Páginas

MADI 3

Koulè Vèt.
PREMYE LEKTI
"Anpil pèp ap vini pou yo chèche Granmèt la nan Jerizalèm".
LEKTI LIV PWOFÈT ZAKARI 8, 20-23
Men pawòl Granmèt lame yo:
"Pèp yo ap vin sòti byen lwen, yo menm ki abite nan anpil vil yo, youn a pral kot lòt, y’ap di: 'Ann al lapriyè fas Granmèt la, ann al chèchè Granmèt lame yo; antouka, mwen menm m’a prale'. Anpil pèp ap vini, ak nasyon ki gen pouvwa, pou yo chèche Granmèt lame yo nan Jerizalèm, epi pou yo lapriyè fas Granmèt la".
Men pawòl Granmèt lame yo:
"Jou sa yo, dis moun ap sòti nan tout lang nasyon yo, y’ap kenbe fil rad yon Juif, y’ap di: "N’a pral avèk nou, n’ap koute nou, paske Bondye avèk nou".
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 86, 1-3. 4-5. 6-7 (r.: Zak 8, 23)
R/ Bondye avèk nou.
Fondasyon l’ yo sou mòn yo ki sen yo;
Granmèt la renmen pòt Siyon yo pase tout joupa Jakòb yo.
Y’ap di bèl bagay sou ou, vil Bondye a.R.
M’ap sonje Raab ak Babilòn pami sila yo ki konnen m’ yo;
men Filisti ak Tir avèk Etyopi, sila yo fèt isit la.
Sou Siyon, y’ap di: "Sila a ak sila a fèt ladan l’,
Sila a ki anwo nèt la rann li fèm".R.
Granmèt la ekri nan liv pèp yo: "Sila yo fèt isit la".
Y’ap chante tankou moun k’ap kondui gwoup dans:
"Tout sous mwen yo nan ou".R.
LEVANJIL
"Li mare min li, pou l’ monte Jerizalèm".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN LIK 9, 51-56
Lè jou yo rive pou yo pran Jezi, li mare min li pou l’ monte Jerizalèm. Li voye mesaje devan l’, y’ale yo antre nan yon vil Samariten yo pou yo pare manje pou li. Men yo pa resevwa yo, paske fas li te bay nan direksyon Jerizalèm.
Lè disip li yo, Jak avèk Jan, wè sa, yo di: "Granmèt, èske ou vle pou nou di dife desann sot nan syèl la pou l’ boule yo?"
Li vire, li fè yo lobsèvasyon, li di: "Nou pa konnen ki lespri nou genyen. Pitit moun nan pa vini pou l’ touye, men pou l’ sove".
Y’ale nan yon lòt vil.
An nou fè lwanj ak konpliman pou Pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: «Li vire, li fè yo lobsèvasyon»
Jodi a n’ap kontanple kòman «Jak avèk Jan, wè sa, yo di: "Granmèt, èske ou vle pou nou di dife desann sot nan syèl la pou l’ boule yo?". «Li vire, li fè yo lobsèvasyon» (Lik 9,54-55). Granmèt la korije defo apot yo.
Yon ti istwa: te gen yon endyen ki te konn al chèche dlo ak 2 bokit; chak bokit pandye sou chak pwent yon baton li te konn pote sou zèpòl li: gen youn nan bokit yo ki te kòrèk nèt, lòt bokit la te bèl anpil men li te koule. Lè bokit sa wè jan lòt la te anfòm, li te wont, epi yon jou li eksplike endyen an kòman li te tris akoz li te koule, li te sèlman pote mwatye nan dlo ke li te kapab pote e vann. Lè sa a, endyen an di li: «Lè w’ap antre nan kay la, voye je ou gade flè yo k’ap pouse bò chemen an. Epi bokit la wè kijan flè yo te trè bèl, men li rann li kont yon lòt fwa ankò kijan li t’ap pèdi dlo, alò li di «mwen pa itil anyen. Mwen fè tout bagay tèt anba».
Endyen an reponn li: «Èske ou te rann ou kont bèl flè yo se nan bò pa w’ la sèlman yo ye?  Mwen te byen konnen ou te koule e mwen te vle tire avantaj de sa, mwen te plante flè nan bò pa w’ la sou wout la e ou menm ou wouze yo sou tout bò chemen an, e se konsa mwen te kapab keyi flè sa yo pou dekore lotèl Lasent Vyèj la. Si se pa t’ ou menm, jan ou ye a, mwen pa t’ap kapab gen bèl dekorasyon sa a»
Nou menm tou, nan yon fason oubyen nan yon lòt, nou tout nou se bokit ki koule, men Bondye li menm ki konnen nou si tèlman byen, li ba nou posiblite pou nou jwenn avantaj nan defo nou yo, pou nou kapab fè yon bagay ki bon. Se konsa, jodi a, Apot Jan ki te vle detwi tout bagay la, aprè Jezi fin fè li lobsèvasyon, li vin tounen apot lanmou. Li pa dekouraje lè Granmèt la korije li, men li jwenn avantaj nan pwòp karatè li te genyen an, nan pasyon li te genyen pou mete li nan sèvis lanmou an.
Nou menm tou, nou dwe aprann tire pwofi nan koreksyon yo fè nou, nan kontraryete, nan soufrans, nan echèk, nan limit nou yo, pou nou kapab kòmanse e rekòmanse. Nou dwe fè nou dosil antan n’ap kite Lespri Bondye itilize nou kòm enstriman pou konstwi sosyete nouvo.
LAPRIYÈ: Bondye Papa, ou konnen m’ plis pase mwen menm: ou konnen panse mwen, dezi mwen, defo mwen, angwas mwen, enkyetid mwen. San ou mwen pa anyen. Tanpri, fè m’ apiye sou ou pou m’ kapab gen valè, pou m’ kapab itil.

PWOPOZISYON: M’ap pran konsyans Bondye renmen mwen menm si mwen pa merite sa, e poutèt sa mwen p’ap jije ni kondane pwochen mwen akòz feblès oubyen mankman li. 

No hay comentarios:

Publicar un comentario