Páginas

MÈKREDI 25

Koulè Vèt
PREMYE LEKTI
“Ofri pwòp tèt nou bay Bondye tankou moun ki leve vivan sot nan pami mò yo”
NAN LÈT APOT PÒL KI SEN POU WOMEN YO 6, 12-18
Frè m’ yo:
Pa kite peche a kòmande nan kò nou k’ap mouri a, pou nou obeyi move lanvi l’ yo. Ni non plis tou, pa mete manb nou tankou zam mechanste nan sèvis peche a; men se pou nou ofri pwòp tèt nou bay Bondye tankou moun ki vivan sot nan pami mò yo; ofri manb nou tankou zam jistis bay Bondye. Sèke peche a p’ap kòmande nan nou; paske nou pa anba lalwa a, men anba favè a.
Ebyen ki sa? Èske se pou nou fè peche, paske nou pa anba lalwa a, men anba favè a? Pa ditou. Èske nou pa konnen, moun nou ofri pwòp tèt nou ba li a kòm esklav pou nou obeyi l’ la, nou vin tounen esklav sila a nou obeyi a. Si se peche a, se pou lanmò a; si se obeyisans la, se pou jistis la?
Men granmesi Bondye: nou te esklav peche a, men nou vin obeyi ak tout kè nou nan modèl lansèyman an yo te transmèt nou an. Nou delivre sot nan peche a, nou vin tounen esklav jistis la.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 123, 1-3. 4-6. 7-8
R/ Sekou nou o non Granmèt la.
Si Granmèt la pa t’ nan nou, se pou Izrayèl di sa koulye a,
Si Granmèt la pa t’ nan nou, R.
lè moun yo leve kont nou an, petèt se tou vivan yo t’ap vale nou,
lè raj yo t’ap boule kont nou an.R.
Petèt dlo a t’ap nwaye nou, larivyè a t’ap pase anlè tèt nou,
petèt yo t’ap pase anlè tèt nou, dlo yo k’ap bouyi yo.  
Konpliman pou Granmèt la, ki pa renmèt nou kòm manje anba dan yo.R.
Nanm nou tankou zwazo ki chape sot nan pyèj chasè yo: pyèj la kraze,
nou menm menm nou chape.Sekou nou o non Granmèt la, ki fè syèl la ak tè a.R.
LEVANJIL
“Tout moun yo bay anpil, y’ap mande l’ anpil”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 12, 39-48
Lè sa a:
Jezi di disip li yo: “Aprann sa, si mèt kay la te konnen kilè vòlè a t’ap vini, li t’ap veye sètènman, epi li pa t’ap kite yo kase kay li a. Ebyen nou menm tou se pou nou pare, paske se lè nou pa panse a, Pitit moun nan ap vini”.
Pyè menm di l’: “Granmèt, èske se pou nou menm w’ap di parabòl sa a, oubyen si se pou tout moun?
Granmèt la di: “Kilès jeran fidèl ki gen ladrès, pou mèt li enstale l’ kòm responsab moun lakay la, pou l’ ba yo pòsyon manje a nan tan yo bezwen an? Se chans pou sèvitè sa a, si lè mèt la rive, li jwenn li ap fè sa. An verite mwen di nou, se sou tout sa l’ posede l’ap enstale l’. Men si sèvitè sa a ret ap di nan kè l’: “Mèt mwen pran tan pou l’ rive”, epi li kòmanse frape sèvitè yo, gason kon fi, l’ap manje, l’ap bwè, l’ap soule tèt li, mèt sèvitè sa a ap rive jou li pa espere a, ak lè li pa konnen an, l’ap mete l’ deyò, l’ap konsidere l’ nan menm ran ak moun ki pa fidèl yo.
Sèvitè sa a ki konnen volonte mèt li a, epi ki pa t’ pare, ki pa t’ fè volonte l’, l’ap pini l’ rèd; men sila a ki pa t’ konnen epi ki fè bagay ki merite kou, l’ap pini l’ yon ti kras. Tout moun yo bay anpil, y’ap reklame anpil nan men l’; moun yo renmèt anpil, y’ap mande l’plis”.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Kòm sèvitè Bondye, nou dwe rete vijilan e pridan pou n’ veye paske nou pa konnen ni ki lè ni ki jou mèt la ap retounen, se yon ti ekstrè nou jwenn nan Levanjil jodi a. Men sa ki santral nan tèks sa a, se obeyisans sèvitè a. Obeyi vle di chita nan pye Mèt la pou koute l’avèk anpil atansyon epi fè tout sa l’ mande w’ fè, kit li la kit li pa la. Levanjil la ak tout premye lekti a mete anpil aksan sou koze obeyisans lan. Pòl mande tout kretyen yo pou obeyi Bondye, e pou ofri manm yo tankou zam jistis bay Bondye.
Anpil fwa nou sou may, nou pran pòz nou vle obeyi Bondye, men nou toujou gen rezèv, nou di n’ap obeyi vre men pa nan tout sikonstans. Alòske obeyisans lan, sa ki karakterize l’ se fè volonte Mèt la nan tout sikonstans ; lè tout bagay parèt klè ak lè bagay yo parèt difisil. Li pa janm fasil pou yon moun obeyi, men obeyisans volonte Bondye se pi gwo pilye nan santifikasyon yon kretyen e se nannan reyalizasyon pwojè rèy Bondye a.
Se pou sa Jezi te aksepte obeyi kote l’ bay pwòp lavi l’ sou lakwa pou l’ fè volonte Papa a e pou l’ sove limanite. Obeyisans lye ak lanmou, lè w’ obeyi Mèt la se pi gwo siy ki montre w’ renmen l’. Bondye konfye nou anpil don, li mande pou n’ mete yo o sèvis li ak nan sèvis pwochen nou ki pi vilnerab yo, se pou sa l’ap ekzije n’ plis.
Kidonk lè nou gen plis don ak responsablite, se plis nou dwe ap priye e veye pou ka dekouvri volonte Bondye, e pou n’ reyalize volonte l’, yon fason pou nou ka toujou rete fidèl ak tout kòmandman lanmou li ban nou yo.
LAPRIYÈ: Jezi ou menm ki se pi gran sèvitè a, ou te obeyi Papa w’ jis nan dènye bout nan bay ou te bay lavi w’ sou lakwa a. Tanpri souple ba nou lagras ou pou nou aprann chèche e dekouvri volonte Bondye nan tout bagay. Amèn.

PWOPOZISYON: M’ap pran plis tan pou m’ priye pou m’ ka chèche dekouvri volonte Bondye nan lavi m’; m’ap angaje m’ pou m’ mete tout mwen menm nan sèvis pwomosyon lafwa ak jistis Bondye a.  

No hay comentarios:

Publicar un comentario