Páginas

DIMANCH 8

Koulè Vèt
VENSETYÈM DIMANCH ÒDINÈ, ANE-A
PREMYE LEKTI
"Pye rezen Granmèt lame yo se kay Izrayèl la".
LEKTI LIV PWOFÈT IZAYI 5, 1-7
M’ap chante pou zanmi m’ nan kantik kouzen m’ nan pou pye rezen l’ nan:
Zanmi m’ nan te gen yon pye rezen sou yon mòn ki gra. Li bare l’ ak yon lantouraj, li retire wòch yo sot ladan l’, li plante l’ ak plan ki byen chwazi, li bati yon kay wo nan mitan l’, li fouye yon basen pou prije rezen ladan l’, li t’ap tann pou l’ fè bon grenn rezen, men se grenn rabi li bay.
Koulye a, konsa, moun yo ki abite Jerizalèm yo ak moun Jida yo, sèvi jij ant mwen menm ak pye rezen m’ nan. Ki sa mwen te gen pou m’ te fè ankò pou pye rezen m’ nan epi mwen pa t’ fè pou li? Pouki sa mwen t’ap tann pou l’ fè bon grenn rezen yo, epi li fè grenn rabi yo?
Koulye a m’ap montre nou ki sa m’ap fè pye rezen m’ nan: m’ap wete baryè l’ la, pou yo piye l’; m’ap jete miray li a, y’ap foule l’ anba pye, m’ap fè l’ vin tounen yon savann; yo p’ap taye l’, yo p’ap sakle l’, se raje ak pikan k’ap pouse, m’ap pase nyaj yo lòd pou yo pa fè lapli tonbe sou li.
Ebyen pye rezen Granmèt lame yo, se kay Izrayèl la, epi moun Jida a se plan l’ nan li renmen anpil la: mwen t’ap tann pou l’ te fè sa ki dwat, men se peche; jistis, men se rèl.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 79, 9 e 12.13-14. 15-16. 19-20
R/ Pye rezen Granmèt la, se kay Izrayèl la.
Ou te transplante pye rezen an sot Lejip, ou te chase nasyon yo, ou te plante l’; li te lonje branch li yo jous nan direksyon lanmè a, ak boujon l’ yo jous nan direksyon gran larivyè a.R.
Pouki sa ou kraze miray li a, epi tout moun k’ap pase sou chemen an ap keyi grenn li yo? Kochon mawon ki nan rak bwa a fini avèk li, tout bèt sovaj manje l’.R.
Bondye lame yo, vire; gade antan ou nan syèl la, pou ou wè, vizite pye rezen sa a.
Voye je sou li, li menm men dwat ou te plante a, ak sou pitit moun nan ou te asire pou ou a.R.
Nou p’ap vire do ba ou, w’a ba nou lavi, n’ap rele non ou.
Granmèt Bondye lame yo, fè nou tounen, klere fas ou, n’a sove.R.
DEZYÈM LEKTI
"Fè sa, Bondye lapè a ap avèk nou".
LEKTI LÈT APOT PÒL KI SEN POU FILIPYEN YO 4, 6-9
Frè m’ yo:
Pa chaje tèt nou ak anyen; men nan tout kalite lapriyè ak demann, antan n’ap di Bondye mèsi, se pou nou fè Bondye konnen sa nou bezwen, epi lapè Bondye a, ki depase tout sa nou kapab santi, se pou l’ kenbe kè nou ak entelijans nou yo nan Jezikri.
Pou rès la, frè m’ yo, tout sa k’ vre, tout sa k’ pwòp, tout sa k’ kòrèk, tout sa k’ sen, tout sa k’ merite renmen, tout sa k’ gen bon renome, si gen yon bon kalite, si gen yon bagay ki merite lwanj, se bagay sa yo pou nou kalkile. Sa nou te aprann nan men m’, sa nou te resevwa, sa nou te tande, sa nou te wè nan mwen, se sa pou nou fè; konsa Bondye lapè a ap avèk nou.
Pawòl Granmèt la.
LEVANJIL
"L’ap lwe dòt kiltivatè pye rezen l’ nan".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 21, 33- 43
Lè sa a: Jezi di chèf prèt yo ak ansyen yo nan pèp la:
"Koute yon lòt parabòl: Te gen yon pèd-fanmi, li te plante yon jaden rezen, li met lantouraj toutalantou l’, li fouye nan jaden an yon basen pou prije rezen an, li bati yon kay wo, li lwe jaden an bay kiltivatè yo, li pati byen lwen. Lè tan fwi yo t’ap pwoche, li voye sèvitè l’ yo kot kiltivatè yo, pou yo resevwa fwi l’. Kiltivatè yo pran sèvitè l’ yo, yo maltrete youn, yo touye yon lòt, yo kalonnen yon lòt ak kout wòch. Aprè sa li voye dòt sèvitè ankò, pi plis pase premye yo, yo fè yo menm jan.
Alafen, li voye pwòp pitit li a kote yo, li di: ‘‘Y’a respekte pitit mwen an’’.
Kiltivatè yo menm, lè yo wè pitit la, yo di nan kè yo: ‘‘Men eritye a, an nou wè, n’ap touye l’, n’a gen eritaj li a’’. Yo pran l’, yo jete l’ deyò jaden rezen an, yo touye l’. Lè mèt jaden rezen an ap rive, ki sa l’ap fè kiltivatè sa yo?"
Yo di l’: "L’ap fè yo peri move lanmò, l’ap lwe jaden rezen l’ nan bay dòt kiltivatè, k’ap renmèt li fwi a nan sezon yo".
Jezi di yo: "Èske nou pa t’ li nan labib la: ‘‘Wòch la bòs mason yo refize a, se li menm ki vin tounen tèt kwen an: se nan men Granmèt la bagay sa a fèt, se yon bagay ekstrawòdinè nan je nou?’’
Se pousa mwen di nou, y’ap wete rèy Bondye a sot nan men nou, y’ap renmèt li nan men yon nasyon k’ap fè l’ donnen fwi l’".
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Nan Levanjil jodi a, Jezi ap sèvi ak yon ansyen parabòl ki nan liv pwofèt Izayi, yon parabòl nou jwenn nan premye lekti a. 
Parabòl Izayi a prezante Granmèt la tankou mèt jaden rezen an, epi jaden an se pèp Izrayèl la. Malgre tout jefò mèt jaden an, jaden an pa donnen, epi mèt la fè l’ menas l’ap bay jaden an vag, pou wè si presyon sa a ap fè pèp la reyaji. 
Jezi li menm, li ajoute yon lòt aspè ankò nan menm parabòl la. L’ap fokis sou lidè pèp la yo, ki se kiltivatè jaden an. Malgre Granmèt la te toujou voye plizyè pwofèt ki t’ap bay mesaj li, pa sèlman lidè pèp la yo pa t’ byen reyaji, men tou, se touye yo te konn touye pwofèt Bondye yo.
Dènyeman, mèt jaden an voye pwòp pitit li, ki se Jezikri, pou wè si yo p’ap respekte l’, men yo pral touye l’ tou. Jezi gen tan wè se sa yo pral fè li, epi l’ap bay yo parabòl jaden rezen Izayi a pou yo rann yo kont sa y’ap fè a.
Sen Pòl li menm, nan dezyèm moso Labib nou li jodi a, l’ap ankouraje kominote Filipyen yo pou yo kenbe fèm nan bon jan chemen kretyen an. Yon moun serye pa okipe sa yo pral di, ni l’ p’ap pè sa yo ka fè l’, paske li konnen sa l’ap fè, li konnen pou ki sa l’ap fè l’.
Lè fini, Jezi di konsa: “Wòch bòs mason yo refize a, se li menm ki vin tounen tèt kwen an”. Se gwo koze. Pa ekzanp, nou wè anpil Ayisyen k’ap pran imilyasyon nan peyi etranje, moun natif natal yo pa vle wè yo. Nou kapab di Ayisyen sa yo se wòch bòs mason yo ap refize. Men si peyi etranje sa a ap vanse, se gras menm Ayisyen sa yo k’ap travay di nan konstriksyon, nan jaden, nan kay moun, elatriye. Si yo pa te la, ekonomi peyi a ta febli. Se yo menm ki tèt kwen kay la. Bondye konnen tout bagay.
LAPRIYÈ: Tanpri Granmèt, ede m’ mache byen dwat nan chemen ou lan. Pa pouvwa Jezikri. Amèn.

PWOPOZISYON: Si yon moun ban m’ yon konsèy, m’ p’ap reyaji mal.

No hay comentarios:

Publicar un comentario