Páginas

SAMDI 25

Koulè Vèt.
PREMYE LEKTI
"Se poutèt move bagay mwen te fè nan Jerizalèm, m’ap mouri avèk anpil chagren-an".
LEKTI PREMYE LIV MAKABE YO 6, 1-13
Jou sa yo:
Wa Antyokis t’ap mache nan rejyon anwo-yo; li te tande pale sou vil Elimayid la nan Pès ki te gen renome anpil, ki te gen anpil lajan ak lò, anndan tanp li a te gen anpil richès, te gen kask an lò ladan l’ ak zam an kuiv pou pwoteje kò ak lòt zam-defans, sa Aleksann Filip, wa Masedwán nan te kite, li menm ki te premye wa nan peyi Lagrès la. Li rive, li t’ap chèche pran vil la pou l’ piye l’, men li pa t’ kapab, paske moun yo ki te nan vil la yo te okouran bagay la, yo leve batay; li sove kò l’ sot la, li pati avèk gran chagren, li tounen Babilòn.
Antan l’ te nan Pès, yon moun vin anonse l’ kijan lame yo sove, sa k’ te nan peyi Jida-a, epi spesyalman kijan Lizyas te pati avèk yon gran lame, li te blije sove kò l’ sot devan fas Juif yo; Juif yo te vin fò avèk zam ak moun ak anpil bagay yo te piye, sa yo te pran nan men lame yo te fin kraze yo. Epi tou li anonse l’ kijan yo te jete zidòl la li te drese sou lotèl la, sa k’ te nan Jerizalèm nan, kijan yo te antoure tanp la tankou anvan avèk gran miray ki wo anpil. Yo te fè menm jan tou pou Betsou, vil li a.
Lè wa-a tande pawòl sa yo, li sezi, li tranble anpil, li pran kabann, li tonbe malad ak chagren, paske sa pa t’ rive jan l’ te panse a.
Li ret la anpil jou, paske gwo chagren te tounen tonbe sou li. Li te konprann li t’a pral mouri, li rele tout zanmi l’ yo, li di yo: "Dòmi pati sot nan je m’, traka kraze m’, li fini ak kè m’, mwen di nan kè m’: Gade nan ki tray mwen rive, ak nan ki rivyè chagren mwen ye koulye-a, mwen menm ki te byen, ki te alèz nan pouvwa m’! Koulye-a menm mwen sonje move bagay mwen te fè nan Jerizalèm, kote mwen te pran tout veso lò ak lajan ki te nan vil la, mwen te voye pran moun ki abite Jida yo san rezon. Konsa mwen rekonèt se pousa malè sa a tonbe sou mwen; men m’ap peri ak gran chagren nan yon tè etranje".
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS  9, 2-3. 4 é 6. 16b e 19 (r.: cf. 16a)
R/ M’ap fete nan sove ou la, Granmèt.
M’ap fè lwanj ou, Granmèt ak tout kè m’;
M’ap rakonte tout mèvèy ou yo.
M’ap kontan, m’ap fete nan ou,
M’ap chante pou non ou, ou menm ki anlè nèt la.R.

Lè ènmi m’ yo ap vire dèyè,
yo febli, yo peri devan fas ou.
Ou menase nasyon yo, ou pèdi ènmi ou nan;
ou efase non yo pou tout tan san rete.R.

Nasyon yo fonse nan fos la yo te fouye a;
nan pyèj sa-a yo te kache-a,
pye yo pran ladan-l’.
Sèke se pa pou tout tan w’ap bliye pòv la;
esperans pòv la p’ap peri pou tout tan. R.
LEVANJIL
"Bondye pa Bondye moun mouri, men Bondye moun ki vivan".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN LIK 20, 27-40
Lè sa a:
Kèk nan sadiseyen yo pwoche, yo menm ki refize kwè rezireksyon, yo poze Jezi kesyon, yo di: "Mèt, Moyiz te ekri pou nou: 'Si frè yon moun vin mouri, antan li te gen yon madanm li pa t’ gen pitit, se pou frè l’ la marye ak madanm li, pou l’ leve yon desandans pou frè li a'. Konsa te gen sèt frè, premye-a marye, li mouri san pitit; sa k’ suiv la pran l’, li menm tou li mouri san pitit; twazyèm nan pran l’, epi konsa tou pou tou le sèt: yo pa kite desandans, epi yo mouri.
Apre yo tout, madanm nan mouri tou. Konsa, nan rezireksyon an, pou kilès nan yo madanm nan ap ye? paske yo tou le sèt te genyen l’ kòm madanm".
Jezi di yo: "Pitit syèk sa a, gason ak fi, y’ap marye; men sa yo ki merite lòt syèk la ak rezireksyon sot nan pami mò yo, yo pa marye, ni gason ni fi; sèke yo pa kapab mouri ankò: yo tankou anj yo epi yo se pitit Bondye, paske yo se pitit rezireksyon.
Kanta kesyon mò yo ki gen pou resisite a, Moyiz te montre sa bò raje ki t’ap boule-a, jan l’ di: 'Granmèt Bondye Abraam ak Bondye Izaak ak Bondye Jakòb'. Bondye pa Bondye moun mouri yo, men Bondye moun vivan yo; sèke tout moun viv pou li".
Kèk nan skrib yo reponn, yo di l’: "Mèt, ou pale byen". Yo pa t’ oze poze l’ okenn kesyon ankò.
An nou fè lwanj ak konpliman pou Pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: «Bondye pa Bondye moun mouri yo, men Bondye moun vivan yo; sèke tout moun viv pou li».
Jodi a, Pawòl Bondye pale nou sou leve vivan moun mouri yo. Sadiseyen yo ap poze kesyon tankou moun ki pa gen bon sans. Anpil fwa nou menm tou, nou konn fè sa: nou poze kesyon ki pa gen plas yo. N’ap chèche solisyon pou sa ki konsène syèl la, pandan nou itilize kritè ki konsène tè a, alòske nan mond nouvo a tout bagay pral diferan: « sa yo ki merite lòt syèk la ak rezireksyon sot nan pami mò yo, yo pa marye» (Lik 20, 35). Si nou pati ki baz ki pa kòrèk, konsa tou n’ap rive nan konklizyon ki pa kòrèk.
Si nou youn te renmen lòt pi byen, nou ta plis konprann kijan sa ye nan syèl la. Nan syèl la nou youn ap kapab renmen lòt ak yon kè ki pwòp, san tach, san jalouzi ni anvi, nou p’ap sèlman renmen mari nou oubyen madanm nou, pitit nou oubyen moun ki pwòch nou (fanmi nou), men n’ap renmen tout moun alawonnbadè, san diskriminasyon pou lang, peyi, ras ou kilti, puiske vrè lanmou an li gen anpil fòs.
Li vrèman enteresan pou nou tande pawòl sa yo ki sòti nan bouch Jezi, li menm menm. Sa fè nou byen anpil, paske enfliyans anpil bagay nan antouraj nou ta kapab fè nou pa menm panse ak lavi pou tout tan an. Wi, sa vrèman fè nou byen pou nou tande Granmèt la di nou, gen espwa aprè kò nou fin peri nan mond sa ki la pou yon ti tan, lavi pa fini: gen lavi aprè lanmò. «Kanta kesyon mò yo ki gen pou resisite-a, Moyiz te montre sa bò raje ki t’ap boule a, jan l’ di: «Granmèt Bondye Abraam ak Bondye Izaak ak Bondye Jakòb'. Bondye pa Bondye moun mouri yo, men Bondye moun vivan yo; sèke tout moun viv pou li".
LAPRIYÈ: Granmèt, ou menm ki bay lavi tout bon vre a, tanpri, fè nou viv tankou vrè temwen Rezireksyon Kris la. Pa pouvwa Jezikri. Amèn.

PWOPOZISYON: M’ap montre mwen kwè nan lavi, antan m’ap travay kont vyolans nan fanmi mwen, nan kominote m’ap viv la.

No hay comentarios:

Publicar un comentario