Páginas

SAMDI 2

Koulè Vèt.
PREMYE LEKTI
"Nou te aprann nan men Bondye pou nou youn renmen lòt".
LEKTI PREMYE LÈT APOT PÒL KI SEN, POU TESALONISYEN YO 4, 9-11
Frè m’ yo:
Sou charite nou dwe genyen pou frè a, sa pa nesesè pou nou ekri nou sou sa; sèke nou menm menm nou te aprann nan men Bondye pou nou youn renmen lòt. Reyèlman vre, nou fè sa pou tout frè yo nan tout Lamasedwán. Sèlman nou lapriyè nou, frè m’ yo, pou nou fè plis pwogrè, pou nou fè jefò pou nou viv ak lapè, pou nou okipe afè pa nou, pou nou travay avèk men nou, jan nou te pase nou lòd la.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 97, 1. 7-8. 9 (r.: cf. 9)
R/ Granmèt la vini pou l’ jije pèp yo nan sa ki dwat.
Chante yon kantik nouvo pou Granmèt la, paske li fè mèvèy.
Bèlte delivrans la sòti nan men dwat li, nan bra l’ ki sen an. R.
Se pou lanmè a sonnen ak sa k’ plen l’ nan, fas tè a ak sa ki abite nan li yo.
Se pou larivyè yo bat bravo, se pou tout mòn yo danse.R.
Devan fas Granmèt la, paske l’ap vin jije tè a. L’ap jije fas tè yo nan jistis ak pèp yo nan sa ki dwat.R.
LEVANJIL
"Poutèt ou te fidèl sou yon ti bagay, antre nan kè kontan mèt ou a".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN MATYE 25, 14-30
Lè sa a: Jezi di disip li yo parabòl sa a:
"Yon mesye t’ap pati al nan vwayaj, li rele sèvitè l’ yo, li renmèt yo byen l’ yo: youn li ba l’ senk pyès lajan, yon lòt menm de, epi yon lòt yon sèl; chak moun daprè kapasite pa l’; aprè sa li pati la menm. Sa k’ te resevwa senk pyès lajan an, l’ale, li travay avèk yo, li rapòte senk lòt. Menm jan an tou sa k’ te resevwa de pyès lajan an, li rapòt de lòt. Men sa k’ te resevwa yon sèl la, l’al fouye tè a, li kache lajan mèt li a.
Aprè anpil tan, mèt sèvitè sa a yo vini, li mande yo kont.
Sa k’ te resevwa senk pyès lajan an, li pwoche, li prezante senk lòt pyès lajan, li di: «Mèt, se senk pyès lajan ou te ban mwen: men senk lòt mwen rapòte». Mèt li di l’: «Se byen, bon sèvitè ki fidèl: poutèt ou te fidèl sou yon ti kras, m’ap enstale ou sou anpil: antre nan kè kontan mèt ou».
Sa k’ te resevwa de pyès lajan an pwoche tou, li di: «Mèt, se de pyès lajan ou te renmèt mwen, men de lòt mwen rapòte». Mèt li di l’: «Se byen, bon sèvitè ki fidèl: poutèt ou te fidèl sou yon ti kras, m’ap enstale ou sou anpil: antre nan kè kontan mèt ou».
Sa k’ te resevwa yon sèl pyès lajan an, li pwoche atò, li di: 'Mèt, mwen konnen ou se yon moun ki rèd: ou rekòlte kote ou pa simen, ou ranmase kote ou pa t’ plante. Mwen te pè, m’ale, mwen kache pyès lajan ou nan nan tè a; men li, pran afè ou».
Mèt li reponn, li di l’: «Move sèvitè, ou parese! Ou te konnen mwen rekòlte kote mwen pa simen, mwen ranmase kote mwen pa plante: ou te dwe renmèt lajan m’ nan labank, lè m’ vini mwen ta resevwa sa m’ depoze a avèk benefis. Pran pyès lajan an nan men l’, bay moun ki gen dis pyès lajan an; konsa tout moun ki genyen, y’ap ba li, l’ap gen plis; moun ki pa genyen an menm, sa l’ konprann li genyen an menm, y’ap wete l’ sot nan min l’. Epi sèvitè sa a ki pa vo anyen an, jete l’ nan fènwa deyò yo: kote sa a ap gen rèl ak manje dan».
An nou fè lwanj ak konpliman pou Pawòl Bondye a.
REFLEKSYON:
«Yon mesye t’ap pati al nan vwayaj, li rele sèvitè l’ yo, li renmèt yo byen l’ yo»
Jodi a, Jezi pale nou sou parabòl pyès lajan, Li itilize yon metòd ki pa konplike, puiske li ede nou konprann reyalite Wayòm nan atravè pwòp reyalite lavi nou. Pyès lajan sa yo senbolize don, kado chak moun resevwa pou mete nan sèvis pwochen li.
«Yon mesye t’ap pati al nan vwayaj, li rele sèvitè l’ yo, li renmèt yo byen l’ yo: youn li ba l’ senk pyès lajan, yon lòt menm de, epi yon lòt yon sèl.»
Nou ta kapab panse: petèt mesye a te kapab bay chak sèvitè li yo menm kantite pyès lajan, men non, li pa fè sa:  li bay chak moun daprè kapasite pa li. Avèk kòb yo te resevwa, chak sèvitè te ka eseye kòmanse yon ti komès.  De premye yo te ase entelijan pou yo fè sa, men twazyèm nan, akoz li te pè riske oubyen li te twò parese, li te pito sere lajan an, li pa envesti li: li fèmen kò li nan povrete li.
Granmèt la ap tounen e l’ap mande nou kont (Mt 25,19). L’ap rekonpanse kouraj sila yo ki te fè jefò pou fè lajan li te konfye yo a bay bon randman. Se pa menm tretman pou sèvitè parese a.
De mil an aprè Jezi fin bay lansèyman sa a, mesaj parabòl la toujou aktyèl. Demokrasi modèn yo chèche fè yon separasyon piti piti ant Legliz ak Leta. Sa se pa yon move bagay.
Poutan, mantalite global sa a genyen yon efè segondè ki kache dèyè li, li se yon danje pou kretyen yo: li kapab fè yo vin sanble ak twazyèm sèvitè sa a ki te fè Mèt li repwoche li a (Mèt sa a se Bondye li reprezante nan Labib la). Nou dwe li  e kontanple Levanjil la yon fason pou li fè efè nan lavi nou, yon fason pratik. Nan anviwònman sosyal kote n’ap viv la, nou dwe jere vokasyon nou kòm kretyen, kòm pwofesyonèl ak anpil kouraj, antan n’ap fè konnen kilès Kris la ye, nan jan nou pale ak fason nou aji.
LAPRIYÈ: Bondye Papa, ou menm ki fè nou tounen asosye Pitit ou a nan travay liberasyon an, tanpri fè nou sèvi ak kado ou ba nou yo pou nou kapab travay pou yon mond ki pi bèl, yon mond fratènite, renmen ak lapè. Pa pouvwa Jezikri.
PWOPOZISYON: Antan m’ap tann Granmèt la, m’ap mete kado li ban mwen yo nan sèvis frè ak sè mwen.


No hay comentarios:

Publicar un comentario