Koulè Vèt.
PREMYE LEKTI
"Malgre difikilte nan lesperans la, li kwè nan lesperans la".
LEKTI LÈT
APOT PÒL POU WOMEN YO 4, 13.16-18
Frè m’ yo:
Se pa lalwa a
ki sèvi garanti pwomès pou Abraam osinon pou desandans li yo, pou l’ te eritye
tè a, men se jistis lafwa a. Konsa se lafwa a, daprè favè a, ki asire pwomès la
pou desandans la, pa pou sila yo ki regle sou lalwa a sèlman, men pou sila yo
ki pitit Abraam antan yo regle sou lafwa a. Abraam sa a ki papa nou tout (jan
sa ekri a: "M’ap fè ou vin papa tout pakèt nasyon yo"), li papa nou devan
Bondye sa a li te mete lafwa nan li a, Bondye sa a ki fè mò yo viv la, epi ki rele
sa k’ pa ekziste yo menm jan ak sa k’ ekziste yo.
Li menm,
malgre sa lesperans la ye a, li kwè nan lesperans la, pou l’ te kapab vin papa
tout pakèt nasyon yo, daprè sa yo te di l’: "Se konsa desandans ou ap ye".
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS
104, 6-7. 8-9. 42-43 (r.: 8a)
R/ Granmèt la te sonje kontra l’ pou tout tan gen tan.
Ras Abraam,
sèvitè l’ la, pitit Jakòb yo, sila a li chwazi a.
Se li menm ki
Granmèt Bondye nou; jijman l’ yo sou tout tè a.R.
Li sonje
kontra l’ la pou tout tan, pawòl li kòmande pou mil jenerasyon yo,
Sa l’ te regle
avèk Abraam nan, ak sèman li te fè bay Izaak la.R.
Paske li sonje
pawòl li ki sen an pou Abraam sèvitè la.
Li kondui pèp
li nan kè kontan,
sila yo li te
chwazi a li kondui yo nan fèt.R.
LEVANJIL
"Lespri Sen an ap aprann nou nan lè sa a menm sa n’ap gen pou nou
di".
MEN BÒN
NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN LIK 12, 8-12
Lè sa a: Jezi
di disip li yo:
"Tout
moun ki rekonèt mwen devan lèzòm, Pitit moun nan ap rekonèt li tou devan Mesaje
Bondye yo, men sa ki nye m’ devan lèzòm, m’ap nye l’ devan Mesaje Bondye yo.
Tout moun ki
di yon pawòl kont Pitit moun nan, y’ap padonnen l’; men moun ki derespekte Lespri
Sen an, yo p’ap padonnen l’. Lè yo fè nou konparèt nan kay reyinyon yo ak devan
majistra yo ak otorite yo, pa pran tèt chaje pou ki mòd jan oubyen ki sa n’ap reponn
oubyen ki sa n’ap di; Lespri Sen an ap aprann nou, nan lè sa a menm, sa nou gen
pou nou di".
An nou fè lwanj ak konpliman pou Pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: «Lespri Sen
an ap aprann nou nan lè sa a menm sa n’ap gen pou nou di».
Jodi a, yon lòt fwa ankò, pawòl
Jezi yo envite nou rekonèt li devan lèzòm: "Tout moun ki rekonèt mwen devan lèzòm, Pitit moun nan ap rekonèt li tou
devan Mesaje Bondye yo, men sa ki nye m’ devan lèzòm, m’ap nye l’ devan Mesaje
Bondye yo»(Lik 12,8). N’ap viv nan yon epòk kote sosyete a envite chak moun
viv lafwa yo pou kont yo nan yon ti kwen, an prive. Lè yon kretyen, yon prèt,
yon evèk, Pap la… di yon bagay piblikman, menm si anpil moun konprann, sa
deranje, paske se yon disip Kris la ki pale, se kòm si li pa gen dwe menm jan
ak tout moun, pou li di sa l’ panse. Nou menm kòm kretyen, nou gen misyon pou anonse
Levanjil la, toutotan sa kapab deranje lòt moun. De tout fason, se Lespri Sen
an ki abite nan moun ki louvri kè yo ba li, se li k’ap aprann nou sa n’ap gen
pou di.
Atak
nou sibi kòm manb Legliz la (pafwa yo atake nou ak rezon pou defo nou), se pa
menm bagay lè yo atake Jezi (lè yo gade li sèlman nan dimansyon moun), oubyen
lè yo atake Lespri Sen swa antan yo fè fo temwayaj sou li, oubyen antan yo
ekzistans Bondye oubyen kalite ki sòti nan Bondye.
Bondye
Li menm li di gen peche li p’ap padone, si pechè a pa rekonèt peche li: «Tout
moun ki pale mal sou Moun Bondye voye nan lachè a, y'a padonnen yo. Men, moun
ki pale mal sou Sentespri a yo p'ap padonnen yo sa (Lik 12,10).
LAPRIYÈ:
Lespri Sen, tanpri aprann nou sa pou nou di lè n’ap pale de Bondye.
PWOPOZISYON:
Mwen p’ap kite pèsonn entimide mwen.
Ak konkou Lespri Sena n, m’ap kontinye ranpli misyon pwofetik mwen.
No hay comentarios:
Publicar un comentario