Páginas

MADI 31

Koulè Vèt
PREMYE LEKTI
“Kreyasyon an ap tann revelasyon pitit Bondye yo”.
NAN LÈT APOT PÒL KI SEN, POU WOMEN YO 8,18-25
Frè m’ yo:
Mwen konsidere soufrans tan sa a pa anyen devan glwa k’ap vini an k’ap devwale nan nou an. Reyèlman kreyasyon an ap tann glwa a devwale nan pitit Bondye yo. Kreyasyon an te blije rete anba sa k’ pa anyen an, san l’ pa vle, men poutèt sa a ki te mete l’ nan esperans la. Sèke kreyasyon an li menm ap delivre sot anba esklavaj dekonpozisyon an pou antre nan libète glwa pitit Bondye yo.
Nou konnen reyèlman tout kreyati ap plenn, ap anfante jous koulye a. Se pa sèlman yo menm, men nou menm tou, ki gen premye kado Lespri a, n’ap plenn anndan kè nou, antan n’ap tann sa pitit adoptif Bondye yo ye a ak redanmsyon kò nou.Nou sove reyèlman an esperans. Lesperans la menm, si yo wè l’, se pa esperans li ye, paske sa yon moun wè, èske l’ap espere l’? Men si n’ap espere sa nou pa wè, n’ap espere l’avèk pasyans.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 125, l-2ab. 2cd-3. 4-5. 6
R/ Granmèt la fè mèvèy pou nou.
Lè Granmèt la t’ap fè ekzile Siyon yo tounen an, nou te tankou nan rèv.
Lè sa a bouch nou te plen kontantman, lang nou te plen chante fèt.R.
Lè sa a yo t’ap di nan pami nasyon yo: “Granmèt la fè mèvèy pou yo”.
Granmèt la fè mèvèy pou nou: nou gen kè kontan.R.
Granmèt, fè ekzile nou yo tounen tankou ravin nan Sid yo.
Moun k’ap simen nan dlo k’ap koule sot nan je yo, y’ap rekòlte ak kè kontan.R.
Yo t’aprale, yo t’ap kriye, yo t’ap pote semans pou yo simen an;
y’ap tounen ak kè kontan, y’ap pote zepi yo.R.
LEVANJIL
“Grenn nan devlope, li vin tounen yon gran pye bwa”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 13, 18-21
Lè sa a Jezi t’ap di:
“Ak kisa peyi wa Bondye a sanble, epi ak ki sa mwen ta konpare l’? Li sanble ak yon grenn seneve, yon moun pran l’ li mete l’ nan jaden l’, grenn nan devlope, li vin tounen yon gran pye bwa, zwazo syèl yo vin poze nan branch li yo”.
Li t’ap di ankò: “Ak kisa mwen t’ap konpare peyi wa Bondye a? Li sanble ak yon leven, yon madanm pran l’, li brase l’ nan twa mezi farin, joustan tout pat la leve”.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON:Levanjil jodi a gen yon mesaj byen patikilye pou tan sa a. Nou jwenn li nan konparezon nou fè ak de repons Jezi bay disip li yo lè li te fin poze yo kesyon sa yo: ak kisa peyi Bondye wa a sanble? Ak kisa mwen ta konpare l’? Chak repons yo diferan, men sa pa anpeche yo pote menm mesaj. Kisa tèks sa a vle di nou? An nou dekouvri ansanm bèlte diferans chak mesaj yo avan, pou nou kapab byen akeyi mesaj la.
Jezi konpare wayòm Bondye a ak yon grenn seneve. Mwen pa konn ti grenn sa malerezman, men eksplikasyon ki nan tèks la ban m’ enpresyon ke se yon ti grenn tou zwit; mwen espere mwen pa twonpe m’. Jezi di: «lè yon moun plante l’ nan jaden l’, li tounen yon gwo pye bwa, zwazo nan syèl yo vin poze sou branch li yo».
Levanjil la se lavi. Lè li penetre nan nou, ak konkou lapriyè, ak anpil meditasyon- tankou lè lavi ap penetre nan grenn seneve ki plante a, atravè rasin li pouse- nou vin transfòme, nou tounen resipyan kote lanmou ap debòde. E tout moun santi yo byen bò kote nou. Pawòl nou se soulajman pou pwochen nou ki gen pwoblèm, ki bezwen rekonfò, ki manke yon souri; menm jan branch ki sòti nan bwa seneve a pote frechè epi li sèvi refij pou zwazo yo.
Wayòm Bondye a, Jezi konpare l’ tou ak yon leven ke yo brase nan farin pou fè pen. Wòl li se bay farin nan gwosè: gonfle farin nan. Se enpòtan pou siyale ke nan tèks la Jezi di pandan l’ap pale de leven an: «yon madanm pran l’, li brase l’ nan twa mezi farin, joustan tout pat la leve». Sa vle di non sèlman nou dwe grandi nan lapriyè, meditasyon ak lanmou ; men tou nou dwe sèvi sous ki pèmet lòt yo grandi tou nan lapriyè, meditasyon ak lanmou san nou pa mande gwo bagay : volonte pou Granmèt la abite nan kè yo menm jan li abite nan pa  nou an.
Nan repons sa yo mesaj Jezi a ap debòde. L’ap envite nou yon lòt fwa ankò, l’ap fè sa a chak moman- kite dife renmen li an transfòme nou e kite l’ sèvi ak nou pou l’ transfòme lòt moun. Wayòm Bondye a, se renmen san kondisyon, san parèy; se lè nou youn renmen lòt, youn bay lòt lebra, yon ede lòt fè pwogrè ak leven lanmou an. Se leven sa ki ba nou plis fòs pou nou lite kont enjistis, kont enkonpreyansyon ak kont inyorans ki prezante kòm obstak ki anpeche n’ vanse sou wout fratènite a; li se anestezi nou kont soufrans nap andire akoz kalite foli nou genyen pou kreyate nou an paske li simaye lesperans nan ke nou.
LAPRIYÈ: Bondye Granmèt, peyi nou bezwen anpil grenn seneve, anpil leven pou li kapab vanse pou pi devan. Malgre nou batize, nou kominye, nou konfime, nou santi nou pa fè gwo pwogrè akoz ti enterè pèsonèl nou n’ap defann. Sa fè nou pa wè ni tande rèl lòt la ki konte ou sou e ki ap tan se kou ou. Tanpri fè nou tounen vrè anbasadè ou, pa kite ènmi an gen viktwa sou nou.

PWOPOZISYON: Avèk kèk ti sakrifis, nou ka rive amelyore relasyon nou youn ak lòt.

No hay comentarios:

Publicar un comentario