Koulè
Vèt.
PREMYE LEKTI
"Jou Granmèt la, se jou fènwa ak bouya".
LEKTI LIV PWOFÈT
JOWÈL 1, 13-15; 2, 1-2
Mete rad dèy,
kriye, prèt yo; pouse rèl, sèvitè lotèl yo; antre, kouche nan sak, sèvitè Bondye
m’ yo, paske sakrifis ak vide bwason disparèt sot nan kay Bondye nou an.
Deklare yon
jèn ki sen, konvoke reyinyon an, rasanble ansyen yo, ak tout moun ki abite tè a
nan lakay Bondye nou an, pouse rèl kot Granmèt la: "A-a-a, jou
malè-a", paske li tou pre, jou Granmèt la, l’ap rive tankou yon ravaj ki sòti
nan sila a ki gen tout pouvwa a.
Sonnen twonpèt
nan Siyon, pouse rèl sou mòn mwen an ki sen an, tout moun ki abite tè a twouble,
paské jou Granmèt la rivé, paské li tou pré. Jou fè-noua ak bouya, jou nuaj ak
vapè; tankou dévan-jou k-ap gayé sou tèt mòn yo, konsa yon pèp ki anpil, ki fò:
pa gin kon li dépi nan kòmansman, épi apré-l, pap ginyin, jous nan ané
jénérasion ak jénérasion.
SÒM REPONS 9,
2-3. 6 e 16. 8-9 (r.: 9a)
R/ Granmèt la ap jije
fas tè a nan jistis.
M’ap fè lwanj ou, Granmèt, ak tout kè m’;
m’ap rakonte tout mèvèy ou yo.
M’ap fè kè m’ kontan, m’ap danse nan ou,
M’ap chante
kantik pou non ou, ou menm ki anwo nèt la. R.
Ou kraze nasyon yo, ou detui mechan yo;
ou efase non yo pou tout tan ak tout tan gen tan.
Nasyon yo
fonse nan fòs la yo te fouye a;
nan pyèj sa a
yo te kache a, se la pye yo pri.R.
Granmèt la menm
ap chita pou tout tan,
li pare fotèy
li pou jijman an,
Se li menm k’ap
jije fas tè a nan jistis,
l’ap jije pèp
yo ak balans ki byen regle.R.
LEVANJIL
"Si se ak dwèt Bondye mwen chase demon yo, rèy Bondye a rive jous
lakay nou".
MEN BÒN
NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN LIK 11, 15-26
Lè sa a:
Kòm Jezi t’ap
chase demon yo, gen kèk moun nan foul la ki t’ap di: "Se ak pouvwa Bèlzeboul,
chèf demon yo, li chase demon". Epi dòt menm t’ap eseye l’, yo mande l’
pou l’ fè mirak sot nan syèl.
Li menm menm,
kòm li te wè panse yo, li di yo: "Tout peyi wa ki divize sou pa anndan, l’ap
detui, kay ap tonbe sou kay. Konsa si
Satan divize sou pa anndan, kouman rèy li kapab ret kanpe? N’ap di se ak pouvwa
Bèlzeboub m’ap chase demon yo. Men si se ak pouvwa Bèlzeboul m’ap chase demon
yo, pitit nou yo menm, ak pouvwa kilès y’ap chase? Se pousa se yo menm k’ap jij
nou. Sèlman, si se ak dwèt Bondye m’ap chase demon yo, rèy Bondye tou rive sou
nou. Lè yon moun
ki gen fòs, ki gen zam, ap veye lakou l’, sa l’ posede yo, yo asire.Men si yon
moun ki pi fò pase l’ rive, li ranpòte laviktwa sou li, l’ap pran tout zam li
yo, kote li te mete konfyans li a, l’ap separe sa l’ pran yo.
Moun ki pa
avèk mwen, li kont mwen; epi moun ki pa ranmase ansanm avèk mwen, l’ap gaye.
Lè lespri papwòp
la sòti nan yon moun, l’al mache nan kote ki pa gen dlo, l’ap chèche repo, li
pa jwenn, li di: 'M’ap tounen nan lakay mwen an kote mwen te sòti a'. Lè l’ rive,
li jwenn kay la pwòp, san fatra, byen dekore. Lè sa a l’al pran sèt lòt lespri
ki pi mechan pase l’, yo antre, yo abite la.
Dènye
sityasyon moun sa a ap pi mal pase premye a".
An nou fè lwanj ak konpliman pou Pawòl Bondye.
REFLEKSYON: Pawòl Bondye
se sous lavi tout kretyen. Pawòl sa a se limyè; se pawòl sa ki kapab opere moun
pou geri vye kansè move santiman ki nan kè moun nan. Pawòl la, se yon lanp, se
yon gid k’ap mennen nou nan bon direksyon, se li k’ap mennen nou nan lavi a. Se
pa yon pawòl blòf pou twonpe nou oubyen pou eksplwate nou. Se pa yon pawòl ki
pou fè nou pè, men se yon pawòl ki ba nou asirans pou tan jodi a ak pou tan
k’ap vini yo.
Atravè Pwofèt Jowèl, Bondye rele
nou chak pou nou chanje kè nou, pou nou repanti. Paske nou menm lèzòm nou fè
twòp mechanste sou tè a, nou pa vle mete tèt nou ansanm pou nou viv jan Bondye
vle a. Jou sa ke Granmèt la chwazi a, se yon jou tèrib, yon jou k’ap pote anpil
chanjman nan lanati; kote zetwal, lalin ak solèy pral pèdi nan limyè yo; kidonk
se depi kounye a pou nou kòmanse prepare gran jou sa; se depi kounye a pou nou
prepare kè nou epi fikse je nou sou Bondye ki gran e ki vivan. Bondye se lavi li vle pou nou. Pwojè
li pou nou se pwojè lavi.
Youn
nan bagay ki karakterize misyon Jezi, se lite kont mal la sou tout fòm. Konba
sa a, se yon konba ki manifeste prezans Wayòm Bondye a ki an mach. Lènmi Jezi
yo akize li: Selon kèk nan yo, Jezi se ak pouvwa chèf denmon yo l’ap aji,
genyen lòt ki mande li yon siy ki sot nan syèl la. Jezi reponn yo, e li fè yo
wè pwòp kontradiksyon ki genyen nan panse yo: satan pa kapab batay ak satan: «Tout
peyi wa ki divize sou pa anndan, l’ap detui, kay ap tonbe sou kay. Konsa si
Satan divize sou pa anndan, kouman rèy li kapab ret kanpe?».
Prezans
mal la nan lemond se yon reyalite. Li manifeste sou plizyè fòm: lagè, grangou,
mechanste, elatriye. Jezi pran angajman pou fè fas ak tout kalite mal sa yo ki
rabese moun e ki kache vizaj Bondye. Pi gwo pèvèsyon an, se lè yo di Jezi ap
aji nan non chèf demon yo.
Frè mwen, sè mwen, se chak jou
n’ap tande pawòl Bondye e se yon chans nou genyen. Men kesyon nou dwe poze tèt
nou jodi a, se “kisa pawòl la fè pou mwen”? Ki chanjman pawòl la pote nan lavi
mwen? Ebyen, pou nou santi chanjman pawòl la pote nan lavi nou, nou dwe dispoze
nou pou nou koute pawòl Bondye ak yon atitid obeyisans.
Pawòl la gen anpil
fekondite. Si nou ouvri kè nou, pawòl la kapab pote anpil fwi siksè pou nou
menm, pou fanmi nou ak pou tout sosyete a. Se konsa tout moun ap kapab di: Men
li, men gouvènman Bondye a nou t’ap tan nan!
LAPRIYÈ: Bondye Papa, tanpri
fè m’ gen entelijans pou m’ kapab distenge byen ak mal nan lavi mwen.
PWOPOZISYON:
Avan mwen lonje dwèt sou moun, m’ap
chèche dekouvri pwòf defo pa mwen.
No hay comentarios:
Publicar un comentario