Koulè
Vèt
PREMYE
LEKTI
"Kenbe
kòmandman an san fot joustan Granmèt la rive".
LEKTI PREMYE LÈT APOT PÒL KI SEN POU
TIMOTE 6, 13-16
Ou menm mwen renmen
anpil la:
Mwen pase ou lòd, devan
Bondye ki bay tout bagay lavi a, ak devan Jezikri ki te bay temwyaj sou Pons
Pilat, pou ou kenbe kòmandman an san fot, san repwòch, joustan Granmèt nou
Jezikri rive; Sila a ki sen an ap fè l’ parèt nan tan l’ yo, sila a sèl ki gen
pouvwa a, Wa wa yo ak Granmèt mèt yo, li menm sèl ki pa kapab mouri a, ki abite
yon limyè pèsòn pa kapab pwoche a, li menm pèsòn nan moun yo pa janm wè a, ni
yo pa kapab wè l’, konsiderasyon ak otorite tout tan pou li. Amèn.
Pawòl Granmèt la.
SÒM
REPONS 99, 2. 3. 4. 5 (r.: 2c)
R/ Antre devan fas
Granmèt la avèk gran fèt.
Fè lwanj pou Granmèt
la, tout tè a, sèvi Granmèt la nan kè kontan; antre devan fas li avèk gran fèt.R.
Konnen Granmèt la se
li menm ki Bondye; se li menm ki fè nou, se pou li nou ye, pèp li ak mouton pak
li.R.
Antre nan pòtay li yo
avèk lwanj, nan lakou l’ yo avèk kantik, fè lwanj li, fè konpliman pou non l’.R.
Sèke Granmèt la bon;
pou tout tan kè l’ sansib pou jenerasyon ak jenerasyon verite l’ la.R.
LEVANJIL
"Sa
k’ nan bon tè a, se sila yo ki kenbe pawòl la, ki donnen fwi nan pasyans".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN LIK 8,
4-15
Lè sa a:
Kòm anpil foul te
rasanble, yo te vin sot nan vil yo pou yo pwoche kot Jezi, li di sou fòm
parabòl: "Sila a ki konn simen an sòti pou simen semans li. Pandan
l’ap simen, yon pòsyon tonbe bò chemen an, yo foule l’ anba pye, zwazo syèl yo
manje l’. Yon lòt pòsyon tonbe sou wòch, kon l’ pouse, li seche, paske pa t’
gen frechè. Yon lòt pòsyon tonbe nan pami pikan, pikan yo pouse ansanm avèk li,
yo toufe l’. Yon lòt pòsyon tonbe nan bon tè, li leve, li bay fui san fwa
plis".
Pandan l’ap di sa, li
rele byen fò: "Moun ki gen zòrèy pou koute, se pou l’ koute".
Disip li yo poze l’
kesyon, sou sans parabòl sa a.
Li di yo: "Nou menm
yo ba nou pouvwa pou nou konnen mèvèy sakre rèy Bondye a, lòt yo menm se an
parabòl, pou yo gade san yo pa wè, pou yo tande san yo pa konprann.
Men parabòl la: Semans
la se pawòl Bondye a. Sa k’ sou bò wout la, se sila yo ki fin tande, apre sa,
dyab la rive, li wete pawòl la sot nan kè yo, pou yo pa kwè, pou yo pa sove. Sa
k’ sou wòch la, se sila yo ki fin tande, yo resevwa pawòl la avèk kè kontan,
men yo pa gen rasin, se pou yon tan yo kwè, epi nan tan difikilte a, yo sede.
Sa k’ tonbe nan pikan yo, se sila yo ki fin tande, men antan y’ap travèse tèt
chaje ak richès ak plezi lavi a, yo toufe, yo pa donnen fui.
Men sa k’ nan bon tè
a, se sila yo ki tande pawòl la nan yon kè ki bon, ki kòrèk nèt, yo donnen fui
nan pasyans".
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl
Bondye a.
REFLEKSYON:
Nan premye lekti a, Apot Pòl, nan lèt li
ekri Timote a, ap ekzòte l’ pou l’ kenben kòmandman yo san fot jiskaske Jezi
retounen avèk pouvwa Wa li, ak tout otorite l’.
Pi devan, nan Levanjil
la, Sen Lik prezante nou Jezi k’ap bay ansèyman sou «parabòl nèg ki t’ap simen
an». An nou wè nan ti refleksyon nou, kisa Jezi vle fè nou konprann atravè
parabòl sa a. Nou te kapab di, moun k’ap simen an se Jezi. Semans la, se pawòl
Bondye.
Chak moun gen yon fason
li akeyi semans pawòl la. Jezi rann li kont gen moun ki tande pawòl la, men yo
pa akeyi l’; dòt akeyi l’ men yo pa pratike l’; dòt tande pawòl la men yo kite
pwoblèm ak traka lavi a rache pawòl la nan kè yo; epi dòt koute pawòl la,
malgre tout difikilte yo rive mete l’ an praktik nan lavi yo.
Pawòl Bondye toujou
vivan e se menm pawòl sa a n’ap tande jodi a. Kòman mwen akeyi l’ nan lavi m’?
Ki fwi li pote nan lavi mwen? Èske lè m’ ale Legliz oubyen nan yon rankon
lapriyè, se pa lòt bagay m’ al okipe? Èske m’ pa kite pwoblèm lavi a fè m’ soud
pafwa ? An nou pwofite ansèyman Jezi ban nou jodi a atravè bèl parabòl sa a pou
de jou an jou, nou tounen pi bon tè pou semans pawòl Granmèt la kapab jèmen,
grandi epi pote bon jan fwi nan lavi nou.
LAPRIYÈ:
Bondye Granmèt, tanpri fè m’ tounen yon bon tè pou semans pawòl ou ka pote
fwi nan lavi mwen. Amèn.
PWOPOZISYON:
M’ap reflechi sou sa ki antrave kwasans semans pawòl Bondye a nan kè mwen.
No hay comentarios:
Publicar un comentario