Koulè Vèt
PREMYE LEKTI
“Moun k’ap dòmi nan Jezi yo, Bondye ap mennen yo vin
jwenn li.”
NAN PREMYE LÈT APOT PÒL KI SEN
POU TESALONISYEN YO 4, 13-17
Frè m’
yo, sou kesyon moun k’ap dòmi yo, nou pa vle pou nou pa konnen, dekwa pou nou
pa pran lapenn tankou lòt moun yo ki pa gen espwa yo. Si reyèlman vre nou kwè
Jezi mouri epi li leve vivan, konsa tou moun yo k’ap dòmi nan Jezi yo, Bondye
ap mennen yo avèk li.
Men sa
nou di nou nan pawòl Granmèt la, nou menm k’ap viv la, k’ap la toujou lè
Granmèt la ap vini an, nou p’ap pran devan sila yo k’ap dòmi an. Paske Granmèt
la li menm, sou lòd ak nan vwa Chèf Mesaje yo ak nan son twonpèt Bondye a, l’ap
desann sot nan syèl la, epi moun ki mouri nan Jezikri yo, y’ap tounen vin vivan
an premye. Apre
sa, se nou menm k’ap viv yo, ki rete yo, y’ap pran nou nan nyaj yo al rankontre
Jezikri nan lè a, konsa n’ap toujou avèk Granmèt la.
Pawòl
Granmèt la.
SÒM REPONS 95,
1 e 3. 4-5. 11-12. 13
R/ Granmèt la vini
pou l’ jije tè a.
Chante yon kantik nouvo pou
Granmèt la, chante pou Granmèt la, tout tè a.
Anonse bèlte l’ nan pami nasyon
yo, mèvèy li yo nan tout pèp yo.R.
Paske Granmèt la gran, li merite
anpil lwanj, li terib anlè tout dye yo.
Paske tout dye nasyon yo yo pa
ekziste. Men se Granmèt la ki fè syèl yo.R.
Se pou syèl yo kontan, se pou tè
a danse, se pou lanmè a sònen ak tout sa l’ gen ladan l’; se pou jaden yo
kontan ak tout sa k’ nan yo.R.
Lè sa a tout pye bwa nan rak yo
ap danse devan fas Granmèt la, paske l’ap vini, paske l’ap vini pou l’ jije tè
a. L’ap jije fas tè a nan jistis ak pòv yo nan verite l’.R.
LEVANJIL
“Li
voye m’ anonse bòn nouvèl la bay pòv yo... Yo pa resevwa okenn pwofèt byen nan
peyi l’”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ
LIK KI SEN 4. 16-30
Lè sa a:
Jezi rive
Nazarèt, kote yo fè levasyon l’ nan, li antre nan kay reyinyon an, jan l’ konn
fè a, yon jou saba, li leve pou l’ li. Yo renmèt li liv pwofèt Izayi a.
Kon l’ louvri liv la, li jwenn
plas la, kote ki te ekri: “Lespri Granmèt la sou mwen; se pousa li sakre m’, li
voye m’ anonse pòv yo bòn nouvèl la, geri sa k’ gen kè yo kraze yo, deklare
delivrans bay prizonye yo, limyè bay avèg yo, ranvwaye sa y’ap kraze yo pou yo
lib, anonse yon ane Granmèt la fè gras, yon jou li bay rekonpans”. Kon
l’ woule liv la, li renmèt li nan men sèvitè a, epi li chita. Je tout moun nan
kay reyinyon an te fikse sou li.
Li menm li kòmanse di yo: “Se
jodi a pawòl Labib sa a reyalize nan zòrèy nou yo”.
Tout moun t’ap fè temwayaj sou
li, yo te sezi pou pawòl yo ki t’ap sòti nan bouch li a, yo t’ap di: “Èske sila
a se pa pitit Jozèf la?”
Li di yo “Sètènman n’ap di m’
parabòl sa a: “Doktè, geri pwòp tèt ou”: tout sa nou tande ki fèt nan Kafanawòm
nan, fè l’ isit la tou nan peyi w’ la”.
Li di: “An verite mwen di nou: yo
pa byen resevwa okenn pwofèt nan peyi l’. Se laverite mwen di nou la a: te gen
anpil vèv nan tan Eli nan Izrayèl, lè syèl la te fèmen pandan twazan ak si mwa,
lè te gen gwo grangou sou tout tè a; men yo pa t’ voye Eli bay okenn nan yo,
sof nan Sarepta Sidon an kot madanm ki te vèv la. Epi tou te gen anpil moun ki
te gen maladi lalèp nan Izrayèl sou tan pwofèt Elize, men pèsòn nan yo pa t’
geri, sof Naaman, Siryen an”.
Tout moun nan kay reyinyon an te
plen ak kòlè, lè yo tande bagay sa yo. Yo leve, yo jete l’ deyò lavil la, yo
kondui l’ jous sou yon pwent tèt mòn, kote lavil yo a te bati a, pou yo jete
l’anba.
Li menm menm, li pase nan mitan
yo, li pati.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Jezi kite
Jouden an (nan zòn Sid) e li travèse nan Galile, kote li kòmanse misyon li. Li
mache nan tout katye yo e li preche nan sinagòg yo (kay reyinyon yo). Li rive Nazarèt,
lakay li, e jou saba a li pran lapawòl.
Tèks Izayi a fondamantal: Li se sila Bondye konsakre avèk Sentespri a; li voye
li anonse pòv yo bòn nouvèl la, geri sa k’ gen kè yo kraze yo. Moun bò lakay li
pa vle koute li e yo te eseye jete l’ deyò lavil la, yo kondui l’ jous sou yon
pwent tèt mòn, kote lavil yo a te bati a, pou yo jete l’anba. Li menm menm, li
pase nan mitan yo, li pati.
Aprè li fin fè premye pa nan
misyon li (batèm ak tantasyon), Jezi prezante pwogram li an nan zòn kote li te
fè la. Se nan li tout ekspektativ mesyanik yo jwenn akonplisman yo.
“Lespri Granmèt la sou mwen; se
pousa li sakre m’, li voye m’ anonse pòv yo bòn nouvèl la, geri sa k’ gen kè yo
kraze yo, deklare delivrans bay prizonye yo, limyè bay avèg yo, ranvwaye sa
y’ap kraze yo pou yo lib, anonse yon ane Granmèt la fè gras, yon jou li bay
rekonpans”- “Se jodi a pawòl Labib sa a reyalize nan zòrèy nou yo”.
Tout aksyon Jezi, pandan l’ te
sou latè, te toujou konfòm ak gran pwojè sa a. Men pou l’ reyalize pwojè sa a,
gen anpil obstak ki te bare chemen l’, tradisyon sosyete kote l’ fèt la,
kondisyon sosyal li, elatriye.
Sètènman, peyizan l’ yo te konnen
kondisyon lavi l’: yon ti pòv; lè yo tande bèl pawòl ki t’ap sòti nan bouch li
ak bèl bagay li t’ap fè, yo doute e yo twouve l’ twò raz pou yo ta suiv yon ti
malere konsa.
Se pou sa Jezi site pwovèb sa ki
di: “yo pa janm byen resevwa yon pwofèt nan peyi li”. Kidonk, nou menm kretyen
k’ap suiv Jezi, fòk nou prepare nou pou nou fè fas ak difikilte k’ap tann nou
sou chemen an: se vre n’ap jwenn anpil
difikilte, men nou pa dwe janm dekouraje, paske Jezi li menm an premye te fè
eksperyans eksklizyon nan sosyete pa l’ la poutèt li te parèt ak yon nouvo
diskou.
Nan tan n’ap viv la, nou menm
kretyen, nou dwe fè fas ak anpil gwo defi tou nan mond global e modènize sa a,
kote gen yon gwo vid ki separe moun rich ak pòv, anpil egoyis, enjistis,
rayisans ak vyolans.
Si nou vle rete fidèl ak Jezi nou
pa dwe pè anonse Bòn Nouvèl Wayòm Bondye a nan tout sikonstans avèk anpil
pridans e kreyativite nan pawòl nou yo ak nan aksyon nou yo, menm si yo ta fè
yo ekskli nou ou matirize nou.
LAPRIYÈ: Bondye Papa nou, ou
menm ki te voye Jezi Pitit ou pou vin sove nou anba chenn esklavaj peche nou
yo, ban nou lagras ou ak fòs Lespri Sen an pou n’ ka toujou fè volonte w’. Pa
pouvwa JeziKri gran frè nou. Amèn.
PWOPOZISYON: Imite youn
nan aksyon Jezi te fè yo: anonse bòn nouvèl la, nan pawòl ak nan aksyon; vizite
yon malad oubyen yon prizonye pou rekonfòte l’.
No hay comentarios:
Publicar un comentario