Páginas

JEDI 19

Koulè Vèt.
PREMYE LEKTI
"Moun nan vin kòrèk gras a lafwa a, san aktivite lalwa a".
LEKTI LÈT APOT PÒL KI SEN, POU WOMEN YO 3, 21-30a
Frè m’ yo:
Koulye a san lalwa a jistis Bondye a parèt, lalwa a ak pwofèt yo sèvi l’ temwen. Jistis Bondye a gras a lafwa Jezikri a pou tout moun ak sou tout moun ki kwè nan li. Sèke pa gen distenksyon: tout moun fè peche, yo manke bèlte Bondye a; yo vin kòrèk gratis, gras a favè l’, gras a delivrans la ki nan Jezikri a. Li menm Bondye te espoze davans kòm pri delivrans gras a lafwa nan san l’, pou montre jistis li antan li padonnen peche ki te fèt anvan yo, nan pasyans Bondye, pou montre jistis li nan tan sa a; pou l’ kapab kòrèk li menm, pou l’ fè sila a ki mete lafwa nan Jezikri a vin kòrèk.
Konsa kote rezon pou ou ap leve tèt ou a? Li pa ekziste. Akòz ki lalwa? Lalwa aksyon yo? Non, men akòz lalwa lafwa a. Nou konsidere moun nan vin kòrèk gras a lafwa a, san aktivite lalwa a. Oubyen èske se Bondye Juif yo sèlman li ye? èske se pa Bondye nasyon yo tou? Paske se yon sèl Bondye a, ki fè moun sikonsizyon yo vin kòrèk gras a lafwa, epi ki fè moun ki pa nan sikonsizyon yo vin kòrèk tou poutèt lafwa a.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 129, 1-2. 3-4b. 4c-5 (r.: 7)
R/ Kot Granmèt la se kè sansib, avèk anpil delivrans kote l’.
Nan bafon yo m’ap rele kote ou, Granmèt; Granmèt, koute vwa m’.
Se pou zòrèy ou panche nan vwa lapriyè m’ nan.R.
Si ou kenbe fot yo, Granmèt, Granmèt, ki moun k’ap kanpe?
Paske kote ou se padon, nou respekte ou.R.
M’ap tann ou, Granmèt; nam mwen ap tann nan pawòl li,
nam mwen espere nan Granmèt la.R.
LEVANJIL
"Y’ap mande kont pou san pwofèt yo depi sou san Abèl jous sou san Zakari".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN LIK 11, 47-54
Lè sa a: Granmèt la di:
"Madichon pou nou, nou menm k’ap bati kavo pwofèt yo; men se zansèt nou yo ki te touye yo! Konsa nou sèvi temwen nou dakò ak aksyon zansèt nou yo; paske yo menm yo fin touye yo, nou menm menm nou bati kavo yo.
Se pousa sajès Bondye a di: 'M’ap voye pwofèt ak apot kote yo, gen nan yo y’ap touye, y’ap pèsekite, pou yo mande kont pou san tout pwofèt yo ki te vide a, depi tè a te fèt, san sa a jenerasyon sa a fè koule a, depi sou san Abèl jous sou san Zakari ki mouri ant lotèl la ak pati ki pi rezève nan kay sakre a'. Wi, mwen di nou, y’ap mande jenerasyon sa a kont.
Madichon pou nou pwofesè lalwa yo, paske nou wete kle syans la: nou menm nou pa antre, men sila yo ki t’ap antre yo, nou anpeche yo!"
Lè l’ di yo bagay sa yo, farizyen yo ak pwofesè lalwa yo kòmanse kole kò yo sou li sere, pou yo fè l’ pale ak bouch li sou anpil bagay, antan y’ap poze pyèj pou li, yo t’ap chèche pran kichòy nan bouch li, pou yo akize l’.
An nou fè lwanj ak konpliman pou Pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Jezi regrèt e li denonse fason pwofèt yo te sibi pèsekisyon akoz malveyans sila yo ki te swadizan ap defann kòz Bondye ofisyèlman. Granmèt la fè sonje premeye zak asasinay la se Abèl ki te sibi li, e li rive jiska Pwofèt Zakari ke yo te asasinen nan kay sakre a.
Youn nan pi gwo pèvèsyon, se lè yon moun itilize vyolans nan non Bondye. Jezi denonse, sila yo ki di y’ap defann Bondye a, anpil fwa se yo menm ki pèsekite mesaje Bondye yo. Se pa yon bagay ki fasil pou nou konnen kilès k’ap pale nan non Bondye. Youn nan bagay ki sèten, sèke Bondye pa avèk moun  ki vyolan ni li pa jistifye vyolans la.
LAPRIYÈ: Granmèt, fè m’ tounen yon mesaj lapè ak mizerikòd. Se pou m’ pa janm itilize vyolans. Pa pouvwa Jezikri.

PWOPOZISYON: Granmèt, tanpri kote ki gen vyolans, fè m’ aji ak dousè.

No hay comentarios:

Publicar un comentario