Koulè Vèt
PREMYE
LEKTI
"Li
vini sou tè sa a pou l’ sove pechè yo".
LEKTI PREMYE LÈT APOT PÒL KI SEN, POU
TIMOTE 1, 15-17
Ou menm mwen renmen
anpil la :
Pawòl sa a merite konfyans,
li merite yo resevwa l’: Jezikri vin sou tè sa a pou l’ sove pechè yo, mwen
menm mwen se premye nan yo. Men mwen jwenn padon, dekwa pou se nan mwen menm an
premye Jezikri te montre tout pasyans li, pou m’ sèvi modèl pou sila yo ki te
gen pou yo kwè nan li yo pou lavi tout tan an.
Wa syèk tan yo, ki p’ap
mouri a, li menm yo pa kapab wè a, sèl Bondye a, lwanj ak konpliman pou li pou
tout tan gen tan. Amèn.
Pawòl Granmèt la.
SÒM
REPONS 112, 1-2. 3-4. 5a e 6-7 (r.: cf. 2)
R/ Se pou non Granmèt la
beni pou tout tan.
Fè lwanj, ti moun
Granmèt la, fè lwanj pou non Granmèt la.
Se pou non Granmèt la
beni depi koulye a ak pou tout tan.R.
Depi kot solèy leve
jous kote l’ kouche non Granmèt la merite lwanj.
Granmèt la anlè nèt
anwo tout nasyon yo, anlè syèl yo bèlte l’ ye.R.
Kilès ki tankou Granmèt
Bondye nou an,
ki voye je sou pòv yo
nan syèl la ak sou tè a?
Li leve pòv la sot atè
a, li drese malere a sot nan fatra a.R.
LEVANJIL
"Pouki
sa n’ap rele m’ "Granmèt", epi nou pa fè sa m’ di?"
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN LIK 6,
43-49
Lè sa a: Jezi t’ap di
disip li yo:
"Yon bon pye bwa pa
bay move fwi; ni yon move pye bwa pa bay bon fwi. Chak kalite pye bwa, yo
rekonèt li nan fwi l’. Yo pa keyi pikan sou
pye fig frans, yo pa rekòlte rezen sou pye raje. Yon bon moun, se nan trezò kè
l’ li pran sa k’ bon; yon move moun, se nan move trezò a li pran sa k’ mal la;
paske sa k’ debòde sot nan kè a, se sa bouch la pale.
Pouki sa n’ap rele m’:
'Granmèt, Granmèt', epi nou pa fè sa m’ di? Tout moun ki vin jwenn mwen epi ki
koute pawòl mwen yo, ki fè yo, m’ap montre nou ak kisa li sanble.
Li sanble ak yon moun
ki bati yon kay, li fouye fon, li poze fondasyon sou wòch; lè gen inondasyon,
larivyè a fonse sou kay sa a, men li pa reyisi souke l’; paske li te bati sou
wòch.
Men moun k’ap koute
epi ki pa fè, li sanble ak yon moun ki bati kay li sou tè ki pa gen fondasyon,
larivyè a fonse sou li, menm lè a li tonbe, kay sa a kraze nèt".
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl
Bondye a.
REFLEKSYON:
Se avèk yon ekzanp ki trè pratik ke Jezi
ap envite nou pran konsyans de misyon nou kòm kretyen, kòm pitit Bondye, kòm
moun ki gen yon misyon sou tè a. Gen yon pwovèb kreyòl ki di «Pitit tig se
tig», se menm bagay ak lòt pwovèb ki di «Joumou pa donnen kalbas». Se nan menm
sans sa a tou Jezi ap di nou «Yon bon pye bwa pa bay move fwi; ni yon move pye
bwa pa bay bon fwi».
Nou menm, nou te ka di
nou se bon pye bwa, puiske rasin nou se nan Bondye li ye. Men nou rekonèt nou
gen salte peche a nan nou akoz dezobeyisans nou. Poutan Bondye ba nou mwayen
pou nou rekipere nou, pou nou pwòpte tèt nou, nan sakreman rekonsilyasyon an. Li
ba nou Lespri li pou pirifye nou, sanktifye nou. Men èske nou fè nou dosil nan
men Lespri a? Èske nou vle pote bon fwi tout bon vre?
Depi nan batèm nou nou
te deside angaje nou pou nou sèvi Bondye nèt ale, san gade dèyè, san melanj
sòlòkòtò. Nan yon sans, Legliz la jounen jodi a envite nou renouvle kokenn
chenn angajman sa a.
Angajman sa fèt nan de
fason: yon premye fason se tande pawòl Bondye epi pataje li, simaye li (temwaye
de renmen, padon ak mizerikòd Bondye ki san limit, menm jan Pòl fè sa nan
premye lekti a).
Dezyèm fason pou
n’angaje nou ak pawòl lavi a, se tande pawòl la, epi kite li transfòme pwòp
lavi nou. «Chak kalite pye bwa, yo rekonèt li nan fwi li».
Konsa, sa ki enpòtan,
se pa frape lestomak nou pou di «mwen se kretyen», men se fè sa pawòl Bondye a
pase nou lòd fè. Pèson pa ka kretyen pou bèl non. Non
kretyen an se pa yon dra pou kouvri. Se aksyon w’ k’ap di si ou kretyen. Tande
mesaj la pa sufi, nou dwe viv li, nou dwe materyalize li nan lavi nou.
LAPRIYE:
Bondye Papa, mèsi pou Jezikri ou ba nou ki se prezans ou k’ap aji nan mitan
nou. Fè nou akeyi mesaj li a nan lavi nou. Amèn.
PWOPOZISYON: Reflechi sou kalite fwi mwen pote lakay mwen, nan
fanmi mwen, nan kominote a.
No hay comentarios:
Publicar un comentario