Páginas

SAMDI 14

Koulè Vèt
PREMYE LEKTI
“Voye sèpèt yo, paske rekòlt la bout”
NAN LIV PWOFÈT JOWÈL 4, 12-21
Men pawòl Granmèt la.
“Se pou nasyon yo reveye ansanm, pou yo monte nan tè Jozafat la; paske se la m’ap chita pou m’ jije tout nasyon yo ki alantou yo.Voye sèpèt yo, paske rekòlt la bout; vini, an nou desann, paske kote yo prije rezen an plen, basen yo ap ranvèse, paske mechanste yo twòp.
Pèp sou pèp nan tè jijman an! paske jou Granmèt la tou pre, nan tè jijman an. Solèy la fè lalin nan vin fènwa, zetwal yo pèdi klète yo, Granmèt la pouse rèl antan l’ nan Siyon, li fè tande vwa l’ antan l’ Jerizalèm, syèl yo ak tè a ap souke, Granmèt la se espwa pèp li a ak fòs pitit Izrayèl yo. N’ap konnen se mwen menm, Granmèt Bondye nou, ki abite nan Siyon, mòn mwen an ki sen an; Jerizalèm ap sen, etranje p’ap pase ladan l’ ankò.
Jou sa a, mòn yo ap degoute ak dousè, lèt ap koule sot nan ti mòn yo, nan tout ravin Jida dlo ap kouri, yon sous ap sòti nan lakay Granmèt la, l’ap wouze ravin pikan yo. Lejip ap vin tounen savann, Edòm ap tounen yon savann pèdi, poutèt yo te fè mechanste pou pitit Jida yo, poutèt yo te vide san inosan sou tè l’ la. Y’ap abite Jida pou tout tan, ak Jerizalèm pou jenerasyon ak jenerasyon, m’ap pwòpte san yo, sa mwen pa t’ ko pwòpte yo, epi Granmèt la ap abite nan Siyon”.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 96, 1-2. 5-6. 11-12
R/ Fè kè nou kontan, nou menm ki kòrèk yo, nan Granmèt la.
Granmèt la wa, tè a danse, pakèt zile yo kontan.
Nyaj ak bouya alantou l’, jistis ak jijman se fondasyon fotèy li.R.
Mòn yo tankou lasi ap fonn devan fas Granmèt la, devan fas Granmèt tout tè a.
Syèl yo ap anonse jistis li, tout pèp yo ap wè bèlte l’ la.R.
Limyè leve pou moun kòrèk la, kè kontan pou moun ki gen kè yo dwat la.
Fè kè nou kontan, nou menm ki kòrèk yo, nan Granmèt la, fè konpliman pou fè sonje jan l’ sen.R.
LEVANJIL
“Se chans pou vant ki te pòte w’ la. Se chans pito pou moun ki koute pawòl Bondye a”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 11, 27 -28
Lè sa a:
Pandan Jezi t’ap pale ak foul yo, yon madanm leve vwa l’ nan foul la, li di l’: “Se chans pou vant la ki te pòte w’ la, ak tete ou te souse yo”.
Li menm menm, li di: “Se chans pito pou moun ki koute pawòl Bondye a epi ki kenbe li”.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: “Se chans pito pou moun ki koute pawòl Bondye a epi ki kenbe li”.
Jodi a, nan levanjil sa ki tou kout, nou wè yon pèp ki senp, k’ap admire Jezi, e ki eksprime li atravè bouch yon fanm ak pawòl sa yo: “Se chans pou vant la ki te pòte w’ la, ak tete ou te souse yo” (Lik 11, 27). Se avèk anpil plezi Granmèt la aksepte konpliman yo bay Mari atravè Jezi, men li prefere ajoute: “Se chans pito pou moun ki koute pawòl Bondye a epi ki kenbe li” (Lik 11, 28).
Nou ta kapab di gen yon nouvo kè kontan ki ajoute, kè kontan Pawòl la, ki se an menm tan, yon nouvo konpliman pou Lasent Vyèj Mari, ke Pitit li a fè pou li. Paske se Mari ki te koute e kit e aksepte Pawòl Bondye a an premye atravè anons Anj la lè li te di «wi» san kondisyon. Lè Mari di «Men mwen, se sèvant Mèt la mwen ye. Mwen swete pou sa rive m' jan ou di a» (Lik 1,38), li ouvri pòt delivrans la pou tout moun. Tankou Sen Irene di sa, «antan Mari obeyi, li vin tounen sous delivrans pou li menm ak pou tout moun alawonnbadè».
Kè kontan pawòl la fè nou sonje yon lòt pasaj Levanjil, kote Jezi rele fanmi kèlkeswa moun ki koute Pawòl Bondye e ki fè sa Pawòl la mande: «Manman m' ak frè m', se moun ki koute pawòl Bondye a epi ki fè sa pawòl la di» (Lik 8,21).
Mari se Manman Legliz la. Li se Manman tout moun ki aksepte Pawòl Bondye ak yon kè ki sense e ki eseye akonpli li ak kè kontan, tankou pitit li. Wotè Lavyèj Mari rive a granmesi a lafwa li a, antan li koute e mete an pratik Pawòl Bondye a, sa fè li tounen yon gran modèl lafwa pou disip Kris la. Lavyèj Mari aprann nou konnen, lè nou kwè nan Pawòl Bondye (nou tande li, nou mete li an pratik), sa fè gen yon gwo chanjman ki fèt nan lavi nou chak jou.
LAPRIYÈ: Granmèt, tanpri fè mwen kore lavi mwen sou Pawòl ou a, fè mwen koute li ak obeyisans. Pa pouvwa Jezikri.

PWOPOZISYON: Moun ki pa koute Bondye an premye, li pa gen okenn mesaj li ka bay lemond.

No hay comentarios:

Publicar un comentario