Páginas

MÈKREDI 27

Koulè Vèt
PREMYE LEKTI
“Nan esklavaj nou an, Bondye pa t’ lage nou”.
NAN LIV ESDRAS 9, 5-9
Mwen menm, Esdras, nan sakrifis aswè a, mwen leve sot nan soufrans mwen an, mwen chire manto m’ ak chemiz mwen, mwen met jenou m’ atè, mwen leve men m’ kot Granmèt Bondye mwen, mwen di:
“Bondye m’, mwen wont, mwen jennen pou m’ leve fas mwen kote ou, paske peche nou yo vin anpil sou tèt nou, fot nou yo devlope jous nan syèl la, depi sou jou zansèt nou yo. Men nou menm tou nou fè peche ki lou jous nan jou jodi a; pou peche nou yo yo lage nou, ni nou menm ni wa nou yo ni prèt nou yo, nan men wa yo sou tè a, nan epe, nan ekzil, nan piyay, ak nan lawont figi, tankou jodi a menm.
Koulye a, tankou yon ti kras pou yon ti moman, lapriyè nou rive kot Granmèt Bondye nou an, pou yo lage rès nou yo, pou yo ba nou yon ti pikèt joupa nan kote l’ ki sen an, pou Bondye nou an klere je nou, pou l’ ba nou yon ti lavi nan esklavaj nou an.
Sèke nou se esklav, men nan esklavaj nou an Bondye nou an pa t’ lage nou; okontrè li fè nou jwenn kè sansib devan wa Pès yo, pou l’ ba nou lavi, pou l’ fè kay Bondye nou an vin bèl, pou l’ drese miray li yo ki te kraze yo, pou l’ ba nou yon lantouraj nan Jida ak Jerizalèm”.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS Tob 13, 2. 4. 6. 7. 8
R/ Granmèt, ou gran, pou tout tan.
Sèke se ou menm ki pini, ki sove, ki kondui anba tè, ki ramne, pèsonn pa chape nan men ou.R.
Sèke li te gaye nou nan pami nasyon yo, ki pa rekonèt li yo, pou nou te kapab rakonte mèvèy li yo, pou nou te kapab fè konnen yo, paske pa gen okenn Bondye ki gen tout pouvwa sof li menm.R.
Konsidere sa l’ fè nou, avèk respè ak krent se pou nou fè lwanj pou li, fè lwanj wa syèk tan yo nan aksyon nou yo.R.
Mwen menm nan tè kote m’ ekzile a, m’ap fè lwanj li, paske li montre bèlte l’ nan yon nasyon ki nan peche.R.
Konsa se pou nou tounen, pechè yo, fè sa ki korèk devan Bondye, antan nou kwè l’ap fè kè l’ sansib pou nou.R.
LEVANJIL
“Li voye yo preche rèy Bondye a, pou yo geri malad yo”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN LIK 9, 1-6
Lè sa a:
Jezi rele douz Apot yo, li ba yo fòs ak pouvwa sou tout demon yo, epi pou yo geri maladi yo. Li voye yo preche rèy Bondye a, epi geri malad yo.
Li di yo: “Pa pran anyen sou wout la, ni baton, ni sak, ni pen, ni lajan, pa gen de chemiz. Nan nenpòt ki kay nou antre, rete la, epi se la pou nou deplase al yon lòt kote. Moun ki pa resevwa nou, sòti nan lavil la, menm pousyè pye nou, souke l’ kòm temwayaj kont yo”. Yo pati, yo fè tout tou a, nan bouk yo, y’ap preche levanjil la, y’ap fè gerizon tout kote.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Nan premye Lekti a, Esdras eksprime tout santiman ki nan kè li kòm yon gwo lapriyè bay Bondye. Pawòl li yo sanble plen ak sajès, regrè ak rekonesans: “Bondye m’, mwen wont, mwen jennen pou m’ leve fas mwen kote ou, paske peche nou yo vin anpil sou tèt nou, fot nou yo devlope jous nan syèl la, depi sou jou zansèt nou yo. Men nou menm tou nou fè peche ki lou jous nan jou jodi a…”
Nou dwe reveye nou pou nou fè lapè ak Bondye. Lè nou pran inisyativ sa, ebyen nou deja di non ak satan, nou di non ak sa l’ap pwopoze nou e nou deja siyen pou gouvènman Bondye a.
Apot Pòl di nou «kote peche ap miltipliye, se la sous lagras Bondye jayi ak plis fòs»; men èske sa vle di pou nou chwazi kontinye benyen nan peche a? Non. Lè nou santi nou lèd, lè nou santi nou jennen ak Bopndye, lè nou santi nou wont devan li, lè sa fòk nou pran desizyon pou nou mete jenou nou atè, pou nou lapriyè pou Bondye kapab montre nou mizerikòd li.
Gen yon tewolojyen ki te di, lè nou ajenou devan Bondye se lè sa a nou gran.
Kidonk, lè nou fè nou tou piti devan Bondye, lè sa Bondye li menm li leve nou, li ba nou lebra, li soutni nou, li divinize nou, li mete nou byen wo.
Levanjil jodi a kapab ede nou konprann sa byen: Jezi rele douz mesye li te chwazi pou mache ak li yo. Puiske li te gen tan ba yo tout lansyèman, tout fòmasyon ki nesesè, kounye a li konvoke yo, li fè yon ti reyinyon ak yo, li voye yo nan misyon e li ba yo kèk enstriksyon sou fason yo dwe reyalize misyon sa. Antan li ba yo fòs ak pouvwa pou domine tout demon yo, li voye yo al fè de (2) bagay: preche rèy Bondye a epi geri malad yo. Sa se yon bagay ekstrawòdinè! Jezi delege pwòp pouvwa li bay disip yo, li voye yo al fè sa li menm li konn fè.
Nou menm tou, se chak jou Jezi ap rele nou pou nou tounen disip misyonè, pou nou al fè mirak, leve mò yo, preche rèy Bondye, geri malad, chase demon. Deja depi nan batèm nou nou te resevwa bèl misyon sa a; nou kominye nan sakreman kò ak san Jezi, pou nou kapab tounen sa li menm li ye a, pou nou kapab fè yon sèl ak li, pou nou ka pran fòs nan li pou nou reyalize misyon an.
Men, lè nou konfime nan lafwa, lè nou resevwa sakreman Konfimasyon an, se lè sa nou resevwa an plenitid fòs ak kado Lespri Bondye a, pou nou ale toupatou al fè patizan pou Granmèt la; se lè sa nou vin tounen tout bon vre temwen Jezikri, temwen Legliz la, kretyen granmoun nan lafwa.
Jodi a apot  yo pa la, misyon an se nan men nou li ye, travay liberasyon tè a, se nan men nou tout ki batize Jezi kite li. Se pou nou branche nou nan Bondye pou nou ka gen laviktwa sou tout fòs mal yo, pou misyon nou kapab pote siksè. Amèn Alelouya!
LAPRIYÈ: Granmèt, mèsi paske ou chwazi mwen kòm asosye ou nan travay liberasyon tè a; tanpri, toujou ban mwen fòs ak kouraj ou pou mwen kapab fè sa ou vle san mwen pa gade dèyè.

PWOPOZISYON: Vizite yon moun ki malad oubyen moun ki nan prizon, lapriyè ak li.

No hay comentarios:

Publicar un comentario