Páginas

VANDREDI 1

Koulè Vèt.
PREMYE LEKTI
“Men volonte Bondye, se pou nou vin sen”.
LÈT APOT PÒL KI SEN, POU TESALONISYEN YO 4, 1-8
Frè m’ yo, nou lapriyè nou, n’ap plede mande nou nan Granmèt Jezi, pou, daprè sa nou resevwa nan men nou sou jan nou dwe mache, jan nou dwe fè Bondye plezi a, se konsa menm pou nou mache, pou nou kapab fè plis pwogrè toujou. Nou konnen ki kòmandman nou te ba nou o non Granmèt Jezi.
Men volonte Bondye, se pou nou vin sen; pou nou pa lage kò n’ nan move plezi, pou chak moun aprann genyen pa l’ yon jan ki sen, ki merite respè, san nou pa gen move lanvi nan kè a, tankou nasyon yo ki pa rekonèt Bondye a; pèsònn pa dwe fè frè l’abi, ni tranzaksyon, paske Granmèt la tire vanjans sou tout bagay sa yo, jan m’ te avèti nou davans la, jan m’ te sètifye nou an. Sèke Bondye pa rele nou pou bagay ki pa pwòp, men pou nou vin sen. Konsa, moun ki meprize bagay sa yo, se pa moun li meprize, men se Bondye, li menm ki mete Lespri Sen l’ nan nan nou.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 96, 1 e 2b. 5-6. 10. 11-12
R/ Fè kè n' kontan nan Granmèt la, nou menm ki kòrèk yo.
Granmèt la wa, tè a danse, pakèt zile yo kontan. Jistis ak jijman se platfòm fòtèy li.R.
Mòn yo fonn tankou lasi devan fas Granmèt la, devan fas Granmèt tout tè a.
Syèl yo anonse jistis li, tout pèp yo wè bèlte l’.R.
Nou menm ki renmen Granmèt la, se pou nou rayi sa k’ mal; li menm ki pwoteje nanm sen l’ yo, anba men pechè yo l’ap delivre yo.R.
Limyè a leve pou moun ki kòrèk la, ak kè kontan pou kè ki dwat yo.
Fete nan Granmèt la, nou menm ki kòrèk yo, fè konpliman pou souvni l’ ki sen.R.
LEVANJIL
“Men mesye marye a ap vini: sòti al rankontre l’”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 25, 1 -13
Lè sa a: Jezi di disip li yo parabòl sa a:
“Rèy syèl yo sanble ak dis vyèj ki pran lanp yo, yo sòti al rankontre mesye marye a ak madanm marye a. Senk nan yo te sòt, epi senk te gen lespri. Senk sa ki sòt yo, lè yo fin pran lanp yo a, yo pa pran luil avèk yo; sa k’ gen lespri yo menm, yo pran luil nan veso yo avèk lanp yo. Antan y’ap tann mesye marye a ki te an reta, yo tout yo dòmi, fon somèy.
Nan mitan nannuit, yo tande yon rèl: “Men mesye marye a, sòti al rankontre l’”. Lè sa a atò tout vyèj sa yo leve, yo pare lanp yo. Sa k’ te sòt yo di sa k’ te gen sajès yo: “Ban nou nan luil nou an, paske lanp nou yo etenn”. Sa k’ gen lespri yo di yo: “Riske p’ap gen kont pou ni nou menm ni nou menm, pito nou ale nan boutik yo, n’a achte”.
Pandan yo t’al achte, mesye marye a rive; sa k’ te pare yo antre avèk li nan nòs yo, yo fèmen pòt la.
Alafen lòt vyèj yo vin rive, yo di: “Granmèt, Granmèt, louvri pou nou”. Li menm menm li reponn, li di: “An verite mwen di nou, mwen pa konnen nou”.
Konsa, se pou nou veye, paske nou pa konnen ni jou a ni lè a”.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Jezi kontinye bay lansèyman sou wayòm nan, li itilize yon parabòl sou reyalite maryaj ki enplike yon mesye marye ak vyèj yo k’ap tann li. Lè mesye marye a rive, genyen pami vyèj yo ki te prepare pou resevwa li, genyen dòt ki t’ap kouri pou yo resevwa li, men pòt la te gen tan fèmen pou yo malerezman.
Jezi ensiste pou li fè disip li yo konnen kijan li enpòtan pou yo vijilan nan lavi a, yo dwe toujou prepare pou sa k’ap rive ke yo pa kapab wè davans. Vrèman vre lavi a se yon bwat ki plen sipriz. Nou pa gen kontwòl tan an ni sikonstans yo. Genyen bagay nou pa kapab panse fè nan dènye moman.
Jezi, tankou yon Mèt ki saj, yon gwo save, envite disip li yo- jodi a se nou menm- pou nou pridan, pou nou aji ak bon sans, pou nou gen previzyon, pou nou vijilan.
LAPRIYÈ:Jezi Granmèt, tanpri fè m’ wè lavi a ak yon vizyon ki pi laj, ban m’ limyè sajès ou, konsa chak evénman, chak jou nan lavi mwen va yon okazyon pou mwen rankontre ak ou e resevwa ou nan kè mwen.
PWOPOZISYON: M’ap prepare lanp mwen, m’ap mete lwil ladan l’, konsa lè mesye marye a rive, m’a sòti pou rankontre l’.


No hay comentarios:

Publicar un comentario