Páginas

JEDI 31

Koulè Vèt.
PREMYE LEKTI
"Se pou Granmèt la fè nou depase limit charite nou genyen youn pou lòt la".
LEKTI PREMYE LÈT APOT PÒL KI SEN POU TESALONISYEN YO 3, 7-13
Nan mitan tout kè sere ak tray nou, nou jwenn konsolasyon nan nou, frè m’ yo, poutèt lafwa nou an; koulye a nou kapab viv, paske nou menm nou kenbe fèm nan Granmèt la. Ki mèsi nou kapab renmèt Bondye pou nou pou tout kè kontan sa a n’ap jwi a poutèt nou devan Bondye nou an, antan n’ap lapriyè lannuit ak lajounen an kantite, pou nou kapab wè fas nou, pou nou konplete sa k’ manke nan lafwa nou?
Bondye Papa nou, ak Granmèt nou Jezikri, se pou l’ dirije chemen nou jous lakay nou. Nou menm menm se pou Granmèt la fè nou devlope, se pou l’ fè nou depase limit charite nou genyen youn pou lòt la ak pou tout moun, menm jan nou genyen l’ pou nou an; konsa se pou l’ kenbe kè nou fèm san repwòch nan sa ki sen an devan Bondye Papa nou, pou jou Granmèt nou Jezikri ap vini ansanm ak tout sen l’ yo. Amèn.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 89, 3-4. 12-13. 14 e 17 (r.: 14)
R/ Plen nou, Granmèt, ak kè sansib ou a, pou nou fete.
Ou fè moun nan tounen nan pousyè; ou di: "Tounen, pitit moun yo".
Sèke mil ane devan je ou se tankou jounen yè a ki pase, ak yon vèy nan nuit.R.
Aprann nou konte jou nou yo, pou nou mete kè nou nan chemen sajès la.
Tounen, Granmèt, jouskilè? Pran pitye pou sèvitè ou yo.R.
Plen nou depi granmaten ak kè sansib ou a, n’a fete, n’a gen kè kontan tout jou nou yo.
Se pou bèlte Granmèt Bondye nou an sou nou, garanti travay men nou an sou nou, travay men nou, garanti l’.R.
LEVANJIL
"Ret pare".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN MATYE 24, 42-51
Lè sa a: Jezi di disip li yo:
"Veye, paske nou pa konnen kilè Granmèt nou an gen pou l’ vini. Aprann sa, si pèd-fanmi na te konnen kilè vòlè a t’ap vini, li t’ap veye sètènman, li pa t’ap kite yo kase kay li a. Konsa nou menm tou se pou nou pare, paske nou pa konnen kilè Pitit moun nan gen pou l’ vini.
Kilès sèvitè ki fidèl, ki gen sajès, daprè nou, pou mèt li enstale 1’ sou fanmi li, pou l’ bay moun yo manje nan tan yo? Se chans pou sèvitè sa a, si lè mèt li rive, li jwenn li ap fè sa. Amèn mwen di nou, se sou tout byen l’ yo l’ap enstale l’.
Men si move sèvitè sa a di nan kè l’: 'Mèt mwen pran tan pou l’ vini', epi li kòmanse ap frape lòt sèvitè l’ yo, l’ap manje, l’ap bwè avèk moun sou yo: mèt sèvitè sa a ap rive jou li pa espere, ak lè li pa konnen; l’ap jete l’ deyò, l’ap mete pòsyon l’avèk ipokrit yo: kote sa a se rèl ak manje dan k’ap genyen".
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Jezi di disip li yo: «Veye, paske nou pa konnen kilè Granmèt nou an gen pou l’ vini».Vijilans! Granmèt la itilize 2 konparezon pou ede yo konprann sa pi byen: si pèd-fanmi na te konnen kilè vòlè a t’ap vini, li t’ap veye sètènman, li pa t’ap kite yo kase kay li a; lòt konparezon an: mèt sèvitè fidèl la enstale 1’ sou fanmi li, pou l’ bay moun yo manje nan tan yo. Se chans pou sèvitè sa a, si lè mèt li rive, li jwenn li ap fè sa.
Menm si vijilans la se yon bagay fondamantal, nou pa mete li nan premye plas. Moun ki pa veye sou tèt li, pi souvan yo pa veye sou lòt moun non plis. Jezi itilize ekzanp nan lavi chak jou nou pou li pale nou sou vijilans, nan fason sa li ankouraje nou pou nou fè atansyon. Disip Jezi, se moun ki konnen li genyen pou fè yon rankont definitive avèk li, e li dwe byen dispoze, byen prepare toutan, pou rankont sa a.
Èske mwen mwen dispoze pou m’ rankontre ak Granmèt la?
LAPRIYE: Bondye Papa, tanpri pa kite m’ neglije bagay ki pi enpòtan nan lavi a.

PWOPOZISYON: Mwen gen vokasyon pou mwen pran swen pwochen mwen, pou m’ veye sou li.

No hay comentarios:

Publicar un comentario