Koulè Blan.
TRANNKATRIYÈM DIMANCH ÒDINÈ, ANE-A
GRANMÈT NOU JEZIKRI, WA TOUT TÈ-A
Gran fèt.
PREMYE LEKTI
«Nou menm, bann mouton m’ yo; se mwen menm
k’ap jije ant mouton ak mouton».
LEKTI LIV PWOFÈT EZEKYÈL 34, 11-12. 15-17
Men pawòl Granmèt Bondye:
«Men m’ap chèche mouton m’ yo, m’ap vizite
yo; menm jan yon gadyen vizite bann mouton l’, jou li nan mitan bann mouton l’
ki gaye yo, konsa m’ap vizite mouton m’ yo, m’ap delivre yo sot nan tout kote
yo te gaye jou nyaj ak bouya. Se mwen menm k’ap swen mouton m’ yo, m’ap fè yo
kouche, deklarasyon Granmèt Bondye. Sa k’ te
pèdi a, m’ap chèche l’; sa yo te rejte a, m’ap fè l’ tounen; sa k’ te blese a,
m’ap panse l’; sa k’ te malad la, m’ap ba l’ sante; sa k’ gra a, ki fò a, m’ap
konsève l’; m’ap swen yo nan jistis.
Nou
menm, bann mouton m’ yo, men sa Bondye Granmèt la di nou:
Se
mwen menm k’ap jije ant mouton ak mouton, ant belye mouton yo ak bouk kabrit
yo».
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 22, l-2a. 2b-3. 5. 6 (r.: 1)
R/Granmèt la swen m’, mwen
p’ap manke anyen.
Granmèt
la ap kondui m’, anyen p’ap manke m’; nan zèb vèt li enstale m’.R.
Sou bò dlo trankil li mennen m’, li refè
nam mwen.
Li kondui m’ nan chemen jistis poutèt non
l’.R.
Ou pare yon tab devan fas mwen kont sa yo
k’ap fè m’ pase tray; ou swen tèt mwen ak losyon, kalis mwen ap debòde.R.
Reyèlman se bon kè ak mizerikòd k’ap
rapousuiv mwen tout tan lavi m’, m’ap abite nan kay Granmèt la pou tout longè
tan yo.R.
DEZYÈM LEKTI
«L’ap renmèt peyi wa a bay Bondye Papa a,
pou Bondye kapab tout bagay nan tout moun.
LEKTI PREMYE LÈT APOT PÒL KI SEN POU
KORENTYEN YO 15, 20-26a. 28
Frè
m’ yo:
Jezikri
resisite sot nan pami mò yo, premye fwi nan pami sa k’ t’ap dòmi yo! Sèke se pa
lentemedyè yon moun, lanmò a te rive; konsa tou, se pa lentèmedyè yon moun,
rezireksyon an rive. Epi menm jan tout moun te mouri nan Adan an, se konsa tou tout moun ap
viv nan Jezikri. Men chak moun nan ran pa l’:
premye fwi a, se Jezikri, aprè se sa yo ki nan Jezikri yo, ki te kwè nan vini
li t’ap vini an. Aprè sa se finisman an lè l’ap renmèt peyi wa a nan men Bondye
Papa a, lè l’ap fin detwi tout gouvènman, pouvwa ak fòs.
Sèke
li gen pou l’ kòmande kòm wa, joustan li mete tout ènmi yo anba pye l’. Dènye
ènmi an k’ap detwi a menm se lanmò a. Men lè tout bagay ap obeyi anba l’, lè sa
a atò Pitit la li menm ap renmèt tèt li bay sa a ki te mete tout bagay yo anba
men l’ nan, pou Bondye kapab tout bagay nan tout moun.
Pawòl Granmèt la.
LEVANJIL
«L’ap chita sou twòn glwa l’ la, l’ap separe yo youn sot kot lòt».
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN MATYE
25, 31-46
Lè
sa a: Jezi di disip li yo:
«Lè
Pitit moun nan ap vini nan glwa l’, epi tout anj yo avèk li a, lè sa a l’ap
chita sou twòn glwa l’ la, tout nasyon yo ap rasanble devan l’, l’ap separe yo
youn sot kot lòt, tankou gadyen an chwazi mouton yo sot nan pami bouk yo, l’ap
fè mouton yo kanpe adwat li, bouk yo menm agòch li.
Lè
sa a Wa a ap di sa yo ki adwat li a: «Vini, nou menm Papa m’ beni an, pran
posesyon peyi wa a yo te pare pou nou depi tè a te fèt la. Sèke mwen te
grangou, nou te ban m’ manje; mwen te swaf, epi nou te ban m’ bwè; mwen te
etranje, nou te ranmase m’; mwen te nikò, nou te kouvri m’; mwen te malad, nou
te vizite m’; mwen te nan prizon, nou te vin jwenn mwen».
Lè
sa a atò moun ki kòrèk yo ap reponn li, y’ap di: «Granmèt kilè se ou menm menm
nou te wè ki grangou epi nou te ba ou manje a? swaf, epi nou te ba ou bwè a?
Kilè menm se ou menm menm nou te wè etranje epi nou te ranmase ou la, oubyen
nikò epi nou te abiye ou la? oubyen kilè se ou menm menm nou te wè malad oubyen
nan prizon epi nou te vin jwenn ou an?»
Wa a
menm ap reponn, l’ap di yo: «Amèn, mwen di nou, chak fwa nou te fè sa pou youn
nan pi piti nan frè m’ sa yo, se pou mwen menm nou te fè l’.
Lè
sa a atò l’ap di sa yo ki agòch li yo: «Rale kò nou sot kote m’, nou menm ki
madichonnen, al nan dife ki p’ap janm etenn nan, sa k’ te pare pou dyab la ak
anj li yo. Sèke mwen te grangou, men nou pa t’ ban m’ manje; mwen te swaf, men
nou pa t’ ban m’ bwè; mwen te etranje, men nou pa t’ ranmase m’; nikò, men nou
pa t’ abiye m’; malad ak nan prizon, men nou pa t’ vizite m’».
Lè
sa a atò y’ap reponn li epi y’ap di: «Granmèt, kilè se ou menm menm nou te wè
grangou, oubyen swaf, oubyen etranje, oubyen nikò, oubyen malad, oubyen nan
prizon, epi nou pa t’ okipe ou?» Lè sa a atò l’ap reponn yo, l’ap di: «Amèn,
mwen di nou, chak fwa nou pa t’ fè sa pou youn nan piti sa yo, se pou mwen menm
tou nou pa t’ fè l’».
Konsa
moun sa yo a prale nan chatiman ki p’ap janm sispann nan, men moun kòrèk yo
menm nan lavi ki p’ap janm fini an».
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl
Bondye a.
REFLEKSYON: Jodi a, nou rive nan finisman Ane Litiji a
(Ane-A), antan n’ap selebre Kris la ki se Wa Linivè a. Bondye ba li pouvwa pou
li kòmande sou tout bagay. Yon sèl Wa nou genyen: se Jezikri. Viv Jezi! Viv Wa
nou an!
Nan
Levanjil jodi a, Jezi ap pale nou sou Jijman nan finisman tan yo. E pandan li
itilize yon imaj mouton ak kabrit, li montre nou se yon jijman lanmou. Sen Jan
Lakwa di nou, «se sou lanmou y’ap jije nou». Yon lòt mistik, Sen Inyas
de Loyola di nou, nan jan li t’ap medite pou rive nan lanmou an: «Fòk gen plis lanmou
nan aksyon nou ke nan pawòl nou».
E
Levanjil jodi a montre nou sa trè byen. Chak aksyon lanmou ke nou fè, se pou
Kris la menm ke nou fè li: «Sèke mwen te grangou, nou te ban m’ manje; mwen
te swaf, epi nou te ban m’ bwè; mwen te etranje, nou te ranmase m’; mwen te
nikò, nou te kouvri m’; mwen te malad, nou te vizite m’; mwen te nan prizon,
nou te vin jwenn mwen». (Mt 25, 34-36). Plis toujou: « chak fwa nou te fè sa
pou youn nan pi piti nan frè m’ sa yo, se pou mwen menm nou te fè l’.» (Mt
25,40).
Pasaj
Levanjil sa ki envite nou mete pye nou sou tè a, li mete fèt Jijman Kris la nan
vrè plas li. Kalite Kris la genyen kòm wa a, se pa yon bagay ki sanble ak sa
lèzòm genyen, se senpleman yon reyalite fondamantal ekzistans la: Se lanmou
k’ap gen dènye mo a.
Jezi
montre nou sans kalite yon moun kòm wa, sans puisans la, nou rive dekouvri li
tout bon lè nou sèvi lòt yo. Li te konfime li te «Mèt ak Granmèt» (cf. Jn 13,
13), e se Wa li te ye (cf. Jn 18, 37), men se lè li te lave pye disip li yo li
te montre se Mèt li te ye (cf. Jn 13,4-), e li te gouvènen antan li te bay lavi
li. Jezi te gouvènen dabò nan bèso a (ti kabann li, nan pak bèt yo), e aprè sou
yon twòn ki pa t’ twò konfòtab, sa vle di, Lakwa a.
Sou
kwa a te gen yon pannkat ki te di «Jezi moun Nazarèt, Wa Juif yo» (Jn 19,
19): Sa aparans la pa t’ konnen an, pwofondè mistè Bondye a te deja konfime
li, puiske Jezi reye sou Lakwa-a, e li jije nou nan renmen li an, paske «Se
sou lanmou y’ap jije nou». LAPRIYÈ: Jezi ou menm ki Wa lanmou ak lapè,
tanpri vin gouvènen lavi nou, vin aprann nou youn sèvi lòt, antan n’ap viv nan
renmen, nan tèt ansanm youn ak lòt.
PWOPOZISYON: Ekzanp Jezi ba nou kòm Wa, se sèvis. M’ap aprann sèvi pwochen mwen
pou m’ ka sanble ak Jezi.
No hay comentarios:
Publicar un comentario