Páginas

LENDI 30

Koulè Vèt
PREMYE LEKTI
"Nou te resevwa Lespri ki fè nou vin pitit adoptif yo, nan li nou rele: Aba, Papa".
LEKTI LÈT APOT PÒL KI SEN, POU WOMEN YO 8, 12-17
Frè m’ yo, nou pa dwe chè a anyen, pou nou viv daprè chè a. Sèke si nou viv daprè chè a, n’ap mouri; men si pa lentèmedyè Lespri a nou fè chè a mouri, n’ap viv.
Tout moun ki kite Lespri Bondye a kondui yo, se yo menm ki pitit Bondye.Nou pa resevwa Lespri esklavaj la ankò nan kè sote, men nou resevwa Lespri pitit adoptif yo, nan li n’ap rele: "Aba, Papa".
Se Lespri sa a menm k’ap sèvi lespri pa nou temwen nou se pitit Bondye. Si nou se pitit, nou se eritye tou: kòm nou eritye Bondye, nou eritye ansanm ak Jezikri tou; si reyèlman n’ap soufri ansanm avèk li, se pou nou jwenn bèlte ansanm avèk li tou.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 67, 2 e 4. 6-7ab. 20-21 (r.: 21a)
R/ Bondye nou, se Bondye k’ap sove.
Bondye leve, ènmi l’ yo gaye,
Sa k’ rayi l’ yo sove kò yo devan fas li.
Se pou sa k’ kòrèk yo kontan, pou yo danse devan Bondye.
Se pou yo jwi nan kè kontan.R.
Papa òfelen yo ak jij vèv yo,
Bondye nan kay li ki sen an.
Bondye, ki fè malere yo abite nan yon kay,
ki met prizonye yo an libète.R.
Konpliman pou Granmèt la chak jou;
Bondye delivrans nou an ap pote nou.
Bondye nou an, se Bondye k’ap sove;
wout k’ap kondui sot nan lanmò a, se pou Granmèt la,
wi se pou Granmèt la li ye!R.
LEVANJIL
"Pitit fi Abraam sa a, èske se pa pou yo te delivre l’ sot nan chenn nan jou saba a?"
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN LIK 13,10-17
Lè sa a:
Jezi t’ap bay ansèyman nan sinagòg yo a jou saba. Te gen yon madanm, ki te gen yon espri feblès depi dizuitan, li te plwaye, li pa t’ kapab gade anlè ditou.
Lè Jezi wè l’, li rele l’ vin jwenn li, li di l’: "Madanm, ou geri sot anba maladi w’ la". Li poze men sou li, menm lè a madanm nan drese, li pran fè lwanj Bondye.
Chèf sinagòg la menm pran lapawòl, li te kontrarye poutèt se jou saba a Jezi te fè gerizon an, li di foul yo: "Gen sis jou, kote yo dwe travay; se jou sa yo pou nou vin fè yo geri nou, se pa jou saba".
Jezi menm reponn li, li di: "Ipokrit, èske, jou saba a, nenpòt ki moun nan nou pa lage bèf li oubyen bourik li sot nan pak, pou l’ mennen l’al bwè dlo? Epi pitit fi Abraam sa a, li minm Satan te mare depi dizuitan, èske yo pa t’ dwe lage l’ sot nan chenn sa a jou saba a?"
Pandan l’ap di bagay sa yo, tout ènmi l’ yo te vin wont anpil, men tout pèp la t’ap fè kè l’ kontan pou tout mèvèy li t’ap fè yo.
An nou fè lwanj ak konpliman pou Pawòl Bondye a.
REFLEKSYON:Nan refleksyon nou jodi a, ann gade ki mesaj Bondye pote pou nou atravѐ tѐks litiji jodi a pwopoze nou.
Nan premye lekti a, nan lѐt Pl ekri moun lavil Wm yo, l’ap ekzte yo pou yo pa viv daprè lachѐ a, men daprè Lespri Bondye a, li menm ki kapab ftifye lespri pa nou. Tout moun ki viv daprè lachѐ a gen pou yo mouri e tout moun ki kite Lespri Bondye kondwi yo, y’ap viv.
Byen souvan, nou kite plezi, pouvwa, lajan ak tout sa ki kapab fѐ nou gate zanmi ak Bondye pran tѐt nou epi mete nou lwen Lespri Sen an, Lespri verite a, ki fѐ nou tounen pitit Bondye nan Jezikri Gran Frѐ nou.
Nan sm 67 la, nou wè kòman si nou kite Lespri Bondye a kondwi nou, Bondye ap sove nou, l’ap pwoteje nou nan tout sikonstans, l’ap defann nou devan lennmi n yo.
Nan Levanjil la, nou wѐ kὸman nan jou saba a, Jezi te geri yon madanm ki te mare anba yon move lespri depi dizwitan. Lènmi Jezi yo te fache paske se te jou saba, men Jezi te ba yo yon repons ki te fѐ yo wont. Moun sa a yo, yo te rete esklav lalwa men yo bliye si Jezi te vini pou l’ te kraze tout fὸm esklavaj, se sa k’ fѐ jou sa a li te delivre madanm nan anba esklavaj maladi ki t’ap malmennen li. Si nou fѐ yon retounen nan premye moso Labib la, nou kapab di madanm sa a te jwenn gerizon paske li te kite Lespri Bondye a penetre l, kondwi l, ki fѐ Jezi te rive retire l’ anba grif satan epi fѐ l’ tounen pitit Bondye.
Ann gade nou menm kὸman nou mete pawὸl sa a yo an pratik nan lavi nou. Nou dwe kite Lespri Bondye kondwi nou pou nou pa fѐ menm jan ak farizyen yo. Pafwa lѐ nou wѐ yon moun poze yon bѐl aksyon nan kominote a, nan Legliz la, nan peyi a olye pou nou ta aplodi l’, pou n ankouraje l’, nou pito ap kritike l’ pou pou nou kapab detwi l’; se sa nou wѐ farizyen yo te fѐ Jezi nan sinagὸg la.
An nou pito kite Lespri Bondye a gide nou pou nou kapab wѐ tout sa moun fѐ ki byen nan anviwònman nou.
LAPRIYÈ: Bondye Granmѐt, tanpri, ede nou rete dosil anba pwisans Lespri Sen an, pou nou kapab rive delivre anba tout esklavaj peche, maladi ki anpeche nou viv tankou pitit ou.Amѐn!

PWOPOZISYON: Kite Lespri Bondye kondwi m’epi ede lt moun dekouvri l nan lavi yo.

No hay comentarios:

Publicar un comentario