Koulè Vèt.
PREMYE LEKTI
"Se pou yo lapriyè pou tout moun kot Bondye, li menm ki vle pou tout
moun sove".
LEKTI PREMYE
LÈT APOT PÒL KI SEN, POU TIMOTE 2,1-8
Ou mnem mwen
si tèlman renmen an:
Mwen mande
tou dabò pou yo pèsiste kot Bondye, pou yo lapriyè, pou yo fè demann, pou yo di
mèsi, pou tout moun: pou wa yo ak tout moun ki nan yon plas ki wo, dekwa pou
nou kapab viv an pè, byen trankil, nan tout devwa relijyon an, antan nou serye.
An verite, se sa ki bon, se sa ki fè Bondye Sovè nou an plezi, li menm ki vle
pou tout moun sove, pou yo rive jwenn konesans verite a.
Sèke se yon
sèl Bondye ki genyen, se yon sèl entèmedyè tou ki genyen ant Bondye ak lèzòm, se
moun sa a, ki Kris la, Jezi, li menm ki renmèt pwòp tèt li kòm pri delivrans
pou tout moun, kòm temwayaj nan tan ki byen chwazi yo; se pou temwayaj sa a menm
yo mete m’ kòm moun k’ap preche ak kòm apot (se laverite mwen di, mwen pa bay
manti), kòm pwofesè nasyon yo nan lafwa ak laverite.
Konsa mwen vle
pou moun yo lapriyè tout kote, antan yo leve men ki pwòp, san kòlè ni diskisyon.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 27, 2. 7. 8-9 (r.: 6)
R/Konpliman pou Granmèt la, paske li koute vwa lapriyè m’.
Koute vwa
lapriyè m’, pandan m’ap rele kote ou, pandan m’ap lonje men m’ kot kay sakre ou
la. R.
Granmèt sekou
m’ ak pwoteksyon m’, nan li kè m’ espere, mwen jwenn sekou, kè m’ap fete, m’ap
fè lwanj li ak kantik mwen.R.
Granmèt la se
fòs pèp li a, se kachèt delivrans kris li a.
Sove pèp ou a,
beni eritaj ou a, swen yo, pote yo sekou tout tan.R.
LEVANJIL
"Menm
nan Izrayèl mwen pa jwenn kalite lafwa sa a".
MEN BÒN
NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN LIK 7,1-10
Lè sa a:
Lè Jezi fin pale tout pawòl li yo nan zòrèy pèp la, li
antre Kafanawòm. Yon kapitèn te gen yon sèvitè
ki te malad, ki te prèt pou mouri, li te renmen sèvitè a anpil. Lè l’ tande pale
sou Jezi, li voye ansyen yo nan Juif yo kote l’, pou lapriyè l’, pou l’ vin sove
sèvitè l’ la.
Yo menm, lè
yo rive kot Jezi, yo lapriyè l’ avèk ensistans, yo di l’: "Li merite pou ou
rann li sèvis sa a; li renmen nasyon nou an, se li menm ki bati kay reyinyon an
pou nou". Jezi menm ta prale avèk yo.
Pandan li pa t’
lwen kay la, kapitèn nan voye zanmi l’ yo kote l’, li di: "Granmèt, pa
fatige ou; sèke mwen pa merite pou ou antre lakay mwen. Se poutèt sa mwen pa t’
konsidere mwen merite pou ou vini kote m’; men di yon pawòl, epi sèvitè m’ nan
ap geri; sèke mwen menm mwen se yon moun ki anba pouvwa lòt moun, mwen gen
sòlda anba lòd mwen, mwen di sila a: 'Ale', epi li ale; epi lòt la 'Vini', epi
li vini; epi sèvitè m’ nan: 'Fè sa', epi li fè l’".
Lè Jezi tande
sa, li sezi, li vire kot foul yo ki t’ap suiv li a, li di: "An verite mwen
di nou, menm nan Izrayèl mwen pa jwenn kalite lafwa sa a".
Sila yo li te
voye a, yo tounen lakay la, yo jwenn sèvitè a ki te malad la, li geri".
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Nan premye lekti a,
Sen Pòl ankouraje nou pou nou met konfyans nou nan Jezikri sèl, li menm ki
pataje sa Bondye ye, e ki fè pon ant Bondye ak lèzòm.
Kris la, Jezi renmèt pwòp tèt li kòm pri delivrans
pou tout moun, kòm temwayaj nan tan ki byen chwazi yo ; se pou temwayaj sa
a menm yo mete m’ kòm moun k’ap preche, kòm apot (se laverite mwen di, mwen pa
bay manti), kòm pwofesè nasyon yo nan lafwa ak laverite.
Litiji Pawòl Bondye pou jodi a
envite nou reflechi sou enpòtans «Lafwa».
Nan levanjil la, kapitèn nan montre li
se yon nèg ki ten gen anpil imilite ak lafwa nan fason li te entèsede pou
sèvitè li a : «Mwen menm mwen se yon moun ki anba pouvwa lòt moun, mwen gen
sòlda anba lòd mwen, mwen di sila a: 'Ale',
epi li ale; epi lòt la 'Vini', epi li vini; epi sèvitè m’ nan: 'Fè sa', epi li fè l’ ; Granmèt, pa
fatige w’; sèkè mwen pa merite pou w’ antre lakay mwen. Se poutèt sa mwen pa t’
konsidere mwen merite pou ou vini kote m’; men di yon sèl pawòl, epi sèvitè m’
nan ap geri.» Se pawòl lafwa sa a nou repete nan lamès avan nou resevwa
Lakominyon an (paske nou pa janm merite resevwa Jezi akòz kè nou pa janm fin
pwòp, men nou konsidere se gras li k’ap fè nou vin bon).
Frè ak sè m’ yo, ekzanp kapitèn nan dwe sèvi nou
menm k’ap viv nan tan sa a, kote ki gen tout sa ki ka fè lafwa nou febli :
maladi, krim tout kalite, pèsekisyon, sitiyasyon pa ka peye kay, trayizon,
elatriye.
Yon bon kretyen, se yon moun ki wè pi lwen, li pa
kite anyen sekwe li, li pa kite anyen distrè li, paske li gen je li fikse byen
fikse sou Jezi. Se chans pou moun ki
kenbe lafwa li fèm nan Granmèt la !
LAPRIYÈ: Bondye Papa, tanpri fè lafwa nou vin pi fèm chak jou pou
anyen pa kapab sekwe li. Pa pouvwa Jezikri. Amèn
PWOPOZISYON: Pou m’ ka wè pi klè, m’ap fikse je mwen sou Jezi.
No hay comentarios:
Publicar un comentario