Páginas

VANDREDI 27

Koulè Vèt
PREMYE LEKTI
“Kilès ki pou delivre m’anba kò lanmò sa a?”
NAN LÈT APOT PÒL KI SEN, POU WOMEN YO 7, 18-25a
Frè m’ yo:
Mwen konnen byen an pa abite nan mwen, sa vle di nan chè m’; sèke vle byen an tou pre m’, men kanta pou m’ reyalize l’, mwen pa jwenn sa. Reyèlman vre se pa byen mwen vle a mwen fè, okontrè se mal mwen pa vle a se li menm mwen fè. Si se sa m’ pa vle a, se li menm mwen fè, se pa mwen menm k’ap fè l’, men se peche a ki abite nan mwen an.
Konsa mwen jwenn lalwa sa a nan mwen menm: lè m’ vle fè sa k’ byen an, se mal la ki tou pre m’; mwen jwenn plezi m’ nan lalwa Bondye a, daprè moun nou ye sou pa anndan an, men mwen wè yon lòt lalwa nan manb mwen yo, ki pa dakò ak lalwa lespri m’ nan, epi ki fè m’ prizonye nan lalwa peche a ki nan manb mwen yo.
Mwen se yon moun ki pa gen chans! Kilès ki pou delivre m’ anba kò lanmò sa a? Konpliman pou Bondye pa pouvwa Jezikri Granmèt nou an.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 118, 66. 68. 76. 77. 93. 94
R/ Aprann mwen volonte ou yo, Granmèt.
Aprann mwen sa k’ bon, ni entelijans, ni syans, paske se nan kòmandman ou yo mwen mete konfyans mwen.R.
Ou bon, ou fè dibyen, aprann mwen desizyon ou yo.R.
Fè kè ou sansib pou ou konsole m’, daprè pwomès ou fè bay sèvitè w’ la.R.
Se pou kè sansib ou vin sou mwen pou m’ viv, paske lalwa w’ la se plezi m’ li yo.R.
Pou tout tan mwen p’ap bliye kòmandman ou yo, paske se nan yo ou devlope lavi m’.R.
Se pou ou mwen ye: sove m’, paske se kòmandman ou yo mwen ret ap chèche.R.
LEVANJIL
“Nou konn obsève sans fas syèl la ak tè a; men tan sa a, kòman nou fè pa obsève l’?”
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 12, 54-59
Lè sa a: Jezi te di foul yo:
“Lè nou wè yon nyaj k’ap monte sot nan direksyon kot solèy kouche a, menm lè a, nou di “Lapli ap vini”, epi se sa k’ fèt. Epi, lè se van nan sid k’ap soufle, nou di: “L’a pral fè cho”, epi sa rive. Ipokrit, nou konn jije fas syèl la ak tè a; men kòman fè nou pa kapab jije tan sa a? Pouki sa nou menm ak pwòp tèt pa nou nou pa jije sa k’ kòrèk la tou?
Lè ou a pral devan chèf la ansanm avèk lènmi ou, pandan ou sou wout la eseye antann ou avèk li, pou li pa renmèt ou nan men jij la, jij la menm pa lage ou nan men gad la, pou gad la menm pa mete ou nan prizon.
Mwen di ou: “Ou p’ap sòti la, joustan ou pa fin renmèt dènye santim nan”.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Nan lèt Pòl adrese bay moun Wòm yo, li fè nou konprann kijan lòm genyen doub nati nan orijin li: byen an ki abite nan li paske li kreye sanble ak Bondye ; men puiske se nan moun li soti, sa pa anpeche ke l’gen yon puisans peche nan li ki pèmèt li aji anpil fwa yon fason ki pa fè Bondye plezi. Se sa k’ fè apòt la di: «Reyèlman vre, se pa byen mwen vle a mwen fè ; okontrè se mal mwen pa vle a, se li menm mwen fè ».
Pòl ap pran lapenn pou konfli sa l’ap viv, men an menm tan li pa janm di ke kò a pa bon, sinon peche a se ak lachè a l’ap konbat ; men nou ka toujou libere anba li depi nou kite se Lespri Bondye a k’ap dirije lavi nou. Se yon eksperyans ki envite n’ devlope matirite nou pou n’ ka ranpòte laviktwa sou fòs mal la, men se pa yon bagay ke nou kapab jwenn pou kont pa nou, sinon se yon gras pou nou mande Bondye chak jou si tout bon vre nou vle eritye wayòm kote Bondye Wa a.
Levanjil jodi a ede nou fè yon gran diferans ant sa ki nesesè ak sa ki esansyèl. Sa vle di nou ka toujou entèprete siy tan yo pou ka ede nou oryante anpil aktivite n’ap fè ; pa ekzanp wè lè ap gen lapli epi pwofite de sa, petèt pou nou fè jaden ; men sa ki esansyèl la, se aprann analize pwòp konsyans pa nou, pou nou wè si nou kòrèk ak sa Bondye mande nou, epi si nou kòrèk ak lòt yo tou. Se yon levanjil ki envite n’aprann antre nan dyalòg ak lòt yo, aprann rekonsilye ak yo, pou nou pa al peye konsekans la pi devan.
Tèks sen Lik la vrèman adapte ak anpil reyalite nou konn ap viv nan peyi Ayiti, kote anpil fwa pou nenpòt ti krik ti krak, nou pa ka rive antann nou, se wout lajistis nou pran. Ann mande Bondye pou li mete plis renmen ak bon konprann nan kè nou, pou nou ka rive nan yon kilti dyalòg, pou youn aprann sipòte lòt, epi pou n’ ka viv nan lapè tankou frè ak sè pou rive transfòme lavi nou ak sosyete nou an. Amèn
LAPRIYÈ : Papa Bondye, tanpri mete bon konprann ou an nan nou, pou se Lespri ou a k’ap aji nan nou, pou n’ rive konbat tout fòs fènwa ki vle fè nou vire do ba ou. N’ap mande li ou, pou nou rive viv youn ak lòt tankou frè ak sè, espesyalman nan renmen, nan rekonsilyasyon, nan respè ak nan diyite. Amèn

PWOPOZISYON : M’ap idantifye tout sa ki sèvi m’ blokaj, ki anpeche m’ viv selon kòmandman Bondye yo.

No hay comentarios:

Publicar un comentario