Koulè Ble (ou
Blan)
Notre-dam Pilar
(Fèt).
PREMYE LEKTI: 1 KWONIK 15, 3-4. 15-16; 16,1-2
David reyini tout pèp Izrayèl la lavil Jerizalèm pou
yo pote Bwat Kontra a kote li te pare pou li a.
Apre sa, li voye chache tout moun nan ras fanmi Arawon
yo ansanm ak moun Levi yo.
Yo mete Bwat la sou gwo travès long yo, yo leve l'
mete l' sou zepòl yo, yo pote l' ale jan Moyiz te ba yo lòd fè l' la dapre
pawòl Granmèt la.
David bay chèf moun Levi yo lòd pou yo chwazi divès
moun nan fanmi yo ki konn chante, pou yo vini ak enstriman mizik yo, gita,
bandjo ak senbal, pou jwe mizik cho paske kè tout moun te kontan.
Yo pote Bwat Kontra Granmèt la, yo mete l' nan plas li
nan tant David te moute pou li a. Apre sa, yo ofri bèt pou boule nèt pou
Bondye, ak ofrann pou di Bondye mèsi.
Lè David fin fè ofrann sa yo, li beni pèp la nan non Granmèt
la.
SÒM REPONS 26, 1. 2. 3. 13-I[) (r. l a)
R/ Granmèt la se limyè m’ ak delivrans mwen.
Granmèt la
se limyè m’ ak delivrans mwen, ki moun ki pou fè m’ pè?
Granmet la
se pwoteksyon lavi m’, devan ki moun pou m’ tranble? R.
Lè moun k’ap
cheche fè m’ ditò yo pwoche sou mwen, pou yo manje chè m’; sila yo k’ap fè m’
pase tray la ak lènmi m’ yo, se yo menm ki febli, epi ki tonbe.R.
Si lame
kanpe an fas mwen, kè m’ pa gen dwa pè;
si batay leve
kont mwen, se nan sa mwen menm m’ap espere.R.
Mwen kwè m’ap
wè byen Granmèt la nan peyi vivan yo.
Tann Granmèt
la, aji avèk kouraj, asire kè w’, se pou ou tann Granmèt la. R.
LEVANJIL: LIK 11, 27-28
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 11, 27 -28
Lè sa a:
Pandan Jezi t’ap pale
ak foul yo, yon madanm leve vwa l’ nan foul la, li di l’: “Se chans pou vant la
ki te pòte w’ la, ak tete ou te souse yo”.
Li menm menm, li di: “Se chans pito pou moun ki koute
pawòl Bondye a epi ki kenbe li”.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: “Se
chans pito pou moun ki koute pawòl Bondye a epi ki kenbe li”.
Jodi
a, nan levanjil sa ki tou kout, nou wè yon pèp ki senp, k’ap admire Jezi, e ki
eksprime li atravè bouch yon fanm ak pawòl sa yo: “Se chans pou
vant la ki te pòte w’ la, ak tete ou te souse yo”(Lik 11,27). Se avèk anpil plezi Granmèt la aksepte
konpliman yo bay Mari atravè Jezi, men li prefere ajoute: “Se chans pito pou moun ki koute pawòl Bondye a epi ki
kenbe li” (Lik 11, 28).
Nou
ta kapab di gen yon nouvo kè kontan ki ajoute, kè kontan Pawòl la, ki se an
menm tan, yon nouvo konpliman pou Lasent Vyèj Mari, ke Pitit li a fè pou li. Paske se
Mari ki te koute e kit e aksepte Pawòl Bondye a an premye atravè anons Anj la
lè li te di «wi» san kondisyon. Lè Mari di «Men mwen, se sèvant Mèt la mwen ye.
Mwen swate pou sa rive m' jan ou di a» (Lik 1,38), li ouvri pòt delivrans la
pou tout moun. Tankou Sen Irene di
sa, « antan Mari obeyi, li vin tounen sous delivrans pou li menm ak pou tout
moun alawonnbadè».
Kè
kontan pawòl la fè nou sonje yon lòt pasaj Levanjil, kote Jezi rele fanmi
kèlkeswa moun ki koute Pawòl Bondye e ki fè sa Pawòl la mande: «Manman m' ak
frè m', se moun ki koute pawòl Bondye a epi ki fè sa pawòl la di» (Lik 8,21).
Mari se Manman Legliz la. Li se Manman tout
moun ki aksepte Pawòl Bondye ak yon kè ki sensè e ki eseye akonpli li ak kè
kontan, tankou pitit li. Wotè Lavyèj Mari rive a granmesi a lafwa li a, antan
li koute e mete an pratik Pawòl Bondye a, sa fè li tounen yon gran modèl lafwa
pou disip Kris la. Lavyèj Mari aprann nou konnen, lè nou kwè nan Pawòl Bondye
(nou tande li, nou mete li an pratik), sa fè gen yon gwo chanjman ki fèt nan
lavi nou chak jou.
LAPRIYÈ: Granmèt, tanpri fè mwen kore lavi mwen sou
Pawòl ou a, fè mwen koute li ak obeyisans. Pa pouvwa Jezikri.
PWOPOZISYON: Moun ki pa koute Bondye an premye, li pa gen okenn
mesaj li ka bay lemond.
No hay comentarios:
Publicar un comentario