Koulè Vèt
PREMYE
LEKTI
“Li
mouri pou nou, pou nou kapab viv ansanm ak li”.
NAN PREMYE LÈT APOT PÒL KI SEN, POU
TESALONISYEN YO 5. 1-6. 9-11
Sou kesyon tan yo ak
moman yo, frè m’ yo, nou pa bezwen pou nou ekri nou; sèke nou menm nou konnen
byen pwòp jou Granmèt la, se tankou yon vòlè nan nuit, se konsa l’ap vini.
Reyèlman vre, lè moun
yo ap di: “Lapè ak trankilite”, se lè sa a, sanzatann, katastròf la ap tonbe
sou yo, tankou doulè madanm ki ansent, epi yo p’ap chape. Kanta nou menm, frè
m’ yo, nou pa nan fènwa, pou jou sa a sezi nou tankou yon vòlè; sèke nou tout
nou se pitit limyè ak pitit lajounen: nou pa moun nan nuit ni moun fènwa.
Konsa, piga nou ret ap dòmi tankou lòt yo, men se pou nou veye, pou nou pa kite
zafè manje ak bwason dekontwole nou.
Sèke Bondye pa mete
nou pou kòlè a, men pou nou jwenn delivrans, pa pouvwa Granmèt nou Jezikri: li
menm ki te mouri pou nou, pou, kit n’ap veye, kit nou mouri deja, nou viv
ansanm avèk li. Poutèt sa, se pou nou youn konsole lòt, pou nou youn ankouraje
lòt, jan nou deja fè a.
Pawòl Granmèt la.
SÒM
REPONS 26, 1. 4. 13-14
R/ Mwen kwè m’ap wè byen
Granmèt la nan tè vivan yo.
Granmèt la se limyè
m’ak delivrans mwen, ki moun pou m’ pè? Granmèt la se pwoteksyon lavi m’, devan
ki moun pou m’ tranble?R.
Yon sèl bagay mwen
mande Granmèt la, se sa m’ap chèche: abite lakay Granmèt la tout tan lavi m’,
pou m’ wè dousè Granmèt la, pou m’ vizite kay sakre l’ la.R.
Mwen kwè m’ap wè byen
Granmèt la nan tè vivan yo.Tann Granmèt la, pran kouraj, asire kè ou, apuiye l’
sou Granmèt la.R.
LEVANJIL
“Mwen
konnen kilès ou ye, se Sen Bondye a”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN
4, 31-37
Lè sa a:
Jezi desann Kafanawòm,
yon vil Lagalile; antan l’ la, li t’ap bay moun yo lansèyman, jou saba a. Yo te
sezi poutèt lansèyman l’ nan, paske li t’ap preche avèk otorite.
Nan kay reyinyon an te
gen yon mesye ki te gen yon demon ki pa pwòp, li rele byen fò, li di: “Kite
nou, sa k’ gen ant nou menm ak ou menm, Jezi, moun Nazarèt la. Èske ou vini pou
ou pèdi nou? Mwen konnen kilès ou ye, se Sen Bondye a”.
Jezi menase l’, li di:
“Pe bouch ou, sòti nan li”. Demon an jete l’ nan
mitan moun yo, li pati sot nan li, san l’ pa fè l’okenn mal.
Tout moun tranble,
youn ap pale ak lòt, y’ap di: “Ki pawòl sa a, paske se nan pouvwa ak fòs li
kòmande lespri ki pa pwòp yo, epi yo sòti?”. Repitasyon
l’ gaye nan tout kote nan peyi a.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl
Bondye a.
REFLEKSYON:
Nan premye lekti a: Apot Pòl
ap ankouraje nou pou nou rete vijilan, paske jou Jezi gen pou l’ retounen an,
se tankou yon vòlè l’ap vini. Sa vle di, kòm kretyen, kòm moun ki vle fè
volonte Bondye, nou pa ka ap penyen-lage, men nou dwe priye e veye. Fòk nou
mete nou nan kondisyon pou lè Jezi tounen pou l’ jwenn nou prè.
Kisa
sa enplike?
Apot Pòl ankouraje nou pou nou youn
konsole lòt e pou nou youn veye sou lòt.
Kidonk zafè sove a, li
enplike pou nou ale rankontre lòt yo, pa sèlman kretyen parèy nou, men nou dwe
pataje bòn nouvèl la bay tout moun.
Jezi deplase pou li ale Nazarèt, sou
tèt mòn Galile, kote yo rele Kafanawòm (Lak Galile). Li ale tou nan sinagòg la.
Te gen yon mesye ki te gen yon demon ki pa pwòp fè
fas avèk li, Jezi menase l’, li di: “Pe bouch ou, sòti nan li”. Demon
an jete l’ nan mitan moun yo, li pati sot nan li, san l’ pa fè l’okenn mal.
Tout moun tranble, youn ap pale ak lòt, yo sezi wè kijan Jezi pale ak otorite,
yo sezi wè jan li kòmande lespri papwòp yo. Nan konba tantasyon yo, Jezi pote
laviktwa, e dyab la pati lwen li (Lik 4,13). Nan nouvo batay sa a, se Jezi ki
triyonfe sou fòs mal la. Pawòl li anseye
nou e li venk tout sa ki boulvèse ou ki fè moun tounen esklav. Levajelize, se anseye ak libere, anonse e bay
lavi. Nou gen misyon kontinye misyon Jezi a jodi a, sa vle di nou dwe travay
pou moun vin pi moun, nou dwe lite kont tout fòm esklavaj.
Kijan
nou ka fè sa?
Jezi ban nou ekzanp
lan, li t’ap mache bay lansèyman e preche ak anpil otorite, pa t’ gen kontradiksyon ant
mesaj li t’ap preche a ak fason l’ t’ap viv; se sa ki fè anpil moun te vin kwè
nan li e yo te suiv li. Yon lòt bagay ki make fason Jezi t’ap anonse bòn nouvèl
la, se imilite li (li te senp) ak senplisite l’ (li pa t’ kite moun sèvi li,
okontrè li te sèvi).
Nou menm jounen jodi
a, n’ap fè fas ak gwo defi nouvo evanjelizasyon an ki ta dwe adapte l’ak gwo
mwayen teknolojik ak kominikasyon yo; nou dwe mete anpil kreyativite ladan l’.Men nou dwe evite
tonbe nan pyèj mond lan, pou nou pa al chèche ti glwa pèsonèl nou, sa nou ka
rele “glwa initil”.
Angajman pwofetik nou
kòm disip-misyonè envite oblije nou preche lanmou ak mizerikòd Bondye a nan yon
mond ki boulvèse ak vyolans ak mechanste.
LAPRIYÈ:
Jezi Granmèt, fè m’ sanble avèk ou.
Aprann mwen gade vizaj ou nan vizaj lòt moun mwen rankontre sou wout mwen.
PWOPOZISYON:
Imite dousè ak senplisite Jezi.
No hay comentarios:
Publicar un comentario