Páginas

LENDI 9

Koulè Vèt.
PREMYE LEKTI
"Jonas leve, pou l’ sove kò l’ lwen Gramèt la".
KÒMANSMAN LIV PROFÈT JONAS 1, 1-2, 1.11
Pawòl Granmèt la rive kot Jonas, pitit Amati, li di:
"Leve, al Niniv, gran vil la, preche ladan l’, paske mechanste l’ monte devan m’". Jonas leve, pou l’ sove kò l’ Tasis lwen fas Granmèt la, li desann Jope, li jwenn yon batiman k’a pral Tasis; li peye plas li, li desann nan fon batiman an, pou l’ pati ansanm avèk moun yo ale Tasis, lwen fas Granmèt la. Granmèt la menm voye yon gwo van sou lanmè a, vin gen yon gran tanpèt nan lanmè a, batiman an te menase koule. Matlo yo vin pè, chak moun rele dye l’; yo jete veso ki te nan batiman an nan lanmè, pou l’ kapab pi lejè lè yo debarase ak yo; Jonas menm desann nan fon batiman an, li t’ap dòmi, li te nan fon somèy.
Kaptenn nan pwoche kote l’, li di l’: "Pouki sa ou kite somèy angoudi ou la? Leve, rele Bondye ou la, petèt Bondye a ap sonje nou, epi nou p’ap peri".
Mesye a di sa k’ t’ap gouvènen batiman an ansanm avèk li a: "An nou wè, n’ap tire osò pou nou konnen pouki sa malè sa a rive nou an". Yo tire osò, epi sò a tonbe sou Jonas.
Yo di l’: "Di nou pouki sa malè sa a rive nou. Ki sa ou fè, ki kote ou sòti, epi ki kote ou a prale oubyen nan ki pèp ou sòti?"
Li di yo: "Se Ebre mwen ye, epi se Granmèt Bondye syèl la mwen respekte, li menm ki fè lanmè a ak tè sèk la".
Mesye yo vin pè ak yon gran sezisman, yo di l’: "Ki sa ou fè?" Sèke mesye yo te rekonèt se devan fas Granmèt la li t’ap sove kò l’, paske li te montre yo sa; yo di l’: "Ki sa pou nou fè ou, pou lanmè a sispann leve kont nou?" paske lanmè a t’ap leve pi rèd tout tan.
Li di yo: "Pran m’, jete m’ nan lanmè, epi lanmè a ap sispann leve kont nou; sèke mwen konnen, se poutèt mwen gran tanpèt sa a vin sou nou an". Mesye yo t’ap rame, pou yo tounen sou tè sèk la, men yo pa t’ kapab, paske lanmè a t’ap monte pi rèd sou yo tout tan.
Yo rele kot Granmèt la, yo di: "Tanpri, Granmèt, pa kite nou peri poutèt lavi mesye sa a, pa mete san inosan sou nou; paske ou menm, Granmèt, se jan ou vle, se konsa ou fè". Yo pran Jonas, yo jete l’ nan lanmè, lanmè a sispann mouvmante, mesye yo vin pè Granmèt la ak yon gran sezisman, yo ofri sakrifis bay Granmèt la epi yo fè ve.
Granmèt la paré yon gran pouason pou-l valé Jonas. Jonas rété nan vant pouason-an pandan toua jou ak toua nuit. Epi Granmèt la palé ak pouason-an, li vomi Jonas sou tè sèk la.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS Jon 2, 3. 4. 5. 8 (r.: 7c)
R/ W’ap leve lavi m’ pou l’ pa gate, Granmèt.
Nan tray mwen, mwen rele kote Granmèt la, li koute mwen; nan vant bafon anba a mwen rele, ou tande vwa mwen.R.
Ou te jete m’ nan fondè a, nan kè lanmè a, dlo a te antoure mwen: tout lanm ou yo ak vag ou yo, se sou mwen yo t’ap pase.R.
Epi mwen menm mwen te di: "Mwen se yon rejè devan je ou, epoutan m’ap tounen pou m’ wè kay sakre ou la.R.
Pandan nam mwen ap sere anndan mwen, mwen sonje Granmèt la, pou lapriyè m’ rive kote ou, nan kay sakre w’ la".R.
LEVANJIL
"Kilès ki pwochen m’?"
ME BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN LIK 10, 25-37
Lè sa a:
Gen yon pwofesè lalwa a ki leve pou l’ eseye Jezi, li di: "Mèt, ki sa pou m’ fè pou m’ gen lavi tout tan an?"
Li menm li di l’: "Nan lalwa a ki sa k’ ekri? ki sa ou li?"
Li reponn, li di: "Se pou ou renmen Granmèt Bondye ou ak tout kè ou, ak tout nam ou, ak tout fòs ou, ak tout lespri ou, epi pwochen ou tankou ou menm".
Jezi di l’: "Ou reponn byen: fè sa, w’a viv".
Li menm menm li te vle bay tèt li rezon, li di Jezi: "Epi kilès ki pwochen m’?"
Jezi reprann, li di: "Yon mesye t’ap desann sot Jerizalèm al Jeriko, li tonbe nan men asasen, yo pran tout sa l’ te genyen, yo bat li, yo pati kite l’ mwatye vivan. Gen yon prèt k’ap pase, ki t’ap desann nan menm chemen an, li wè l’, li kontinye wout li. Menm jan an tou yon moun ki te nan sèvis kay sakre a, lè l’ rive bò kote l’, li wè l’, li kontinye chemen l’.
Men gen yon Samariten ki t’ap vwayaje, li rive bò kote l’, li wè l’, kè l’ fè l’ mal. Li pwoche, li panse kote l’ te blese yo, li vide luil ak diven, li mete l’ sou milèt li, li mennen l’ nan yon lotèl, li okipe l’. Nan landmen, li sòti de pyès lajan, li renmèt mèt lotèl la, li di: "Okipe l’; tout sa w’a depanse an plis, lè m’a tounen, m’a renmèt ou li".
Daprè ou menm kilès nan twa sa yo ki sanble li se pwochen sila a ki te tonbe nan min asasen yo?"
Li di: "Sila a ki te gen kè sansib pou li a".
Jezi di l’: "Ale, ou menm tou, fè menm jan".
An nou fè lwanj ak konpliman pou Pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Gen yon pwofesè lalwa a ki leve pou l’ eseye Jezi, li di: "Mèt, ki sa pou m’ fè pou m’ gen lavi tout tan an?". Jezi fè l’ sonje sa Lalwa a di: renmen Bondye ak pwochen ou. Dènye kòmandman sa a, se li menm li pran kòm pretèks pou l’ ka poze Jezi kesyon an.Parabòl «bon samariten an» ede samariten an konprann byen: sila ki montre li se pwochen mesye a asasen yo te kite mwatye vivan an, se pa prèt la ki t’ap pase, ki t’ap desann nan menm chemen an, li wè l’, li kontinye wout li a, men se yon etranje te pran lapenn pou li.
Jezi toujou ba nou sipriz ak parabòl li yo. Prèt la ak moun ki te nan sèvis kay sakre a, se moun ki fidèl ak Lalwa a, men yo gen kè yo sere, yo pa gen kapasite pou yo ale pi lwen Lalwa a, pou yo pote sekou bay sila ki preskè mouri a. Sila a ke sosyete a pa t’ menm bay enpòtans la, sila yo yo te konprann ki te trè lwen Bondye a, ebyen se li menm sèl ki konprann lanmou pou pwochen an se sa ki dwe avan tout bagay.
LAPRIYÈ: Granmèt, tanpri fè m’ gen kapasite pou m’ renmen pwochen mwen, se konsa m’a montre mwen renmen w’ an premye. Pa pouvwa Jezikri. Amèn.

PWOPOZISYON: Renmen pwochen an, sa dwe yon bagay natirèl, tankou viv ak respire.(Mè Terèz de Calcuta)

No hay comentarios:

Publicar un comentario