Koulè Vèt.
VENNKATRIYÈM DIMANCH TAN ÒDINÈ, ANE A.
PREMYE LEKTI
"Padonnen pwochen ou k’ap fè ou ditò, lè sa a peche ou ap efase lè w’ap
lapriyè".
LEKTI LIV
SIRASID 27, 33-28, 9
Kòlè ak raj, toulede se bagay ki lèd; moun ki nan peche
a, li genyen yo nan li.
Moun ki vle tire vanjans la, l’ap jwenn vanjans nan men
Granmèt la, k’ap kenbe peche l’ yo byen kenbe.
Padonnen pwochen ou k’ap fè ou ditò, lè sa a peche ou
yo ap padonnen lè w’ap lapriyè.
Yon moun kenbe
kòlè a kont yon lòt, epi l’ap mande Bondye gerizon. Li pa gen pitye pou moun
parèy li, epi l’ap lapriyè pou peche l’ yo. Li menm, ki se chè, li kenbe kòlè a,
epi l’ap mande Bondye pou padonnen peche l’: kilès k’ap lapriyè pou fot li yo? Sonje dènye
tan yo epi sispann fè rayisans; sèke gen menas maladi ak lanmò nan kòmandman l’
yo.
Sonje respè
Bondye epi ou p’ap fè kòlè kont pwochen an. Sonje kontra Sila a ki anwo nèt la epi
pa okipe sa pwochen ou nan fè san l’ pa konnen an.
Pawòl Granmèt
la.
SÒM REPONS
102, 1-2. 3-4. 9-10. 11-12 (r.: 8)
R/Granmèt la pran pitye, li sansib, li pran pasyans, li gen
anpil kè sansib.
Fè konpliman
pou Granmèt la, nam mwen;
tout sa k’
anndan m’, fè konpliman pou non l’ ki sen.
Fè konpliman
pou Granmèt la, nam mwen, pa bliye tout sa l’ fè yo.R.
Li menm ki
padonnen tout fot ou yo, ki geri tout maladi ou yo;
li menm ki delivre
lavi ou sot nan fòs la, ki kouwonnen ou ak kè sansib, ak pitye.R.
Se pa pou
tout tan l’ap fè diskisyon, se pa pou tout tan li fache.
Se pa daprè peche
nou yo li trete nou, ni daprè fot nou yo li renmèt nou.R.
Sèke otan syèl
la wo anlè tè a, kè sansib li debòde sou sila yo ki respekte l’ yo; otan solèy
leve lwen ak solèy kouche, li ranvwaye peche nou yo lwen nou.R.
DEZYÈM LEKTI
"Swa n’ap viv, swa nou mouri, se pou Granmèt la nou ye".
LEKTI LÈT
APOT PÒL KI SEN POU WOMEN YO 14, 7-9
Frè m’ yo:
Pèsònn nan
nou pa viv pou pwòp tèt li, epi pèsòn pa mouri pou pwòp tèt li. Sèke si n’ap viv, se pou Granmèt la n’ap viv; si nou mouri, se pou
Granmèt la nou mouri. Konsa, swa n’ap viv, swa nou mouri, se pou Granmèt la nou
ye.
Se pou sa reyèlman
vre Jezikri mouri, li leve, pou l’ kòmande ni moun ki mouri yo ni moun ki vivan
yo.
Pawòl Granmèt
la.
LEVANJIL
"Mwen pa di ou pou ou renmèt jouska sèt fwa, men jouska swasanndis
fwa sè fwa"
MEN BÒN
NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE 18,
21-35
Lè sa a:
Pyè pwoche
kot Jezi, li di: "Granmèt, si frè m’ fè peche kont mwen, konbyen fwa pou m’
padonnen? èske se sèt fwa?" Jezi di l’: "Mwen pa di ou jouska sèt fwa,
men jouska swasanndis fwa sèt fwa.
Se pousa rèy syèl yo sanble ak yon wa ki te vle regle
avèk sèvitè l’ yo. Lè l’ kòmanse regle, yo mennen
youn ba li ki te dwe di mil goud. Kòm li pa t’ gen dekwa pou l’ renmèt, mèt li
pase lòd pou yo vann li, ansanm ak madanm li, ak pitit li yo, ak tout sa l’ te
genyen, pou l’ kapab renmèt. Men sèvitè a menm lage kò l’ atè, li lapriyè l’,
li di: «Pran pasyans avèk mwen, m’ap renmèt ou tout bagay». Mèt sèvitè sa a
pran pitye pou li, li lage l’, li padonnen l’ dèt li a.
Men kon
sèvitè sa a sòti, li rankontre youn nan sa k’ konn sèvi ansanm avèk li yo, ki te
dwe l’ san goud; li sezi l’, pou l’ toufe l’, li di: «Renmèt sa ou dwe». Sèvitè
sa a lage kò l’ atè, li lapriyè l’, li di: «Pran pasyans avèk mwen, m’ap renmèt
ou tout bagay». Li menm menm, li refize, li pati, li voye l’ nan prizon joustan
li renmèt dèt la.
Lè lòt sèvitè
yo wè sa l’ te fè, yo pran chagren anpil, yo rive, yo rakonte mèt li tout sa k’
te pase. Mèt li rele l’, li di l’: «Move sèvitè, mwen te renmèt ou tout dèt la,
paske ou te lapriyè m’; èske ou menm tou ou pa t’ dwe pran pitye pou sila a k’ap
sèvi ansanm avèk ou a, menm jan mwen te pran pitye pou ou a?» Mèt li fache, li
renmèt li bay gad yo, joustan li renmèt tout sa l’ te dwe.
Se konsa tou
Papa m’ ki nan syèl la ap fè avèk nou, si nou chak nou pa padonnen frè nou ak
tout kè nou.
REFLEKSYON:Kòlè ak raj, toulede se bagay ki lèd: yo se
karateristik yon moun ki nan peche paske ; moun ki nan peche a, li genyen yo
nan li. Bagay sa yo kapab mennen moun nan yon fòm esklavaj kote li vin pèdi
sans peche a, kote peche a vin tounen yon chèn.
Liv Sirasid la ede nou konprann kòman nou ka jwenn mizerikòd
Bondye si nou pratike mizerikòd ak pwochen nou : si w’ap lapriyè pou
Bondye tande w’, ou pa ka ap kontinye ap kembe lòt moun nan kè.
Kidonk, sa vle di nou dwe wè
pwochen nou an kòm yon vrè kado Bondye ba nou, yon kado nou dwe bay anpil valè.
Anpil fwa nou bliye si Bondye idantifye li
ak chak moun. Bondye prezan nan lòt yo, pou rezon sa a, respè nou genyen
pou chak moun, se respè nou genyen pou Bondye li menm menm.
Sòm 102 a di nou Bondye pran
pasyans, li gen kè sansib ; se poutèt sa li toujou disponib pou l’ koute
moun ki gen kè yo senp.
Nan levanjil la, Pyè mande Jezi konbyen fwa li dwe
padone frè l’ak sè l’ : «Èske se sèt
fwa?». Jezi reponn li : «Mwen pa
di w’ jouska sèt fwa, men jouska swasanndis fwa sèt fwa».
Sa vle di, nou menm k’ap swiv Jezikri nou pa dwe
viv nan egoyis sinon nan renmen youn pou lòt. Nou pa kapab mezire padon an,
paske Bondye pa mezire renmen ak mizerikòd li pou nou. Nan yon mond ki make ak vyolans ak vanjans,
Bondye rele kretyen an pou fè diferans. Jezi ban nou ekzanp padon an sou lakwa a
lè li te padone tout moun ki te fè l’ ditò.
LAPRIYÈ: Granmèt, montre nou
padone selon dimansyon padon ak mizerikòd ou.
PWOPOZISYON:Mwen
se yon moun k’ap tonbe-leve sou chemen lafwa a, lè pwochen mwen tonbe m’ap ba
li men pou ede li leve.
No hay comentarios:
Publicar un comentario