di yon parabòl
pou disip yo: “Èske yon avèg kapab kondui yon avèg? Èske yo tou de p’ap tonbe
nan twou? Disip la pa anlè mèt la; l’ap kòrèk nèt, si l’ tankou mèt li. Pouki
sa w’ap gade ti pay la nan je frè w’ la, men gwo bout bwa a ki nan je w’ la
menm, ou pa konsidere l’?
Oubyen kijan ou kapab
di frè w’ la: “Frè m’, kite m’ wete ti pay la sot nan je ou”, epi gwo bout bwa
a ki nan je w’ la menm ou pa wè l’?
Ipokrit, wete gwo bout
bwa a sot nan je ou anvan, aprè sa, w’a wè klè pou w’ wete ti pay la sot nan je
frè w’ la”.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl
Bondye a.
REFLEKSYON:
Nan premye lekti a, apot Pòl manifeste
gratitid ak rekonesans li; li kontan anpil pou gwo chanjman Granmèt la opere
nan lavi li, li rekonèt se Jezikri ki fòs li, se li menm ki wete li nan fènwa
lanmò ak inyorans la pou li kapab fè li wè limyè solèy lavi a, solèy
rezireksyon an.
Pòl se sila a ki te fè
yon rankont pèsonèl ak Kris la, yon rankont okazyonèl, yon rankont ke Pòl pa t’
prepare. Rankont sa a te fèt sou wout Damas.
Se yon gwo mèvèy! Lè
Bondye deside chanje lavi yon moun, pa gen anyen ki ka anpeche li. Pandan Pòl
te sou wout la, aprè li te fin resevwa lòd nan men otorite yo pou li ale
pèsekite kretyen yo, Jezi pale ak li, antan li site non li, e li mande li
poukisa l’ap pèsekite li konsa. Pòl te vin avèg, men aprè sa zye li te louvri
pou li te kapab wè pi klè, pou li te kapab kontanple mèvèy Bondye. Sa fè nou
konprann, lè yon moun ap viv lwen Bondye, moun sa li vrèman avèg, e puiske li
avèg li se yon moun ki pa kapab devlope, yon moun kokobe, yon moun andikape.
Lanmou Bondye se yon bagay nou pa kapab konpare ak anyen, se yon mistè ke nou
pa kapab konprann. Bondye chwazi Pòl ki t’ap pèsekite Legliz la pou li te kapab
fè li tounen avoka Bòn Nouvèl la.
Mezanmi li pa janm twò
ta pou Bondye pote chanjman nan lavi yon moun. Anpil fwa, lè nou ale lamès, lè
nou batize, nou kominye, konfime, marye, nou konn panse se nou ki pi bon pase
tout moun; sa konn fè nou gen yon atitid pou respouse lòt yo, nou konn panse se
“ka pèdi” yo ye, sa vle di, yo se manje dyab la.
Jodi a, li enpòtan pou
nou panse yon lòt fason, pou nou envite lòt yo antre nan Legliz la, pou nou
pale yo de Jezi, pou yo menm tou yo rive rankontre ak Kris la epi pou rankont
sa pote yon chanjman kapital nan lavi yo. Lè sa pawòl apot la va tounen pawòl
nou chak: Se pa mwen k’ap viv ankò, men se Kris la k’ap viv nan mwen.
Si nou vle lavi nou
chanje tout bon vre, nou dwe ouvri kè nou bay Lespri Sen an pou li kapab wete
tout salte ki ladan li e nou dwe depi kounye a pran modèl sou Mèt nou, Jezikri.
Si nou fè yon pa, Bondye ap fè katrevendiznèf pa pou nou.
An mande Bondye ba nou
odas ak entelijans pou nou kapab travay pou fè rèy li an avanse, pou glwa pa li
ak pou delivrans pa nou. Ann mande li ede nou, pou nou kapab sispann viv nan
ipokrizi ak lòt yo nan pretann nou pi bon pase yo, paske lè nou gen konpòtman
sa, se pa ni Bondye ni lòt yo n’ap twonpe, men se pwòp tèt nou n’ap twonpe, e
lè sa a chak jou pi plis nou vin pi lwen chemen Bondye. Se pou li ba nou yon kè ki senp e ki devwe
menm jan li te fè pou Sen Pòl, dekwa pou limyè li a kapab klere nou, pou nou
tounen limyè pou frè ak sè nou yo.
LAPRIYÈ:
Bondye, menm jan ou te fè pou Pòl, tanpri chanje lavi nou.
PWOPOZISYON: M’ap
dekouvri kisa ki fè m’ avèg espirityèlman.
No hay comentarios:
Publicar un comentario