Koulè Vèt.
PREMYE LEKTI
"Esdras louvri liv lalwa a, li fè konpliman pou Granmèt la, tout
pèp la reponn: Amèn, amèn".
LEKTI LIV NEEMI
8, l-4a. 5-6. 7b-12
Jou sa yo:
Tout pèp la
rasanble tankou yon sèl moun sou laplas la ki devan pòtay dlo yo, pwofesè yo di
Esdras pou l’ pote liv lalwa Moyiz la, sa Granmèt la te kòmande bay Izrayèl la.
Prèt Esdras pote Liv lalwa a vre devan foul gason yo ak fi yo, ak tout moun ki
te kapab konprann, nan premye jou mwa septann nan. Li li ladan l’, avèk yon vwa
byen klè, sou laplas la ki te devan pòt dlo yo, depi nan maten jouska midi, devan
gason yo ak fi yo ak moun sajès yo; zòrèy tout pèp la te drese nan direksyon
liv la.
Esdras, skrib
la, te kanpe sou yon estrad an bwa, yo te fè pou l’ kapab pale. Esdras louvri
liv la devan tout pèp la (li te depase wotè tout pèp la nèt); kon l’ louvri l’,
tout pèp la kanpe. Esdras fè konpliman pou Granmèt Bondye ki gran an, tout pèp
la reponn: "Amèn, Amèn", antan y’ap leve men yo. Yo plwaye kò yo, yo
adore Bondye, plat atè. Levit yo fè pèp la fè silans pou l’ koute lalwa a. Pèp
la menm te kanpe nan plas li. Yo li nan liv Lalwa Bondye a yon jan ki poze, yon
jan ki klè pou moun kapab konprann; yo konprann pandan y’ap li a.
Neemi (sa vle
di Atèrsata) avèk Esdras, prèt la ak skrib la, ak mesye nan ras Levi yo, yo t’ap
eksplike tout pèp la: "Se yon jou ki sen pou Granmèt Bondye nou an: pa ret
tris, pa kriye". Sèke tout pèp la t’ap kriye, lè l’ tande pawòl lalwa a.
Li di yo:
"Ale, manje bon vyann, bwè bon diven, voye pòsyon bay moun ki pa t’ pare
manje; paske jou Granmèt sa a sen. Pa ret tris: kè kontan Granmèt la se fòs
nou".
Levit yo menm
t’ap fè tout pèp la fè silans, yo t’ap di: "Pe bouch nou, paske jou sa a sen,
pa pran lapenn".
Konsa tout
pèp la pati, pou l’ manje, pou l’ bwè, pou l’ met pòsyon apa, pou l’ fè kè l’
kontan, paske yo te konprann pawòl yo te anseye yo a.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS
18, 8. 9. 10. 11 (r.: 9a)
R/ Jistis Granmèt la dwat, li fè kè yo kontan.
Lalwa Granmèt
la san tach, li refè nam, temwayaj Granmèt la fidèl; li bay ti moun yo sajès.R.
Jistis
Granmèt la dwat, li fè kè yo kontan, kòmandman Granmèt la klè, li klere je yo.R.
Respè Granmèt
la nèt, li dire pou tout tan gen tan, jijman Granmèt la yo vre, yo kòrèk yo
tout ansanm.R.
Yo pi chè pase
lò, ak bijou ki gen anpil pri, yo pi dous pase myèl, ak reyon myèl k’ap koule.R.
LEVANJIL
"Lapè nou an ap poze sou li".
MEN BÒN
NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN LIK 10,1-12
Lè sa a:
Granmèt la chwazi swasanndouz lòt; li voye yo de pa de
devan l’ nan tout vil ak bouk kote li te gen pou l’ ale.
Li t’ap di
yo: "Rekòlt la anpil, men ouvriye yo se yon ti kras yo ye. Lapriyè Granmèt
rekòlt la, pou l’ voye ouvriye nan rekòlt li. Ale: men mwen voye nou tankou mouton nan pami lou. Pa pote sak, ni bous, ni sapat, pa salye pèsònn nan chemen.
Nan nenpòt
kay nou antre, kòmanse di: 'Lapè pou kay sa a'; si gen yon pitit lapè la, lapè
nou an ap poze sou li; otreman, l’ap tounen vin jwenn nou. Rete nan menm kay sa
a, manje, bwè sa yo genyen; paske ouvriye a merite salè l’.
Pa travèse
sot nan kay al nan kay. Nan nenpòt ki vil nou antre, epi yo resevwa nou, manje
sa yo pote ba nou, geri malad yo ki nan vil la, di yo: 'Rèy Bondye a tou pre
nou'.
Men nan nenpòt
ki vil tou nou antre, epi yo pa resevwa nou, sòti sou laplas li yo, epi di: 'Menm
pousyè, ki te kole sou nou nan vil nou an, nou kite l’ pou nou; sèlman aprann
sa, rèy Bondye a tou pre'. Mwen di nou
Sodòm ap jwenn plis padon jou sa a pase vil sa a".
An nou fè lwanj ak konpliman pou Pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Jodi
a, Jezi pale nou sou misyon apostolik la. Jezi Granmèt la chwazi swasanndouz
lòt; li voye yo de pa de devan l’ nan tout vil ak bouk kote li te gen pou l’
ale (Lik 10,1). Se kòm si nou ta kapab di, li voye yo al prepare teren an, li
voye yo al fè wout pou li, li voye yo al envite moun yo ouvri kè yo ak lespri
yo pou yo resevwa trezò semans Wayòm Bondye a. Jen Pòl II di nou: « se nou tout
Bondye bay misyon sa a, e nou dwe santi nou responsab travay sa a tout bon vre.
Chak moun, nan kote li ye a ak nan kondisyon li ye a. Jou batèm nan, yo te di nou: «ou se Prèt,
Pwofèt ak Wa pou lavi ki p’ap janm fini an». Jodi a, plis pase tout lòt lè, mond
nou an bezwen temwayaj disip Kris la.
«Rekòlt la
anpil, men ouvriye yo se yon ti kras yo ye. Lapriyè Granmèt rekòlt la, pou l’
voye ouvriye nan rekòlt li» (Lik 10,2): sentiman pozitif sou misyon an parèt
trè enteresan. Vrèman vre tèks la di nou « rekòt la anpil, men ouvriye yo se
yon ti kras». Pètèt, jounen jodi a, nou ta dwe pale nan sans sa a, paske genyen
anpil moun ki pa konnen Jezi ak Legliz la nan sosyete nou an. Yon koudèy pozitif sou misyon sa a pote yon solèy lespwa. An nou pa kite
dekourajman ak desespwa fè nou fè bak.
An reyalite, misyon k’ap tann nou an, se yon misyon
pasyonan e difisil. Misyon nou, ki se ANONSE
VERITE AK LAVI, li pa dwe pretann fòse moun antre nan gwoup (relijyon) nou
ye a, men li dwe ankouraje moun nan antre nan gwoup (relijyon) nou an ak tout
libète li. Pap la fè nou sonje, lide nou yo,
se pa bagay nou ka enpoze moun, men se bagay nou ka pwopoze.
«Pa pote sak, ni bous, ni sapat…» (Lik 10,4): Se Kris la ki
dwe sèl fòs misyonè a. E pou Kris la kapab ranpli tout lavi misyonè a, li
nesesè pou sila k’ap fè levanjelizasyon an debarase li nèt ak tout sa ki pa
Kris la. Povrete levanjelik la, se pi gwo kondisyon pou misyon an, an menm tan
se temwayaj kredib ke apot la kapab bay, san nou pa konsidere ke sèl bagay ki
fè nou vin lib tout bon vre a se lè nou detache nou totalman ak tout sa ki pa
Kris la.
Misyonè a, se yon moun k’ap anonse lapè. Li pote lapè
paske li pote Kris la, «Prens Lapè a».Se poutèt sa, «nan nenpòt kay nou antre,
kòmanse di: 'Lapè pou kay sa a'; si gen yon pitit lapè la, lapè nou an ap
poze sou li; otreman, l’ap tounen vin jwenn nou» (Lik 10, 5-6).Mond nou an,
fanmi nou yo, chak moun, bezwen lapè a. Nou dwe fè travay sa a rapid.
LAPRIYÈ: Jezi, nan yon mond ki boulvèse ak tout move van, tanpri, ba nou
kè poze.
PWOPOZISYON: Kote ki gen lagè, m’ap ankouraje lapè.
No hay comentarios:
Publicar un comentario