Koulè
Vèt
VENTNEVYÈM DIMANCH ÒDINÈ, ANE-A
Jounen
Mondyal Misyon.
PREMYE
LEKTI
«Mwen pran
men dwat Siris, pou m’ fè nasyon yo obeyi devan fas li»
LEKTI LIV PWOFÈT IZAYI
45, 1. 4-6
Men pawòl Granmèt la pou Siris,
sila a mwen sakre a, li menm mwen pran men dwat li a, pou m’ fè nasyon yo obeyi
devan fas li a pou m’ fè wa yo plwaye do yo, pou m’ louvri pòtay yo devan l’,
epi pou pòt yo pa fèmen:
Poutèt sèvitè m’ Jakòb avèk
Izrayèl mwen chwazi a, mwen rele ou sou non ou, mwen adopte ou, san ou pa t’
konnen m’. Se mwen menm Granmèt la, pa gen lòt; andeyò m’, pa gen Bondye; mwen
mare senti nan tay ou, men ou pa t’ konnen m’; sila yo ki depi kot solèy leve a
jous kote l’ kouche a, se pou yo kapab konnen si se pa mwen menm, nanpwen: se
mwen menm Granmèt la, pa gen lòt.
Pawòl Granmèt la.
SÒM
REPONS 95, 1 e 8, 4-5. 7-8. 9-10 e c (r.: 7b)
R/ Pote bèlte ak pouvwa bay Granmèt la
Chante pou Granmèt la yon kantik
nouvo, chante pou Granmèt la, tout tè a.
Anonse bèlte l’ pou nasyon yo,
nan tout pèp yo mèvèy li yo.R.
Sèke Granmèt la gran, li merite
anpil lwanj, li terib pase tout dye yo.
Paske tout dye nasyon yo se pa
anyen, men se Granmèt la ki fè syèl yo.R.
Pote bay Granmèt la, fanmi pèp
yo, pote bay Granmèt la bèlte ak pouvwa; pote bay Granmèt la bèlte non l’. Pote
kado, antre nan lakou l’ yo.R.
Adore Granmèt la nan bèlte l’ ki
sen an. Tranble devan fas li, tout tè a, di nan nasyon yo: «Granmèt la wa»;
l’ap jije pèp yo nan jistis.R.
DEZYÈM
LEKTI
«Sonje
lafwa nou, charite nou avèk lesperans nou».
LEKTI PREMYE LÈT APOT PÒL KI SEN POU
TESALONISYEN YO 1, 1 -5b
Pòl ak Silven ak Timote, pou
legliz Tesalonisyen yo nan Bondye Papa a ak Granmèt Jezikri. Favè pou nou ak
lapè.
Nou di Bondye mèsi tout tan pou
nou tout, antan n’ap sonje nou nan lapriyè nou san rete; n’ap sonje travay
lafwa nou, ni lapenn nou, ni charite nou, ni andirans espwa Granmèt nou Jezikri
devan Bondye Papa nou. Frè nou yo Bondye renmen an, nou konnen kijan li chwazi
nou: Evanjil nou an pa t’ rive kote nou nan pawòl sèlman, men nan pouvwa ak nan
Lespri Sen an, ak nan anpil mèvèy ki kòrèk nèt.
Pawòl Granmèt la.
LEVANJIL
«Renmèt
Seza sa k’ pou Seza, epi Bondye sa k’ pou Bondye»
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI
SEN
22, 15-21
Lè sa a:
Farizyen yo pati, yo fè konplo
pou yo kenbe Jezi nan pawòl.
Yo voye disip pa yo kote l’ avèk
disip Ewòd yo, yo di: «Mèt, nou konnen ou di laverite, ou anseye chemen Bondye
a nan laverite, ou pa okipe pèsònn; an verite, ou pa kite figi moun dekontwole
ou. Konsa di nou: Ki sa ou di nan sa? Èske nou gen dwa peye taks bay Seza, wi
ou non?»
Jezi menm te konnen mechanste
yo, li di: «Ipokrit pouki sa n’ap eseye m’ nan? Montre m’ pyès lajan taks la».
Yo pote yon goud ba li.
Jezi di yo: «Pòtre ki moun sa a
ye, epi ki non ki ekri sou li?
Yo di l’: «Seza».
Lè sa a atò li di yo: «Renmèt Seza
sa k’ pou Seza, epi Bondye sa k’ pou Bondye».
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl
Bondye a.
REFLEKSYON:
Jodi a se ventnevyѐm dimanch tan ὸdine,
Ane-A. Yon lὸt fwa ankὸ n’ap kontinye ti refleksyon nou yo sou pawὸl Bondye a,
paske se sou li lavi nou kore.
Nan premye moso Labib la, y’ap
montre nou Siris, wa Pѐs la yo kalifye avѐk yon gwo non ki se ‘‘moun Bondye
sakre a’’. An reyalite, se pa ti bagay piti li te fè pou Izrayѐl. Se li menm ki
te mete fen nan depὸtasyon Babilὸn nan, li te rive rekipere tout objѐ lὸ ak
ajan ke wa Nabikodonozὸ te deplase. Li te menm pwoklame yon dekrѐ pou rekonstwi
tanp Jerizalѐm nan.
Izayi ap fѐ nou konprann tou ke
se Bondye sѐl ki Granmѐt la. Bondye pa sѐlman
Bondye Izrayѐl, men li
se sѐl Bondye
ki ekziste.
Levanjil la prezante nou yon
rankont ki gen anpil sans ant Jezi avѐk farizyen yo. Yo te tann yon pyѐj pou
Jezi pou yo te ka fe l’ tonbe. Yo poze l’ yon kesyon pou yo te ka mare pye l’:
‘‘Èske nou dwe peye taks bay Seza?’’ Men Jezi ki te gen tan konnen entansyon
yo, li ba yo yon repons ki te fѐ tout ipokrit, tout advѐsѐ sezi: ‘‘Bay Seza sa
k’ pou Seza, bay Bondye sa k’ pou Bondye’’. Avѐk pawὸl sa a, Jezi mete advѐsѐ
yo nan konfizyon total epi anseye yo sa nou dwe ofri Bondye, sa ki dwe vini pou
li, li menm ki kreye nou, li menm ki mѐt lavi nou ak mѐt istwa nou.
Pawὸl Jezi plen avѐk sajѐs, li
montre kὸman lavi moun se yon bagay sakre, se sa k’ fѐ se pou Bondye li ye, se
li menm ki mѐt lavi nou. Donk, jan farizyen yo te konprann li, Bondye p’ap tann
anyen materyѐl nan men nou, men sa nou dwe ofri li pou fè li plezi, se pwὸp
lavi nou, antan n’ap mete tout nou menm nan sѐvis lὸt yo. An nou aprann bay
Bondye sa k’ pou Bondye epi bay lѐzὸm sa k’ pou lѐzὸm; konsa n’a sispann
konsidere moun tankou Bondye epi n’a sispann mete yo nan plas Bondye.
LAPRIYÈ: Granmѐt Jezi, fѐ nou kwѐ pi fѐm nan ou,
konsa menm jan pyѐs lajan an te gen imaj Seza grave sou li, nou menm tou, chak
kretyen vivan n’a gen imaj Bondye grave sou nou ak nan kѐ nou. Amѐn
PWOPOZISYON: M'ap rekonèt tout sa mwen genyen ki bon, se gras Bondye.
No hay comentarios:
Publicar un comentario