Koulè
Vèt
PREMYE
LEKTI
“Kanta
ou menm, moun Bondye, suiv jistis la”.
NAN PREMYE LÈT APOT PÒL KI SEN POU TIMOTE
6, 2c-12
Ou menm mwen renmen
anpil la:
Se bagay sa yo pou ou
anseye, pou ou preche. Si yon moun anseye yon lòt fason, si l’ pa aksepte pawòl
Granmèt nou Jezikri ki solid yo, ni lansèyman ki regle sou relijyon an, se moun
k’ap leve tèt li, ki pa konn anyen, li gen maladi vire alantou kesyon ak batay
mo; nan bagay sa yo se lanvi ki leve, ak diskisyon, joure, move dout, kont ki
pa kapab fini ki sot nan moun ki gen lespri yo gate, ki pa gen laverite a, ki
konsidere relijyon an tankou bagay k’ap rapòte lajan.
Gen gran avantaj nan
relijyon an si nou kontante nou ak sa nou genyen. Nou pa t’ pote anyen sou tè
sa a: konsa tou, pa gen dout sou sa, nou pa kapab pote anyen sot sou tè sa a.
Si nou gen manje ak dekwa pou nou abiye, nou mèt satisfè avèk bagay sa yo. Sèke
moun ki vle vin rich yo, yo tonbe nan tantasyon ak nan pyèj dyab la, ak yon
pakèt lanvi ki pa sèvi anyen, ki pa bon, k’ap nwaye moun yo nan lanmò k’ap pèdi
yo. Rasin tout mal yo, se renmen lajan, moun ki met lide yo sou sa, yo devye
sot nan lafwa a, yo rale anpil soufrans sou pwòp tèt yo.
Kanta ou menm, moun
Bondye, kouri lwen bagay sa yo; suiv jistis la okontrè, relijyon an, lafwa a,
charite a, pasyans la, dousè a. Batay bon batay lafwa a, kenbe lavi tout tan
an, kote yo rele w’ la, sa ou te fè bèl deklarasyon lafwa pou li a devan pakèt
temwen yo.
Pawòl Granmèt la.
SÒM
REPONS
48,
6-7. 8-10. 17-18. 19-20
R/ Se chans pou sila yo
ki pòv nan lespri a, paske se pou yo rèy syèl yo ye.
Pouki pou m’ pè jou
malè yo, lè mechanste pwofitè yo ap antoure m’ nan? Yo menm ki met konfyans nan
fòs yo, yo menm k’ap fè lwanj tèt yo poutèt pakèt richès yo? R.
Sèke yon moun pa
delivre pwòp tèt li; li p’ap bay Bondye pri delivrans peche l’.
Pri delivrans nanm li
twò chè: l’ap manke jous nan dènye bout, pou l’ ta viv jouska lafen, pou l’ pa
ta wè lanmò.R.
Pa pè, lè yon moun vin
rich, lè richès lakay li ap vin anpil. Sèke, lè l’ap mouri, li p’ap pote tout
bagay sa yo, richès li p’ap desann avèk li.R.
Malgre li t’ap fè
konpliman pou nanm li nan lavi l’: “Y’ap fè lwanj ou, paske ou aji byen ak tèt
ou”; malgre sa l’ a pral jwenn ras zansèt li yo, ki p’ap janm wè limyè.R.
LEVANJIL
“Medam
yo te avèk Jezi, yo t’ap sèvi l’ ak byen yo”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN
8, 1-3
Lè sa a:
Jezi t’ap travèse vil ak
bouk yo, l’ap preche, l’ap anonse bòn nouvèl rèy Bondye a; douz yo te avèk li,
ni kèk medam li te geri sot anba pouvwa move lespri ak maladi: Mari, sa yo rele
Madlèn nan, sa l’ te wete sèt demon sot nan li a, Ján, madanm Chouza a, minis
Ewòd la, Sizán, avèk anpil lòt medam ki t’ap sèvi l’ ak byen yo.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl
Bondye a.
REFLEKSYON:
Nan tan sa yo, nou wè gen yon tandans pou
melanje tout bagay; gen moun ki vle mete tout bagay tèt anba. Gen moun ki menm
vle pran Legliz Bondye a pou yo regle biznis yo, de jou an jou divizyon ap
miltipliye, doktrin ap miltipliye, ti legliz ap pran nesans; nan yon sèl katye
nou kapab rive jwenn menm 10 “legliz”. Chak pyès kay tounen yon legliz! Gen
anpil lespri pèvèti ki preche bagay ki pa ale nan sans verite Levanjil la, gen
anpil moun k’ap kreye doktrin pou yo twonpe moun ki gen lespri yo fèb, moun ki
gen ti lafwa wòwòt nan Bondye.
Sa pa fè twò lontan,
mwen te monte yon bis: gen yon mesye ki te vini li monte nan bis la, li salye
pasaje yo epi envite yo fèmenm zye yo pou li fè yon lapriyè.
Aprè li fè lapriyè a,
li kòmanse mande moun yo lajan, paske li te pretann li vle konstwi yon “tanp”
pou Bondye. Gen kèk moun ki te ba li lajan nan machin nan, men nan yon ti tan
aprè zen te pete! Gen yon madanm ki te di mesye a ke li pa t’ gen lespri Bondye
nan li, li te pran diskite avèk li epi sa te anime lòt pasaje ki te nan machin
nan, yo tout pran ri, menm moun ki te gen tan ba li kòb pou soutni pwojè a.
Mesye a te santi li te wont e li pa t’ pran tan pou li te desann machin nan.
Mezanmi, lè yon moun
vin pale nou de Bondye, se pou nou chèchè disène si se ak senserite li vini pale
ak nou. Pou ka mesye sa, se sèlman Bondye ak li ki konn si li te sensè nan
entansyon li a. Mwen menm sèl kesyon mwen te poze tèt mwen se: Èske jounen jodi
a manke espas nan legliz, ki fè yon moun ta vle konstwi yon tanp pou Bondye?
Èske nou pa konstate gen plis tanp pase kretyen!
Jodi a, Apot Pòl ap di
nou fè atansyon ak moun k’ap anseye yon lòt fason ke fason Jezi montre nou an,
moun ki pa aksepte pawòl Granmèt nou Jezikri ki solid yo, ni lansèyman ki regle
sou relijyon an, moun k’ap leve tèt li, ki pa konn anyen, ki gen maladi vire
alantou kesyon ak batay mo; nan bagay sa yo se lanvi ki leve, ak diskisyon,
joure, move dout, kont ki pa kapab fini ki sot nan moun ki gen lespri yo gate,
ki pa gen laverite a, ki konsidere relijyon an tankou bagay k’ap rapòte lajan.
Si yon moun vle mache
ak Granmèt la, se pou li chèche pòv nan lespri li pou li kapab eritye wayòm
syèl la. Si yon moun ap chèche richès materyèl, li ka difisil pou li pòv nan
lespri li. Si nou wè, n’ap sèvi Bondye epi tout dezi nou yo pa konble, se pou
nou kontan, paske lè tout dezi yon moun konble, petèt sa ka fè li ogeye, sa ka
fè li pa santi nesesite pou Bondye ranpli li. Okontrè, nou dwe apran kontante
nou ak sa nou genyen, pou nou kapab lib pou sèvi Bondye. Konsa n’a liberte anba
chèn esklavaj byen materyèl. Chèche wayòm Bondye an premye epi tout lòt bagay
yo ap vini aprè.
LAPRIYÈ:
Granmèt, tanpri ban
mwen fòs pou mwen suiv ou san ipokrizi; pa kite mwen di ni fè anyen ki pa an
amoni ak pawòl ou a ki se pawòl lavi, pawòl liberasyon. Fè mwen mache nan limyè
pawòl la.
PWOPOZISYON:
Gade pou w’ wè nan ki fason ou konn kontredi pawòl Bondye a; mande Bondye
entelijans pou ou pa tounen patizan dyab la nan fason w’ap viv.
No hay comentarios:
Publicar un comentario