Koulè Vèt
ANJ GADYEN YO KI SEN
(Memwa)
PREMYE LEKTI
"M’ap sove pèp mwen an sot nan peyi solèy leve ak solèy kouche".
LEKTI LIV PWOFÈT ZAKARI 8.1-8
Jou sa yo:
Pawòl Granmèt lame yo rive, li di:
"Men pawòl Granmèt lame yo: 'Mwen jalou pou Siyon ak yon gran jalouzi, mwen
jalou pou li ak yon gran kòlè'.
Men pawòl Granmèt lame yo: 'M’ap
tounen nan Siyon, m’ap abite nan mitan Jerizalèm, y’ap rele Jerizalèm vil laverite
a, ak mòn Granmèt lame yo mòn ki sen an'.
Men pawòl Granmèt lame yo: 'Gran
papa ak grann ap abite nan laplas Jerizalèm ankò, ak mesye ki gen baton nan men
yo, poutèt anpil laj yo. Laplas lavil
la ap plen ak ti moun ak jèn fi k’ap jwe nan laplas li yo'.
Men pawòl
Granmèt lame yo: 'Si bagay sa a parèt difisil nan je rès pèp sa a nan jou sa
yo, èske l’ap difisil nan je pa m’?' deklarasyon Granmèt lame yo.
Men pawòl
Granmèt lame yo: 'Men m’ap sove pèp mwen an sot nan peyi solèy leve ak nan peyi
solèy kouche, m’ap mennen yo, y’ap abite nan mitan Jerizalèm, y’ap pèp mwen, m’ap
Bondye yo nan laverite ak nan jistis'".
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 101,
16-18. 19-21. 29 e 22-23 (r.: 17)
R/ Granmèt la bati Siyon, li parèt nan bèlte l’.
Nasyon yo ap
respekte non ou, Granmèt, tout wa yo sou tè a ap respekte bèlte ou la; paske
Granmèt la ap bati Siyon, l’ap parèt nan bèlte l’.
L’ap voye je
sou lapriyè pòv la, li p’ap meprize lapriyè yo a.R.
Se pou yo ekri
bagay sa yo pou lòt jenerasyon an, pèp y’ap kreye a, l’ap fè lwanj Granmèt la.
Paske li
panche sot nan kay sakre l’ la anwo a, Granmèt la gade sou tè a, antan l’ nan syèl
la; pou l’ koute rèl prizonye yo, pou l’ delivre pitit lanmò yo.R.
Pitit sèvitè ou
yo ap abite, ras yo ap asire devan fas ou,
pou yo anonse
non Granmèt la nan Siyon, avèk lwanj li nan Jerizalèm;
lè pèp yo ap
rasanble pou yo fè yon sèl, avèk rèy yo, pou yo sèvi Granmèt la.R.
LEVANJIL
"Sila a ki pi piti nan pami nou tout la, se li menm ki pi gran".
MEN BÒN
NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN LIK 9,
46-50
Lè sa a:
Disip yo t’ap
fè diskisyon: kilès nan yo ki pi gran.
Jezi menm wè
kalkil kè yo, li pran yon ti moun, li fè l’ kanpe bò kote l’, li di yo:
"Tout moun ki resevwa ti pitit sa a o non m’, se mwen menm li resevwa; epi
tout moun ki resevwa m’, li resevwa sila a ki voye m’ nan. Reyèlman vre, sila a
ki pi piti nan pami nou tout la, se li menm ki pi gran".
Jan menm pran
lapawòl, li di: "Mèt, nou te wè yon moun ki t’ap chase demon yo o non ou,
nou te anpeche l’, paske li pa t’ap suiv avèk nou".
Jezi menm di l’:
"Pa anpeche l’; paske moun ki pa kont nou, se pou nou li ye".
REFLEKSYON: Jodi a, n’ap selebre
memwa zanj gadyen yo. Depi lontan, farizyen ak sadiseyen yo te konn fè gwo
diskisyon sou ekzistans zanj gadyen yo; sadiseyen yo di se sèlman nan
imajinasyon moun ki inyoran yo zanj gadyen yo te ekziste.
Jezi te pwofite yon
okazyon pou li mete bagay yo klè. Li te rele yon ti moun, li plase li nan mitan
yo e li deklare: (…) ‘Atansyon pou nou pa meprize youn
nan ti piti sa yo; mwen di nou reyèlman, zanj pa yo nan syèl la, se tout tan
y’ap gade fas Papa m’ ki nan syèl la». (Mt 19,2-3.10). Ekzistans zanj la yo «se
yon verite lafwa. Temwayaj Labib la klè menm jan ak Tradisyon an» (Katechis Legliz Katolik, n.328).
-Mwen menm Jezi, mwen pa t’ janm doute
sou ekzistans zanj yo. Lè m’ te tou piti
manman m’ te konn fè m’ sonje sa chak maten lè m’ ta pral lekòl. Anj gadyen
mwen te gide mwen jous pou rive nan sasèdòs la. Yon lòt fwa ankò, Katechis la
fè nou konnen: «Depi tou piti pou rive jous nan lanmò, lavi moun antoure ak
sekirite zanj yo ak entèsesyon yo. ‘Chak fidèl genyen bò kote li yon pwotektè
ak pastè ki pou mennen li nan lavi.’ (Sen Bazil)» (n.336).
Sen Jozemari rekòmande non sèlman pou nou gen yon devosyon
pou zanj yo, men tou pou nou fè zanmi ak yo. «Fè anj gadyen ou konfyans.-Trete li tankou yon zanmi ke ou renmen- Se
sa li ye- e l’ap rann ou yon pakèt sèvis nan sa w’ap fè chak jou».
-Byen souvan, mwen mande li konkou li e li pa janm manke
mwen. «Ou etone paske anj gadyen ou rann
ou anpil sèvis ki parèt byen klè.- Ou pa ta dwe: Se pou rezon sa a Granmèt la
te mete li bò kote ou». E lè m’ap mache nan lari, mwen panse: petèt entèl
pa konnen si li gen yon anj gadyen bò kote li. Anj, ede li! Se yon bagay mwen aprann
nan men Sen Jozemari: «Pran abitid rekòmande chak moun ou konnen nan men anj
gadyen li».
Kidonk, «tout lavi Legliz la
benefisye èd zanj yo yon fason ke entelijans moun pa rive konprann», selon sa
nou jwenn nan Katechis (n.334). - Ala rezon mwen genyen pou mwen di Bondye mèsi
ak Manman li, Rèn zanj yo!
LAPRIYÈ: Bondye, depi davans, yon jan ki depase mezi espri nou, ou te voye Anj ou yo
ki sen yo pou pwoteje nou, tanpri, nou menm k’ap priye ou, fè nou favè pou nou
toujou jwenn defans nou nan pwoteksyon yo, epi pou nou jwi ansanm avèk yo pou
tout tan. Pa pouvwa Jezikri.
PWOPOZISYON:Pran konsyans de prezans anj gadyen mwen ki bò
kote mwen ; m’ap tounen yon anj gadyen pou yon moun ki nan sitiyasyon
danje jodi a.
No hay comentarios:
Publicar un comentario