Páginas

DIMANCH 3

Koulè Vèt
VENNDEZYÈM DIMANCH ÒDINÈ, ANE-A
PREMYE LEKTI
«Pawòl Granmèt la vin tounen okazyon lawont pou mwen»
LEKTI LIV PWOFÈT JEREMI
20, 7-9
Ou pran m’ nan pyèj, Granmèt, epi mwen kite ou pran m’ nan pyèj; ou te gen plis fòs pase m’, ou ranpòte laviktwa sou mwen, tout lajounen yo pase m’ nan rizib, tout moun pran plezi sou do m’. Paske depi lontan deja m’ap deklare peche a byen fò, m’ap anonse piyay: konsa pawòl Granmèt la vin tounen yon okazyon lawont pou mwen, yon okazyon pou yo pase m’ nan rizib tout lajounen.
Mwen te di: «Mwen p’ap sonje l’ ankò, epi mwen p’ap pale sou non l’ ankò, men se tankou yon dife ki t’ap manje kè m’, ki te fèmen nan zo m’: mwen febli, mwen pa t’ kapab sipòte l’».
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 62, 2. 3-4. 5-6. 8-9
R/ Nam mwen swaf ou, Granmèt, Bondye mwen.
Bondye, se Bondye m’ ou ye, depi granmaten m’ap veye kote ou.
Nam mwen swaf ou, chè mwen anvi ou.R.
Nan tè ki pa gen anyen an, ki sèk la, ki san dlo a, se konsa mwen parèt devan ou nan kay sakre a, pou m’ wè pouvwa ou ak bèlte ou.
Paske kè sansib ou pi bon pase lavi yo, bouch mwen ap fè lwanj ou.R.
Se konsa m’ap fè konpliman pou ou nan lavi m’, o non ou m’ap leve men m’.Tankou ak grès, ak mwal, nam mwen ap plen, ak kè kontan sou po bouch mwen m’ap fè lwanj.R.
Sèke ou te pote m’ sekou, anba vwal zèl ou yo m’ap danse.
Nam mwen kole apre ou, men dwat ou soutni m’.R.
DEZYÈM LEKTI
«Prezante kò nou yo tankou sakrifis ki vivan»
LEKTI LÈT APOT PÒL KI SEN, POU WOMEN YO 12, 1-2
Mwen lapriyè nou, frè m’ yo, pa lantremiz kè sansib Bondye a, pou nou ofri kò nou tankou sakrifis ki vivan, ki sen, ki fè Bondye plezi, se konsa pou nou sèvi l’ daprè lespri a. Pa pran modèl sou syèk sa a, men se pou nou chanje, pou nou vin tou nèf nan fason n’ap panse, pou nou chèche konnen sa Bondye vle ki bon, ki fè l’ plezi, ki kòrèk nèt.
Pawòl Granmèt la.
LEVANJIL
«Si yon moun vle mache dèyè m’, se pou l’ bliye pwòp tèt li».
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 16, 21-27
Lè sa a:
Jezi kòmanse montre disip li yo li te gen pou l’ al Jerizalèm, pou l’ soufri anpil nan men ansyen yo ak pwofesè yo ak chèf prèt yo, pou yo touye l’, men aprè twa jou pou l’ leve vivan.
Pyè menm pran l’, li kòmanse fè l’ repwòch, l’ap di l’:«Se pou lide sa a sot nan ou, Granmèt: bagay sa a p’ap rive ou».
Li menm, li vire, li di Pyè: «Pase dèyè m’, satan: ou jinnen m’; paske ou pa goute bagay ki sot nan Bondye, men bagay ki sot nan lèzòm».
Lè sa a Jezi di disip li yo: «Si yon moun vle mache dèyè m’, se pou l’ bliye pwòp tèt li, pou l’ pran kwa l’, pou l’ suiv mwen. Moun k’ap vle sove lavi l’, l’ap pèdi l’; men moun k’ap pèdi lavi l’ poutèt mwen, l’ap jwenn li.Sa sa ap sèvi yon moun, si l’ posede tout tè a, epi li blije peye sa avèk nam li? Oubyen ki sa yon moun kapab bay kòm pri pou nam li?
Reyèlman vre Pitit moun nan gen pou l’ vini nan bèlte Papa l’ ansanm ak mesaje l’ yo, epi lè sa a l’ap renmèt chak moun daprè aksyon l’ yo».
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Nan venndezyèm dimanch tan senp lan premye lekti a ap ede nou konprann kijan misyon pwofetik la pa fasil. Nou tout ki batize, nou gen kalite misyon sa a.
Pwofèt Jeremi viv eksperyans angwas ak solitid nan misyon li, devan sitiyasyon rejè pèp Izrayèl la. Atravè eksperyans Jeremi n’ap konprann kòman yon pwofèt pa la pou fè moun plezi, men li la pou anonse bòn nouvèl delivrans lan, denonse peche a, sitiyasyon enjistis ak lanmò.
Nan sans sa a n’ap di Bondye mèsi pou tout moun ki pran misyon pwofetik yo oserye nan fason y’ap viv epi nan lite pou lavi pi bèl. N’ap fè konpliman pou Bondye epi n’ap lapriyè pou moun k’ap travay ak kominote migran sou latè, yon fason espesyal migran ayisyen nan Repiblik Dominikèn, Brezil, Chili, Etazini, Kanada.
Nan Levanjil jodi a, Jezi ap ede nou konprann kijan wayòm Bondye a pa fonksyone menm jan ak sistèm politik lèzòm. Se pou sa Jezi envite nou pran kwa nou, riske lavi nou pou lòt yo (sa ki pi pòv yo) menm jan li te fè sa nan travay pou wayòm Bondye a etabli nan mitan nou. Yon wayòm renmen, solidarite, jistis, padon, kote pa gen plas pou peche ak lenjistis, nan wayòm Bondye a p’ap gen menas lagè, p’ap gen zak teworis. Tout moun ap viv tankou frè ak sè.
LAPRIYÈ: Granmèt, ou menm ki rele mwen pou patisipe nan konstwiksyon wayòm ou an, tanpri ede mwen pran sa oserye. Pa pouvwa Jezikri. Amèn.

PWOPOZISYON: Kijan mwen kapab ranpli misyon pwofetik mwen? Kisa m’ap anonse, kisa m’ap denonse lakay mwen, nan kominote mwen? 

No hay comentarios:

Publicar un comentario