Páginas

VANDREDI 20

Koulè Vèt
PREMYE LEKTI
"Abraam kwè nan Bondye, sa sèvi l’ kòm jistis".
LEKTI LÈT APOT PÒL KI SEN, POU WOMEN YO 4,1-8
Frè m’ yo:
Kisa nou di Abraam te jwenn, li menm zansèt nou daprè chè a? Reyèlman vre, si Abraam te vin kòrèk poutèt aksyon yo, li gen bèlte, men se pa kot Bondye. Ki sa labib la di? "Abraam kwè nan Bondye, e sa ba l’ konsiderasyon l’ap vanse nan sa k’ fè l’ korèk la".
Moun ki travay, yo pa konsidere rekonpans li tankou yon favè, men tankou yon dwa; men moun ki pa travay, men ki kwè nan sila a ki fè sa k’ pa kòrèk vin kòrèk la, yo konsidere lafwa l’ kòm jistis daprè desizyon favè Bondye a. Jan David li menm di kijan moun sa a gen chans, sa Bondye resevwa a, li ba l’ jistis la san travay yo.
"Se chans pou sila yo yo padonnen fot yo, yo kouvri peche yo. Se chans pou moun sa a Granmèt la pa konsidere peche l’ la".
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 31, 1-2. 5. 11 (r.: cf. 7)
R/ Ou se kachèt pou mwen, ak kè kontan delivrans la ou vlope m’.
Se chans pou moun yo padonnen fot li, yo kouvri peche l’.
Se chans pou moun Granmèt la pa konsidere kòm koupab, ki pa gen riz nan lespri l’.R.
Mwen fè ou konnen peche m’ nan, mwen pa kache fot mwen an.
Mwen di: "M’ap deklare fot mwen an devan Granmèt la". Ou menm ou padonnen fot peche m’ nan.R.
Fè kè nou kontan nan Granmèt la, fete, nou menm ki kòrèk yo. Leve tèt nou, nou tout ki gen kè nou dwat yo.R.
LEVANJIL
"Tout cheve tèt nou konte".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN LIK 12, 1-7
Lè sa a:
Anpil foul te antoure Jezi, si tèlman youn t’ap mache sou pye lòt; Jezi kòmanse di disip li yo: "Fè atansyon leven farizyen yo, sa vle di jan yo ipokrit. Nan pwen anyen ki kache ki p’ap devwale, ni anyen ki an kachèt yo p’ap konnen. Sa nou di nan fènwa, y’ap di l’ nan limyè, epi sa nou pale nan zòrèy anndan chanm, y’ap preche l’ sou tèt kay.
Nou menm zanmi m’ yo, mwen di nou: Pa pè moun yo k’ap touye kò a, epi aprè sa yo pa kapab fè anyen pi plis. M’ap montre nou kilès pou nou pè: se pou nou pè sila a, lè l’ fin touye a, ki gen pouvwa pou l’ jete nan lanfè a. Wi, mwen di nou, se sila a pou nou pè.
Èske yo pa vann senk ti zwazo pou de goud, epoutan youn nan yo, Bondye pa bliye l’? Men tout cheve nan tèt nou yo konte.
Konsa, pa pè: nou vo plis pase anpil zwazo".
An nou fè lwanj ak konpliman pou Granmèt la.
REFLEKSYON: Frè ak sè m’ yo, nan yon ansiklik Sen Jan Pòl II te ekri lè li te pap, li te montre kijan lafwa ak larezon se 2 bagay ki fondamantal nan lavi nou e ki kapab fè nou rive jwenn Bondye. Yon sèl fraz li te ekri nan liv la kapab rezime tout sa li te vle di lè li t’ap ekri li «Lafwa ak larezon se tankou 2 zèl yon sèl zwazo ki pèmèt moun nan vole pou rive jwenn Bondye». Tèks litiji pawòl Bondye pou jodi a ap ede nou konprann puisans lafwa a nan moun ki korèk la. Nou gen Abraram kòm ekzanp: se te yon nèg ki te kwè nan Bondye atèl pwen li te prè pou sakrifye Izaak, sèl pitit gason li te genyen an ; se poutèt sa yo konsidere l’ tankou yon nèg ki kòrèk; se chans pou moun Bondye fè vin kòrèk san li pa gade sou zèv li yo.
Lafwa Abraram nan, se yon konfyans total nan Bondye (Sila a ki toujou kenbe pwomès li).Nan listwa lèzòm, Abraam se premye moun ki te montre li nou pa ka mezire lafwa nou nan Bondye. Se poutèt sa yo rele l’ ‘papa tout pèp ki gen lafwa’. Bondye fidèl, li toujou kenbe pwomès li.
Nou menm, lè nou gen yon responsablite, se pou nou pran sa o serye, epi fè travay nou byen, ak kè kontan. Nou pa dwe bliye misyon nou kòm sèl ak limyè tè a ; se tout lavi nou ki dwe yon temwayaj lavi ak renmen pou sosyete a, pandan n’ap pran prekosyon ak ledven Farizyen yo. Jezi se modèl nou. Se sou li pou nou kopye. Se li menm ki envite nou gen konfyans. Si nou fè Bondye konfyans tout bon, nou p’ap bezwen chèche sekirite nan lajan ni nan zanmi; nou p’ap pè pèsekisyon ni kalomni ni lanmò. Jezi ki rele nou pou nou mache ak li, l’ap toujou la pou l’ede nou avanse, li konnen kisa nou bezwen ; menm jan ak ti zwazo yo, nou p’ap manke anyen. Nou gen anpil valè nan je Bondye, se Li menm k’ap pran swen nou. Se Li menm ki gen gouvènay bato lavi nou. Pa pè. Pa fè kè sote. Lè nou Bondye nou toujou byen kore. Menm si lanmè move, san pwoblèm n’ap sove.
LAPRIYÈ: Bondye Granmèt, ou menm ki gen kontwòl lavi nou, tanpri fè nou jwenn sekirite nou chak jou nan ou. Pa pouvwa Jezikri. Amèn.

PWOPOZISYON: M’ap fikse je mwen sou Jezi k’ap ban mwen tout sa mwen bezwen pou jodi a ak pou demen.

No hay comentarios:

Publicar un comentario