Koulè Vèt
PREMYE
LEKTI
"Men
m’ap vini, m’ap abite nan mitan ou".
LEKTI LIV PWOFÈT ZAKARI 2, 1-5. 10-lla
Mwen leve je m’, mwen
wè; men yon mesye, nan men l’ se yon kòd pou mezire, mwen di: "Ki kote w’a
prale?" Li di m’: "M’a pral mezire Jerizalèm epi m’a wè ki lajè l’,
ak ki longè l’".
Men Mesaje a ki t’ap
pale avèk mwen an vin ap sòti, yon lòt Mesaje pwoche devan fas li, li di l’:
"Kouri, pwoche pale ak ti gason sa a, w’a di: «Y’ap abite Jerizalèm san li
pa gen miray, poutèt kantite moun ak bèt ki nan mitan l’»."M’ap yon miray
dife pou li toutalantou l’, deklarasyon Granmèt la, m’ap yon bèlte nan mitan
l’".
"Fè lwanj, fè kè
ou kontan, pitit fi Siyon, paske men m’ap vini, m’ap abite nan mitan ou,
deklarasyon Granmèt la. Anpil nasyon ap kole kò yo sou Granmèt la jou sa a,
y’ap pèp mwen, m’ap abite nan mitan ou".
Pawòl Granmèt la.
SÒM
REPONS Jer 31, 10. ll-12ab. 13
(r.: lOd)
R/ Se pou Granmèt la
veye sou nou tankou yon gadyen sou bann mouton l’.
Koute pawòl Granmèt
la, nasyon yo, anonse l’ nan zile yo ki lwen yo, di "Sila a ki te gaye
Izrayèl la, l’ap rasanble l’, l’ap pwoteje l’, tankou yon gadyen fè pou bann
mouton l’".R.
Sèke Granmèt la delivre
Jakòb, li sove l’ sot nan men sa k’ pi fò a.
Y’ap vini, y’ap fè lwanj
sou mòn Siyon, y’ap rasanble vin nan richès Granmèt yo.R.
Lè sa a vyèj la ap
fete nan dans, ni jèn jan yo, ni granmoun yo tou; m’ap fè dèy yo a vin tounen
kè kontan, m’ap konsole yo, m’ap fè kè yo kontan, nan plas soufrans yo a.R.
LEVANJIL
"Pitit
moun nan, yo gen pou yo renmèt li. Yo te pè poze l’ kesyon sou pawòl sa
a".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN LIK 9,
43b- 45
Lè sa a:
Tout moun te sezi poutèt
tout bagay Jezi t’ap fè, li di disip li yo: "Mete pawòl sa yo byen nan kè
nou: «Pitit moun nan, yo gen pou yo renmèt li nan men lèzòm».
Men yo menm yo pa t’
konprann pawòl sa a, li te ret vwale devan yo, pou yo pa konprann li, epi yo te
pè poze l’ kesyon sou pawòl sa a.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl
Bondye a.
REFLEKSYON:
Jezi atire admirasyon
anpil moun akoz pawòl li ak zèv li. Kisa Jezi vle di menm lè li
di yo bay li a menm? (Pitit moun nan, yo gen pou yo renmèt li). Sa se yon
pawòl-kle sou lavi Jezi, men moun yo pa t' ko kapab konprann li. Petèt, menm de
mil ane aprè, nou poko konprann kisa sa vle di Jezi bay lavi li pou nou.
Si nou li e reli avèk atansyon premye
lekti a n’ap wè ke yo pale de mezi. Mezi
sa a y’ap pale de li a, se yon imaj ki fè referans ak restorasyon Jerizalèm.
Tankou nou jwenn sa
nan liv pwofèt Ekzekyèl 41,13, ki gen rapò ak restorasyon tanp lan. Yon
restorasyon k’ap reyalize totalman avèk sakrifis Jezi sou bwa lakwa a. Se pou
sa menm y’ap livre l’ pou l’ mouri. Se dènye sakrifis sa a ki restore tout
bagay. Paske se li menm ki lave tout pitit Bondye yo konplètman anba salte
peche a.
LAPRIYÈ: Jezi, tanpri gen pitye pou mwen.Paske mwen
se pechè.
PWOPOZISYON:
Si mwen te fè yon moun ditò, m’ap chache rekonsilye ak li.
No hay comentarios:
Publicar un comentario