Páginas

JEDI 26

Koulè Vèt.
PREMYE LEKTI
“Koulye a nou delivre anba peche a, nou vin tounen sèvitè Bondye”.
NAN LÈT APOT PÒL KI SEN, POU WOMEN YO 6, 19-23
Frè m’ yo:
M’ap pale langaj lèzòm poutèt feblès chè nou. Menm jan nou te ofri manb nou yo nan sèvis sa ki pa pwòp, ki pa kòrèk la, pou mal la, konsa tou koulye a, ofri manb nou yo nan sèvis jistis la pou nou vin sen.
Lè nou te nan sèvis peche a, nou te lib parapò a jistis la. Epi ki rezilta nou te jwenn lè sa a, nan bagay yo k’ap fè nou wont la? Sèke finisman bagay sa yo, se lanmò a.
Koulye a menm nou lib parapò a peche a, nou vin tounen sèvitè Bondye, nou gen fwi nou nan sa k’ fè nou vin sen an, finisman an se lavi tout tan an. Epi travay peche a se lanmò; men favè Bondye a, se lavi tout tan an nan Jezikri Granmèt nou an.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 1, 1-2. 3. 4 e 6
R/ Se chans pou moun ki mèt konfyans li nan Granmèt la.
Se chans pou moun, ki pa al suiv konsèy mechan yo, ki pa kanpe nan chemen moun peche yo, ki pa chita nan reyinyon moun k’ap derespekte Bondye yo, men se nan lalwa Granmèt la volonte l’ ye.R.
L’ap tankou yon pye bwa ki plante sou bò dlo k’ap kouri, k’ap bay fwi l’ nan sezon l’; fèy li p’ap tonbe, tout sa l’ap fè ap reyisi.R.
Se pa konsa pou mechan yo, se pa konsa, men y’ap tankou pousyè van ap vòltije. Sèke Granmèt la konnen wout moun kòrèk yo, men chemen moun peche yo ap peri.R.
LEVANJIL
“Mwen pa vin bay lapè men separasyon”
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 12, 49-53
Lè sa a: Jezi di disip li yo:
“Mwen vin voye dife sou tè a, epi ki sa m’ vle si se pa pou l’ boule. Mwen gen yon batèm pou m’ resevwa, epi se pa ti kras anvi mwen anvi pou l’ reyalize.
Èske nou konprann se lapè mwen vin bay sou tè a? Non, mwen di nou, men se divizyon. Sèke senk moun nan yon sèl kay, y’ap divize: twa kont de, epi de kont twa: papa kont pitit, epi pitit kont papa l’; manman kont pitit fi a, pitit fi a kont manman l’; bèlmè kont bèlfi, epi bèlfi kont bèlmè.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Anpil fwa, lè moun ap fè manifestasyon pou reklame yon dwa ke yo genyen, nou konn wè yo boule kawoutyou, pou mete barikad; kidonk anwo pa desann, anba pa monte, tout bagay bloke! Èske se nan sans sa nou dwe konpran dife Jezi a? Non. Jezi poze nou yon kesyon: èske nou konprann se lapè mwen vin bay sou tè a? E li ba nou repons lan: non, mwen di nou; men se divizyon.
Piga nou pran mo “divizyon” an nan sans lèzòm men nan yon sans ki trè diferan. Se menm jan an tou, nou sonje Jezi te di nou, li pote pou nou lapè men se pa tankou lapè mond sa a. Se nan menm sans sa a li kontinye ap pale nou jodi a.
Divizyon y’ap pale nou an, se pa pou moun ki gen Jezi kòm sovè yo deja; men pou tout moun k’ap mache nan fòs fènwa, li pral divize yo, pou yo ka vin pitit limyè a.
An reyalite yon moun ki nan koripsyon, yon moun k’ap toupizi lòt moun, li bezwen yon chanjman radikal.
Mesaj Jezi a jodi a, se pou li, paske moun sila a bezwen yon chanjman nan panse li ak nan fason l’ap aji. Dife Sovè a pote sou tè a, se dife limyè, jistis, mizerikòd. Renmen Bondye a manifeste nan Jezi ki te tounen moun e ki te pase kèk jou avèk nou.
Frè ak sè m’ yo, ann kite kè nou disponib e dispoze pou n’ resevwa dife chanjman Jezi a nan lavi nou.
LAPRIYÈ: Jezi Gran Frè nou, tanpri boukannen nou ak dife w’ la, pou nou kapab gen kè nou pwòp, konsa n’a fè plis pwogrè sou wout sentete a.

PWOPOZISYON: Jodi a, m’ap pran konsyans de eta mwen pou m’ kapab fè yon konvèsyon. 

No hay comentarios:

Publicar un comentario