Páginas

DIMANCH 1

Koulè Vèt
VENNSIZYÈM DIMANCH ÒDINÈ, ANE-A
PREMYE LEKTI
«Lè moun ki pa kòrèk la vire do bay peche l’ la, l’ap fè nam li jwenn lavi»
LEKTI LIV PWOFÈT EZEKYÈL 18, 25-28
Men pawòl Granmèt la:
«N’ap di: «Chemen Granmèt la pa dwat». Koute, kay Izrayèl: Èske se chemen m’ ki pa dwat, osinon se chemen pa nou yo ki move? Sèke si moun ki kòrèk la vire do bay jistis li a, li fè sa k’ pa kòrèk, epi li mouri nan yo, se nan sa li fè ki pa kòrèk yo l’ap mouri.
Men si moun ki pa kòrèk la vire do bay sa l’ fè ki pa kòrèk la, epi li reyalize jijman ak jistis, li menm l’ap fè nam li jwenn lavi; paske lè l’ kalkile, epi li vire do bay tout sa l’ te fè ki pa kòrèk yo, l’ap viv byen pròp, li p’ap mouri».
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 24, 4bc-5. 6-7. 8-9 (r.: 6a)
R/ Sonje bon kè ou, Granmèt.
Chemen ou yo, Granmèt, montre m’ yo, tras wout ou yo, aprann mwen yo.
Dirije m’ nan tras wout ou a, ban m’ leson, paske ou se Bondye delivrans mwen, se ou menm m’ap tann tout lajounen.R.
Sonje bon kè ou, Granmèt, ak kè sansib ou yo, paske se depi tout tan yo ekziste.
Peche m’ te fè depi m’ tou jèn ak fot mwen yo, pa sonje yo; daprè kè sansib ou, sonje m’, poutèt bon kè ou, Granmèt.R.
Granmèt la bon, li dwat, se pousa l’ap aprann moun ki nan peche yo chemen an; l’ap kondui moun ki dosil yo nan jijman an, l’ap aprann moun ki dou yo chemen l’ yo.R.
DEZYÈM LEKTI
{Si yo vle yo ka li Lekti sa a rive nan pati ki make avèk asterik la (*)}
«Se pou nou gen menm santiman anndan kè nou avèk sa ki te nan Jezikri yo»
LEKTI LÈT APOT PÒL KI SEN POU FILIPYEN YO 2, 1-11
Frè m’ yo:
Si gen yon konsolasyon nan Jezikri, si gen yon ankourajman charite, si gen yon kominyon lespri a, si gen zantray kè sansib, fè kè m’ kontan nèt, antan nou gen menm santiman, nou gen menm charite a, nou fè yon sèl kè, nou gen menm fason pou nou anvizaje bagay yo.Viv san nou pa gen okenn jalouzi, san nou pa chèche okenn bèlte ki vid, men antan nou rabese tèt nou pou chak moun konsidere lòt la kòm pi siperyè pase l’, san chak moun pa konsidere avantaj pèsonèl li, men okontrè afè lòt yo.
Se pou nou gen nan nou, menm santiman sa yo ki te nan Jezikri (*):
Li menm, malgre li te nan kondisyon Bondye, egal li egal avèk Bondye a, li pa t’ konsidere sa tankou yon bagay li kenbe pou pwòp tèt pa l’, men li vide pwòp tèt li antan li pran kondisyon esklav, li vin tankou tout moun, e daprè konpòtman l’ yo wè li se yon moun. Li rabese pwòp tèt li, antan li obeyi jous nan lanmò, lanmò lakwa a menm.Se poutèt sa Bondye leve l’ anlè, li ba l’ yon non, ki anlè tout non. Konsa, o non Jezi, tout jenou fèt pou plwaye nan syèl la, sou tè a ak anba tè a, epi tout lang pou deklare se Granmèt Jezikri ye pou bèlte Bondye Papa a.
Pawòl Granmèt la.
LEVANJIL
«Li regrèt, li pati. Pibliken yo ak fi movèz vi yo ap antre nan rèy Bondye a anvan nou»
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 21, 28-32
Lè sa a: Jezi di chèf prèt yo ak ansyen pèp la:
«Ki sa nou di nan sa? Yon moun te gen de pitit; li pwoche kot premye a, li di: «Pitit mwen, al travay nan jaden rezen m’ nan jodi a». Li menm li reponn, li di: «Mwen pa vle». Aprè sa li regrèt, l’ale. Li pwoche kot lòt la, li di l’ menm jan. Sila a menm reponn, li di: «M’a prale, mèt», men li pa ale. Kilès nan de yo ki te fè volonte papa a?»
Yo di l’: «Premye a».
Jezi di yo: «An verite mwen di nou, pibliken yo ak fi movèz vi yo ap pran devan nou nan rèy Bondye a. Sèke Jan rive kote nou nan chemen jistis la, epi nou pa t’ kwè nan li; pibliken yo menm ak fi movèz vi yo yo te kwè nan li; nou menm menm malgre nou wè, nou pa menm gen yon santiman ki fè nou regrèt aprè, pou nou ta kwè nan li».
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Jodi a nou rive nan vensizyѐm dimanch tan dinѐ, ane A. Bondye ap pale ak nou atravè Pawòl li a, ki se lanp k’ap klere chemen nou:
Nan premye lekti a, pwofѐt Ezekyѐl ap fѐ nou sonje ke lѐ yon moun debyen tonbe nan fѐ mal, l’ap mouri e l’ap mouri pou menm mal li komѐt la ; men lѐ yon moun ki t’ap fѐ mal, konvѐti epi li pratike lajistis, li sove lavi li pou kont li.Si li kite sa li t’ap fѐ ki mal la pou tout bon, l’ap viv li p’ap janm mouri.
Pi devan, nan sòm 24 la, salmis la ap fѐ nou sonje kὸman mizerikὸd Bondye pou nou ap dire pou toutan. Se sa k’ fѐ nou menm, si nou vle sove, nou dwe toujou chѐche mizerikὸd Bondye, paske li vle pou nou tout sove, li pa vle pou nou youn pѐdi.
Se konsa, nan dezyѐm lekti a, Sen Pὸl, nan lѐt li ekri Legliz Filip la, li ankouraje yo e li ankouraje nou pou n’ genyen menm santiman avѐk Jezikri nan chѐche enterѐ lὸt yo anvan tout bagay, paske li menm, malgre li se Bondye, li pa rete nan ran Bondye, men li fѐ li tounen moun pou li kapab sove nou.
Nan Levanjil la, Jezi adrese lapawὸl ak chѐf prѐt ak farizyen yo, li pale avѐk yo an parabὸl, li di yo: yon moun te genyen 2 pitit gason, li mande premye a al travay nan jaden, li di non men aprè sa, li reflechi li ale. Li mande dezyѐm nan menm bagay la, li di wi, men aprè sa li pa ale. Li poze yo kesyon, ki moun nan de a ki fѐ volonte Papa a; yo di l’ premye a. Kisa Jezi te vle fѐ yo konprann ekzakteman? Li te vle fѐ yo konprann, yo menm ki pran pὸz yo konnen lalwa pase tout moun, e ki kwè yo deja devan yo, pa bzwen fѐ okenn jefὸ. Ebyen Jezi vle fѐ yo konnen ke tout lὸt moun yo konsidere mal nan sosyete a, tankou pibliken yo, fanm movѐz vi yo, yo kapab rive jwenn chemen syѐl la avan yo, nan dezi ke yo menm yo deside chanje lavi yo. 
Jodi a, pawl sa a adrese avѐk nou menm ki deja sou wout syѐl la, fk nou fѐ jef pou nou pa fѐ bak, pou sa ki te dѐyѐ pa pran devan nou : si nou di «wi», fk nou kapab kenbe «wi» nou an, nou dwe rekonèt tou ke Jezi pa t’ vini pou l’ sove yon psyon moun, men li te vini pou tout moun kapab genyen lavi an kantite.
LAPRIYÈ : Jezi Granmѐt, ou menm, ou menm ki vle lavi pou tout moun, tanpri, ede nou pran anjajman an favè lavi ansanm ak ou, ak yon kè ki sensè. Konsa n’a rive an Wayòm syѐl la. Amѐn

PWOPOZISYON:Mwen p’ap kouri bwi pou di mwen se kretyen, men m’ap montre sa nan fason m’ap aji, nan kalite trètman m’ap bay pwochen mwen.

No hay comentarios:

Publicar un comentario