Páginas

MÈKREDI 6

Koulè Vèt
PREMYE LEKTI
“Pawòl laverite a rive kote nou tankou sou tout tè a”.
KÒMANSMAN LÈT APOT PÒL KI SEN, POU KOLOSYEN YO 1, 1-8
Pòl, apot Jezikri, gras a volonte Bondye, ak Timote, frè a, pou moun yo ki Kolòs yo, pou sen yo ak frè yo ki fidèl nan Jezikri yo. Favè a pou nou ak lapè sot nan Bondye Papa nou ak Granmèt la Jezikri.
Mwen di Bondye, Papa Granmèt nou Jezikri mèsi, tout tan m’ap lapriyè pou nou, lè m’ tande lafwa nou nan Jezikri ak renmen nou genyen pou tout sen yo gras a espwa a k’ap tann nou nan syèl la; nou te tande pale sou espwa sa a nan pawòl laverite levanjil la, ki te rive jous kote nou. Menm jan li sou tout tè a, li donnen, li devlope, konsa tou li donnen e li devlope nan nou depi jou nou te tande favè Bondye a nan laverite a. Nou te konnen espwa sa a, jan Epafras te aprann nou li, li menm mwen si tèlman renmen an, k’ap sèvi ansanm ak mwen, li menm ki fidèl sèvitè Jezikri pou nou e ki montre m’ renmen nou genyen nan Lespri a.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 51, 10. 11
R/ Mwen espere nan kè sansib ou a, Granmèt, pou tout tan.
Kanta mwen menm mwen tankou yon pye oliv tou vèt nan lakay Bondye a. Mwen espere nan kè sansib Bondye pou tout tan ak tout tan k’ap gen tan.R.
M’ap fè lwanj pou ou pou tout tan, poutèt sa ou fè; m’ap tann non ou, paske ou bon, devan tout sen w’ yo.R.
LEVANJIL
“Nan lòt vil yo tou mwen gen pou m’ pote bòn nouvèl la, paske se pousa yo voye m’”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 4, 38- 44
Lè sa a:
Jezi leve sot nan kay reyinyon an, li antre nan lakay Simon; bèlmè Simon an te ret kouche ak yon gwo lafyèv, yo lapriyè l’ pou li. Li kanpe, li panche sou li, li kòmande lafyèv la, lafyèv la kite l’; menm lè a li leve, li t’ap sèvi yo.
Kòm solèy la t’ap kouche, tout moun ki te gen moun malad anba tout kalite maladi, yo mennen yo ba li. Li menm li poze men sou yo chak, li geri yo.
Demon yo t’ap soti nan anpil moun, antan y’ap rele byen fò, y’ap di: “Ou se Pitit Bondye a”; li t’ap menase yo, li pa t’ abitye kite yo pale, paske yo te konnen li se Kris la.
Lè l’ fè jou, li sòti, l’al nan yon kote ki pa gen pèsonn; foul yo t’ap chèche l’, yo rive jous kote l’, yo te kenbe l’, pou l’ pa t’ pati kite yo.
Li menm li di yo: “Sèke lòt vil yo tou, mwen gen pou m’ anonse rèy Bondye a ba yo paske se pousa menm yo voye m’”.
Epi li t’ap preche nan kay reyinyon Lagalile yo.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Nan levanjil jodi a, aprè Jezi te fin geri bèlmè Simon an anba yon gwo lafyèv, lòt moun ki te gen malad lakay yo t’al chèche yo pou Jezi te kapab fè kichòy pou yo, pou li te kapab geri yo. Men sa k’ pi enpresyonan,  se leson bèlmè Simon ba nou aprè gerizon li an, li pa t’ kouri retounen nan aktivite òdinè li: li te rete pou sèvi vizitè yo; nan fason sa a li te manifeste gratitid ak rekonesans li pou sa Jezi te fè pou li.
Lòt aspè nou kapab dekouvri nan levanjil la, sekè moun ki dekouvri kilès Jezi te ye, se te moun ki te gen lespri pa pwòp sou yo. Sa montre ke Jezi pa t’ vin pou l’ chache glwa sou tè a, men pou li te libere moun.
Lòt bagay nou kapab dekouvri nan tèks la, sèke kote Lespri Bondye a prezan, move lespri a pa kanpe. Move lespri a rekonèt pouvwa Bondye e li di Jezi:  “Ou se pitit Bondye”.
Jezi se vrè modèl ke nou dwe imite. Anvan Jezi te retounen al jwenn Papa l’, li pa t’ kite nou sèl, li te prepare yon gwoup apot pou akonpanye nou e gwoup apot sa menm te kontinye gaye mesaj la epi prepare lòt moun tankou mwen avè w’ pou kontinye travay la.
Nou wè nan premye lekti a, kòman apot Pòl te montre Kolosyen yo kalite otorite l’. Se yon otorite ki sòti nan fòs Lespri Sen an ki te souke tout legliz Korent la. Bondye rele Pòl kòm apot li, pou fè volonte l’, nan Legliz li a nan Korent ansanm ak tout lòt kote nan lemond antye.
Apot Pòl envite moun Kolòs yo sonje ke yo se manb gwo fanmi Legliz inivèsèl, ki se sèl Legliz Kris la. Li envite yo pran responsablite kòm manb antan yo konte sou konkou Lespri Sen an ki toujou la pou dirije Legliz la. Ann mande Bondye pou li ranfòse lafwa nou pou nou kapab fè fas ak defi nouvo levanjelizasyon an, pou mond la kapab konvèti, pou lavi kapab blayi!
LAPRIYÈ: Bondye Papa, menm jan ak Apot Pòl, fè nou gen lodas temwaye renmen w’ nan nan mond n’ap viv la. Pa pouvwa Jezikri. Amèn.

PWOPOZISYON: Kite Bondye itilize ou tankou yon enstrimen pou konstwi yon mond nouvo.

No hay comentarios:

Publicar un comentario