Koulè
Vèt
TRANTYÈM DIMANCH
ÒDINÈ, ANE-A
PREMYE
LEKTI
«Si nou fè
vèv la ak òfelen an afwon, kòlè m’ ap flanbe kont nou»
LEKTI LIV EKZÒD 22, 21-37
Men pawòl Granmèt la:
«Nou pa dwe fè etranje a lapenn,
nou pa dwe fè l’ afwon; sèke nou menm tou se etranje nou te ye nan peyi Ejip
la.
Pa trakase vèv la ak òfelen an.
Si nou fè yo kichòy ki mal, y’ap rele kote m’, m’ap tande rèl yo a, kòlè m’ap
flanbe kont nou, m’ap frape nou ak epe, madanm nou ap vin vèv, pitit nou yo ap
vin òfelen.
Si ou prete lajan bay pèp mwen
an ki pòv, ki abite avèk ou, pa kole nan kò l’ tankou moun k’ap fòse yon lòt
renmèt ni pa kraze l’ antan pou ou fè l’ peye plis. Si ou pran manto nan men
pwochen ou kòm garanti, anvan solèy kouche se pou ou renmèt li l’, paske se sa
sèlman li genyen pou l’ kouvri, se rad kò l’, li pa gen anyen pase sa pou l’
dòmi; si l’ rele kote m’, m’ap koute l’, paske mwen gen kè sansib».
Pawòl Granmèt la.
SÒM
REPONS 17, 2-3a. 3bc-4. 47 e 51ab (r.: 2)
R/ Mwen
renmen ou, Granmèt, ou menm ki fòs mwen.
Mwen renmen ou, Granmèt, ou menm ki fòs
mwen.
Granmèt, fondasyon m’ ak kachèt mwen, ou
menm ki liberatè mwen.R.
Bondye mwen, sekou m’, se nan li m’ap
espere, pwoteksyon m’,
kòn delivrans mwen, defans mwen.
M’ap fè lwanj Granmèt la, l’ap sove m’
anba men ènmi m’ yo.R.
Viv Granmèt la, konpliman pou sa a k’ap
pote m’ sekou a lwanj pou Bondye sovè mwen an,
li fè wa l’ la ranpòte gran viktwa, li fè
kè l’ sansib pou Kris li a .R.
DEZYÈM
LEKTI
«Nou
chanje chemen sot nan zidòl yo vin jwenn Bondye, pou nou espere Pitit li a li
resisite a»
LEKTI PREMYE LÈT APOT PÒL KI SEN POU
TESALONISYEN YO 1, 5c-10
Frè m’ yo:
Nou konnen kijan nou menm nou te
ye nan mitan nou poutèt nou. Nou menm menm, nou vin pran modèl sou nou menm bò
isit la ak sou Granmèt la, antan nou resevwa pawòl la nan anpil tray ak kè
kontan Espri Sen an; atèl pwen nou vin sèvi modèl pou tout moun yo ki gen lafwa
yo nan Masedwán ak nan Akayi a.
Reyèlman, pawòl Granmèt la gaye
sot lakay nou, pa sèlman nan Masedwán ak nan Akayi, men nan tout kote: lafwa
nou gen nan Bondye a, li mache, atèl pwen nou menm nou pa bezwen di anyen ankò:
se yo menm menm k’ap anonse sou nou menm kijan nou te rive lakay nou epi kijan
nou menm menm nou te konvèti sot nan zidòl yo vin jwenn Bondye, pou nou sèvi
Bondye ki vivan an, ki vre a, pou nou tann Pitit li a k’ap sòti nan syèl la, li
menm li te resisite sot nan pami mò yo: Jezi, ki delivre nou sot anba kòlè k’ap
vini an.
Pawòl Granmèt la.
LEVANJIL
«Se pou
ou renmen Granmèt Bondye ou la, ak pwochen ou tankou ou menm»
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI
SEN 22, 34-40
Farizyen yo tande kijan Jezu te
fèmen bouch sadiseyen yo, yo rasanble ansanm. Youn nan yo ki te savan nan lalwa
a poze l’ kesyon, pou l’ tante l’: «Mèt, kilès ki gran kòmandman an nan Lalwa
a?
Jezi di l’: «Se pou ou renmen
Granmèt Bondye ou la ak tout kè ou, ak tout nam ou, ak tout lespri ou».Sa a se
pi gran, se premye kòmandman an. Dezyèm nan menm sanble avèk li: «Se pou ou
renmen pwochen ou tankou pwòp tèt ou». Se nan
de kòmandman sa yo tout Lalwa a ak Pwofèt yo pandye».
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl
Bondye a.
REFLEKSYON:
Frè ak sè m’ yo, sèvi Bondye se pa yon
bagay ki fasil, men se pa yon bagay ki difisil non plis. Li pa fasil, paske lè
yon moun fè rankont avèk Pawòl Bondye a, li mande w’ pou w’ chanje tout sa k’
pa bon nan lavi w’ kòm moun, pou w’ mache nan aksyon ki korèk la.
Anpil fwa chanjman sa a konn parèt
difisil pou nou menm rive fè, menm si nou ka konprann li nesesè pou nou fè li.
Pa gen anyen ki gran yon moun ka rive ladan l’ san l’ pa fè sakrifis pou jwenn
li. Sèvi Bondye a fasil nan mezi ou mete tout konfyans ou sou Pawòl Bondye a,
ou aprann dekouvri epi santi efè Pawòl li yo nan ou, lè ou rive konprann plan renmen
Bondye gen pou ou a epi w’ rive mete tout lavi w’, volonte w’, tout ou menm nan
men Granmèt la.
Premye lekti a nou jwenn nan liv
Eòzòd la endike pèp la pou l’ konnen Bondye ki sove l’ la se Sila a ki korèk
la, ki pa pran pa nan move kondwit yo. Li mande pèp Izrayelit la pou l’ aprann
gen kè sansib pou moun ki vèv yo, òfelen yo ak etranje yo, paske yo menm tou yo
te etranje nan peyi Lejip nan tè esklavaj la.
Bondye se Delivrans yo, li se
Sila a k’ap gide pèp la nan chemen ki dwat la, nan chemen jistis ak verite a.
Li se Bondye k’ap koute rès moun ki sans defans yo, moun ki santi yo eksplwate
yo, moun ki mare anba tout kalite antrav lavi a. Li se Bondye ki wè, ki tande,
ki konprann, ki pran pasyans, ki padone, k’ap aji lè li menm li deside a.
Sen Pòl, nan dezyèm lekti a ap
lwanje moun Tesalonik yo pou bèl temwanyaj lafwa sa a yo bay nan Masedwán,
Akaya ak tout lòt zòn vwazen yo. Pòl fè konpliman pou yo menm, paske bèl zèv
y’ap fè yo montre kote yo mare fache ak sèvis zidòl yo pou yo mete yo nèt ale nan
sèvis Granmèt la. Se pou lafwa nou yo parèt aklè nan fason n’ ap viv la pou
Bondye Granmèt nou an kapab jwenn glwa li devan tout moun. Pèp konvèti a nan
vil Tesalonik la te rankontre anpil difikilte akoz lafwa yo, men yo te rive
kenbe fèm nèt ale nan bon temwanyaj nouvo lavi a nan Lespri Sen an.
Nan levanjil la, Jezi pral
konfime nan repons l’ap bay otorite jwif yo, kisa ki nan plan Bondye depi nan
kòmansman konsènan relasyon moun avèk pwochen l’. Ki pi gran
bagay Bondye vle: “Se renmen Bondye ak tout kè w’, ak tout nanm ou, ak tout
lespri w’, sa se pi gran kòmandman an. Epi dezyèm nan, ki sanble ak li a, se
pou w’ renmen pwochen w’ menm jan ak pwòp tèt pa w”.
Jezi ajoute, se nan kòmandman sa
yo, tout lalwa a ak pwofèt yo rete. Sa
vle fè n’ konnnen tout Labib la, depi nan kòmansman vle mete moun nan nan bon
jan relasyon ak pwochen li. Sa vle di, depi nan kòmansman Bondye vle rekonsilye
moun yo ansanm, konsa yo te gen pwomès yon tè nouvo ki sèlman rete sou reyalite
fizik la, men ki chita sou reyalite espirityèl la, Jerizalèm ki anwo nèt la.
Pawòl Bondye a, se chak jou l’ap
fòme konsyans nou, li mande n’ pou n’ konvèti pou n’ antre nan peyi Bondye ap
kòmande a, ki dwe kòmanse depi kounye a nan lavi lafwa tout kretyen yo, ki dwe
debouche sou bon temwayaj y’ap bay.
Se pou chak jou nan lavi nou kòm
kretyen, nou aprann poze aksyon k’ap ede n’ reponn Bondye pou nou travay pou
tabli gouvènman li an ki chita sou renmen, jistis, verite, padon, tèt ansanm,
solidarite.
Se pou Lespri Bondye a gide nou
nan inisyativ n’ap pran pou n’ mache epi trase chemen pou sila yo Bondye rele
sot nan fènwa a pou rantre nan bèl limyè a.
LAPRIYÈ: Granmèt, anpil fwa nou di nou renmen w’ epi
n’ap viv nan yon total endiferans ak frè ak sè n’ yo; tanpri ede n’ kite Lespri
pa w’ la mennen nou rankontre avèk ou pandan n’ap chache gen yon relasyon ki
nèf avèk pwochen nou yo.Amèn.
PWOPOZISYON: Chache
mete gwoup apostola kanpe pou n’ gaye levanjil renmen Jezikri a bay tout moun
k’ap viv nan antouraj nou yo, espesyalman nan zòn ki difisil yo.
No hay comentarios:
Publicar un comentario