Koulè
Vèt.
PREMYE LEKTI
"Bati
kay la, m’ap jwenn plezi m’ nan li".
KÒMANSMAN LIV PWOFÈT AJE 1,1-8
Nan dezyèm ane wa Dariyis la, sou sizyèm mwa a, nan premye jou mwa a, pawòl
Granmèt la rive pa lantremiz pwofèt Aje sou Zowobabèl, pitit Salatyèl, chèf Jida,
epi sou Jezi, pitit Losedèk, prèt an chèf la, li di: "Men pawòl Granmèt
lame yo, ki di: Pèp sa a di: «Li pa ko rive, tan pou bati kay Granmèt la».
Pawòl Granmèt la rive pa lantremiz pwofèt Aje, li di: «Èske tan an rive
pou nou pou nou abite nan kay ki byen plafonnen, epi kay sa a menm pèsòn pa
okipe l’? Koulye a men pawòl Granmèt lame
yo: «Kalkile nan kè nou sou wout nou yo. Nou simen anpil, men nou rekòlte yon
ti kras; nou manje, men nou pa gen vant plen; nou bwè, men nou pa pase swaf
nou; nou abiye nou, men nou pa cho; moun ki ranmase pri travay li, li mete yo
nan yon bous ki gen twou».
Men pawòl Granmèt lame yo: «Kalkile nan kè nou sou wout nou yo, monte
sou mòn nan, pote bwa, bati kay la, l’ap fè m’ plezi, m’ap jwenn bèlte m’ nan
li», deklarasyon Granmèt la".
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 149, 1-2. 3-4. 5-6a e 9b (r.: 4a)
R/ Granmèt la jwenn
plezi nan pèp li a.
Chante pou
Granmèt la yon kantik nouvo; lwanj li nan legliz sen yo.
Se pou Izrayèl kontan nan sila a ki fè l’ la, se pou pitit Siyon yo danse
pou wa yo.R.
Se pou yo fè lwanj pou non l’ avèk dans, sou tanbou ak gita se pou yo
chante pou li.
Paske Granmèt la jwenn plezi nan pèp li a,
L’ap fè pòv yo jwenn konsiderasyon nan delivrans la.
Se pou sen yo fete nan bèlte a, se pou yo kontan sou kabann yo.
Lwanj Bondye yo nan bouch yo: bèlte sa a pou tout sen l’ yo.R.
LEVANJIL
«Jan, mwen te
fè koupe tèt li ! Kilès sila a mwen tande tout bagay sa yo sou li a?»
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN LIK 9, 7-9
Lè sa a:
Ewòd, ki te chèf ka peyi a, tande tout sa Jezi te fè; li t’ap ezite,
paske gen kèk moun ki t’ap di se Jan ki leve sot nan pami mò yo, dòt menm t’ap
di se Eli ki parèt, dòt ankò t’ap di se yon pwofèt nan sa lontan yo ki leve.
Ewòd menm di: «Jan, mwen te fè koupe tèt li! Kilès sila a mwen tande
tout bagay sa yo sou li a?" Epi li t’ap chèche pou l’ wè l’.
An nou fè
lwanj ak konpliman pou Pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Anpil moun tande pale de Jezi. De jou an jou plis moun ap
chèche konnen li. Opinyon moun yo chita
sou yon liy pwofetik: «se Jan ki leve sot nan pami mò yo;
se Eli ki parèt; se yon pwofèt nan sa lontan yo ki
leve. Ewòd vle konnen Jezi.
Nou ta ka kapab li tèks la tankou yon ankèt popilè. Yo
ta vle wè Jezi tankou yon gran pwofèt, ki an relasyon ak Jana k Eli. Ewòd li
menm, li pa renmen tande pale de pwofèt paske li konsidere pwofèt yo tankou
moun k’ap twouble lapè nan sosyete a; men sa pa vle di li rejte yo totalman, li
vrèman gen anpil kiryozite pou li konnen Jezi lè li tande pale de li.
Sen Ogisten di nou: «Bondye pa vin pi gran akoz
konesans moun ki rankontre li yo, men moun ki rankontre li yo vin pi gran akoz
konesans yo genyen sou Bondye.»
LAPRIYÈ: Jezi Granmèt, fè mwen anvi konnen kilès ou ye,
se pa pou m’ konnen plis bagay sou ou, men pou mwen suiv ou e renmen ou.
PWOPOZISYON: Si mwen mwen
viv nan renmen san ipokrizi, m’a konnen kilès Jezi ye.
No hay comentarios:
Publicar un comentario