Koulè Vèt.
PREMYE LEKTI
"W’ap plinyen poutèt pye masketi a, epi pou m’ pa ta pran pitye pou
Niniv, gran vil la?"
LEKTI LIV PWOFÈT
JONAS 4, 1-11
Jonas vin gen
yon gran lapenn, li fache, li lapriyè kot Granmèt la, li di: "Tanpri,
Granmèt: èske se pa sa mwen te di, lè m’ te nan peyi m’ nan toujou a? Se pousa
menm mwen te chèche sové kò m’ Tasis la; sèke mwen konnen ou se yon Bondye ki
bon, ki gen kè sansib, ki gen pasyans, ki gen anpil pitye, ki padonnen anpil
mal. Koulye a, Granmèt, ou mèt pran lavi m’, paske lanmò pi bon pou mwen pase
lavi".
Granmèt la
di: "Èske ou gen rezon fache a?"
Jonas sòti
nan vil la, l’al chita nan direksyon solèy leve, parapò a vil la, li fè yon ti
joupa la, li chita anba lonbraj li, pou l’ wè sa k’ap rive lavil la. Granmèt la
pare yon pye masketi, li monte anlè tèt Jonas, pou l’ fè lonbraj anlè tèt li,
pou l’ pwoteje l’; sèke li te gen lapenn. Jonas menm kontan poutèt pye masketi a, li kontan anpil. Bondye pare yon
ti vè ki monte granmaten nan landmen, li pike pye masketi a; pye masketi a
mouri.
Lè solèy la leve,
Granmèt la pase lòd pou yon van cho rive, pou l’ boule, solèy la frape anlè tèt
Jonas, Jonas pran kout-solèy, li mande lanmò, li di: "Pito m’ mouri pase m’
viv".
Granmèt la di
Jonas: "Èske ou gen rezon fache poutèt masketi a?"
Li di:
"Mwen gen rezon fache menm jous pou m’ mouri".
Granmèt la
di: "Ou pran lapenn poutèt pye masketi a, ou pa t’ travay, ou pa t’ fè l’
grandi, nan yon sèl nuit li fèt, epi nan yon sèl nuit li mouri; epi mwen menm mwen
pa t’a pran pitye pou Niniv, gran vil la, kote gen plis pase san-ven-mil moun
ki pa konnen sa k’ men dwat yo ak men goch yo, epi yon pakèt zannimo?"
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 85, 3-4. 5-6. 9-10 (r.: 15b)
R/ Granmèt, ou gen pasyans, kè ou sansib anpil.
Pran pitye
pou mwen, Granmèt, paske mwen rele kote ou tout lajounen.
Fè nam sèvitè
ou la kontan, paske se kote ou, Granmèt, mwen leve nam mwen.R.
Paske ou menm,
Granmèt, ou bon, ou tou dou, kè ou sansib anpil pou tout moun k’ap rele ou yo.
Pare zòrèy
ou, Granmèt, nan lapriyè m’ nan, koute vwa lapriyè m’ nan.R.
Tout nasyon
yo ou fè a y’ap vini, y’ap adore devan ou, Granmèt;
y’ap fè lwanj
pou non ou, paske ou gran, ou fè mèvèy: ou menm sèl ki Bondye.R.
LEVANJIL
"Granmèt, aprann nou lapriyè".
MEN BÒN
NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN LIK 11, 1-4
Lè sa a:
Jezi te yon
kote, li t’ap lapriyè; lè l’ fini, youn nan disip li yo di l’: "Granmèt,
aprann nou lapriyè,
tankou Jan te
aprann disip li yo".
Li di yo:
"Lè n’ap lapriyè, se pou nou di: 'Papa, se pou yo rekonèt non ou sen, se
pou rèy ou rive. Pen nou bezwen chak jou a, ba nou li jodi a epi padonnen peche
nou yo, menm jan nou menm tou nou padonnen tout moun ki dwe nou, pa kite nou
tonbe nan pyèj".
An nou fè lwanj ak konpliman pou Pawòl Bondye a.
REFLEKSYON:
Kòm se te abitid li, Jezi t’ap priye. Lè l’ fini disip
li yo mande li pou li montre yo priye, tankou Jan te fè sa ak disip li yo. Jezi
detaye lapriyè li montre yo a: rele Bondye «Papa»; mande pou wayòm li tabla;
mande li pen pou chak jou a; mande li padon.
Petèt, sa te kapab
parèt yon ti jan dwòl pou nou wè Jezi ap lapriyè. Nou ta kapab poze tèt nou
kesyon: èske se pa Bondye li te ye? Pa gen okenn kontradiksyon nan sa. Nan tout
Levanjil yo, nou souvan wè Jezi k’ap lapriyè. Se chak jou li priye, li antre
nan dyalòg ak Papa li, avan menm li pran desizyon ki enpòtan. Fason li konekte
ak Papa a, nan fè volonte li ak obeyisans, se yon bagay ki karaterize lavi
Jezi. Se nan fason li te konekte ak Papa a li aprann disip li yo lapriyè tou.
LAPRIYÈ:
Granmèt, fè m’ gen konpòtman disip pou m’ kapab suiv tras ou e pou m’ kapab
priye menm jan ak ou.
PWOPOZISYON: Kèlke swa sitiyasyon m’ap viv, jodi a, avèk konfyans,
m’ap priye ak pawòl Jezi te montre disip li yo lapriyè. Lapriyè kapab ede chanje
lemond.
No hay comentarios:
Publicar un comentario