Koulè Vèt.
PREMYE LEKTI
"Nou fè peche devan Granmèt la epi nou pa kwè".
LEKTI LIV PWOFÈT
BARIK 1,15-22
Jistis la se
pou Granmèt Bondye nou an, pou nou menm se lawont nan fas nou, jan sa ye jodi a,
pou tout Lajide ak moun ki abite Jerizalèm, pou wa nou yo ak chèf nou yo, pou
prèt nou yo ak pwofèt nou yo ak zansèt nou yo. Nou fè peche devan Granmèt Bondye
nou an, nou pa t’ kwè, nou te wete lafwa nou nan li; nou pa t’ obeyi l’, nou pa
t’ koute vwa Granmèt Bondye nou an, pou nou te mache nan kòmandman l’ yo, sa l’
te ba nou an.
Depi jou li te
kondui zansèt nou yo sot nan peyi Lejip la, jous jodi a, nou te fè rebèl ak
Granmèt Bondye nou, nou vire do ba li, nou gaye, nou pa koute vwa l’; anpil
malè ak madichon kole sou nou, sa Granmèt la te fikse bay Moyiz sèvitè l’ la,
ki te kondui zansèt nou yo sot nan peyi Lejip la pou l’ ba nou peyi a kote lèt
ak myèl ap koule a, jan sa fèt jodi a. Nou pa t’ koute vwa Granmèt Bondye nou
daprè tout pawòl pwofèt yo li te voye ba nou yo, epi nou pati, chak moun nan
sans move kè nou an, pou nou aji pou dye etranje yo, antan n’ap fè sa k’ mal devan
je Granmèt Bondye nou an.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 78, 1-2. 3-5. 8. 9. (r.: 9bc)
R/ Poutèt bèlte non ou, Granmèt, delivre nou.
Bondye, nasyon
yo rive nan eritaj ou a, yo sal kay sakre ou la ki sen an, yo fè Jerizalèm tounen
debri.
Yo renmèt
kadav sèvitè ou yo kòm manje bay zwazo syèl yo, chè sen ou yo bay bèt tè yo.R.
Yo vide san yo tankou dlo alantou Jerizalèm, pa gen pèsòn pou fè lantèman.
Nou sèvi lawont
pou vwazen nou yo,
yo pase nou
nan rizib, yo pran plezi sou do nou, sila yo ki antoure nou yo.
Jouskilè,
Granmèt? Èske w’ap fache pou tout tan? Èske jalouzi ou la ap flanbe tankou dife?
R.
Pa sonje mechanste zansèt nou yo,
depeche ou,
fè kè sansib ou pran devan nou, paske nou vin pòv anpil.R.
Ede nou, Bondye
delivrans nou, poutèt bèlte non ou, delivre nou; padonnen peche nou yo poutèt
kòz non ou.R.
LEVANJIL
"Moun ki meprize m’, li meprize sila-a ki voye m’ nan".
MEN BÒN
NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN LIK 10, 13-16
Lè sa a: Jezi
di:
"Madichon
pou ou, Kowozayin! madichon pou ou Betsayid! paske, si se te nan Tir ak Sidon
mèvèy sa yo te fèt, sa k’ fèt lakay nou yo, gen lontan yo ta chita nan sak ak
sann pou yo fè penitans. An verite y’ap
padonnen Tir ak Sidon plis pase nou nan jou jijman an.
Epi ou menm,
Kafanawòm, jous nan syèl la ou leve, jous anba tè w’ap plonje.
Moun ki koute
nou, se mwen menm li koute, epi moun ki meprize nou, se mwen menm li meprize.
Moun ki meprize m’ menm, li meprize sila a ki voye m’ nan".
An nou fè lwanj ak konpliman pou Pawòl Bondye a.
REFLEKSYON:«Moun ki koute nou, se mwen menm li koute».
Jodi a, nou
wè Jezi fikse atansyon li sou 2 vil kote li te anonse Wayòm Bondye a. Kantite
mirak li te fè nan Kowozayin, Betsayid ak Kafanawòm, li pa t’ fè yo nan lòt
kote li te pase yo. Jezi te simen anpil nan zòn sa yo, men rekòlt la pa t’
bon. Jezi li menm pa t’ rive konvenk moun yo. Ala yon mistè se mistè libète
moun! Nou kapab di Bondye «non»…mesaj Levanjil la, se pa yon bagay yo enpoze
nou avèk fòs, lè nou tande li, nou genyen opsyon pou nou fèmen kè nou, konsa
tou nou kapab aksepte li, oubyen nou kapab rejte li. Granmèt la respekte libète
mwen totalman. E mwen menm, ki responsablite mwen?
Nou menm ki di nou se kretyen, kisa n’ap fè ak lagras
Bondye ba nou an? Malgre prezans Jezi manifeste Wayòm Bondye a pa lwen, moun yo
refize konvèti, yo rete endiferan fas ak Pawòl Bondye a. Se pou sa Jezi pran
lapèn lè li te nan bout misyon apostolik li, lè li pwononse pawòl sa yo:
"Madichon pou ou, Kowozayin! madichon pou ou Betsayid!’’ (Lik 10,13). Jezi
rekonèt moun Sidon ak Tir te kapab plis pwofite sous lagras ki t’ap koule bò
kote galileyen yo.
Desepsyon Jezi a plis toujou, pou sa ki konsène
Kafanawòm. «Epi ou menm, Kafanawòm, jous nan syèl la ou leve, jous anba tè w’ap
plonje» (Lik 10,15). Se la kay Pyè a ye, e se vil sa Jezi te chwazi pou li te
santre predikasyon li. Yon fwa ankò nou santi se kòm yon menas ki melanje ak
tristès nan pawòl sa yo Jezi pwononse. Nou kapab di menm bagay la pou kèk nan
vil nou yo ak kèk moun k’ap viv nan epòk nou an. Yo kwè yo fè pwogrè lè se nan
twou y’ap tonbe.
«Moun ki
koute nou, se mwen menm li koute» (Lik 10,16). Nan finisman Levanjil la, pawòl sa yo
se yon apèl pou nou konvèti e yo pote anpil lesperans. Si nou koute vwa Jezi,
nou genyen tan toujou. Konvèsyon an, se lè lanmou an depase tandans egoyis nou
yo piti piti, se yon travay ki pa janm fini. Sen Maksim di nou: «Pa gen anyen
ki plis fè Bondye plezi, pa gen anyen Bondye plis renmen ke lè li wè moun nan
konvèti ak yon kè ki sensè».
LAPRIYÈ:
Bondye Granmèt, tanpri fè nou viv yon fason ki konfòm ak lansèyman Kris la. Pa
pouvwa Jezikri. Amèn.
PWOPOZISYON:
Yon moun k’ap
soufri, si l’ pa eksprime doulè li, li soufri plis toujou.
No hay comentarios:
Publicar un comentario