Koulè Vèt
PREMYE
LEKTI
"Yo
batize lotèl la, yo ofri sakrifis avèk kè kontan".
LEKTI
PREMYE LIV MAKABE YO 4, 36-37. 53-59
Jou
sa yo:
Jida
ak frè l’ yo di: «Men ènmi nou yo kraze; an nou monte koulye a pou nou pwòpte
Tanp la, pou nou mete l’ a nèf ». Tout lame a rasanble, yo monte sou mòn Siyon an.
Yo leve byen bonè, granmaten, vennsenkyèm jou nevyèm
mwa a (se mwa Kasle a) sankatreven-uityèm ane a; yo ofri sakrifis daprè lalwa a
sou lotèl nouvo, lotèl sakrifis antye yo, sa yo te fè a. Daprè tan an ak daprè
jou a, kote nasyon yo te sal li a, se menm dat sa a yo renouvle l’ avèk kantik
ak gita ak bandyo ak senbal.
Tout pèp la tonbe sou fas li, yo adore, yo fè
konpliman nan syèl la pou sa a ki te fè yo ranpòte viktwa a, yo batize lotèl la
pandan ui jou, yo ofri sakrifis antye avèk kè kontan, epi sakrifis sove ak
lwanj: yo dekore fasad Tanp la avèk kouwòn lò ak zam defans, yo konsakre pòt yo
ak sal yo, yo mete pòtay pou yo.
Vin
gen yon gran kè kontan nan pèp la anpil; lawont nasyon yo te pote a, li efase.
Jida deside avèk frè l’ yo ak tout asanble Izrayèl la, pou yo fete jou
konsekrasyon lotèl la nan tan l’ yo chak ane pandan ui jou, vennsenkyèm jou mwa
Kasle a, avèk kè kontan ak fèt.
SÒM REPONS 1 Kr, 29, 10. 11abc. 11d-12a. 12bcd (r.: 13b)
R/ N’ap fè lwanj pou non ou ki gran an, Granmèt.
Konpliman pou ou, Granmèt Bondye Izrayèl, papa nou,
sot nan syèk tan al nan syèk tan.R.
Se
pou ou, Granmèt, grandè ak pouvwa,
ak
glwa, ak viktwa, ak lwanj se pou ou;
tout
bagay ki nan syèl la ak sou tè a, se pou ou yo ye.R.
Se
pou ou, Granmèt, peyi wa a ye; ou anlè tout chèf.
Richès
se pou ou, glwa se pou ou.R.
W’ap kòmande sou tout bagay, nan men ou se otorite ak
pouvwa,
nan men ou se grandè ak kòmandman tout bagay.R.
LEVANJIL
"Nou fè kay Bondye a vin tounen yon kachèt
asasen".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN LIK 19, 45-48
Lè sa a:
Jezi antre nan Tanp la, li kòmanse chase moun k’ap
vann ladan l’ yo, epi k’ap achte yo, li di yo: "Men sa k’ ekri: 'sèke kay
mwen an se kay priyè li ye'; nou menm menm nou fè l’ vin tounen yon 'kachèt
bandi' ".
Li t’ap bay ansèyman chak jou nan Tanp la. Chèf prèt
yo menm ak skrib yo ak chèf pèp yo t’ap chèche touye l’, men yo pa t’ jwenn
kijan pou yo te fè l’, sèke tout pèp la te pandye ap koute l’.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Jodi a, Jezi ap fè nou sonje enpòtans kay sakre a: se
pa yon espas kote nou kapab fè sa nou vle, men se kay pou nou lapriyè, fè
adorasyon; se yon espas pou nou chita-pale ak Bondye, se pou sa nou dwe
respekte espas sa a ki sakre. Jezi pa t’ dakò pou yo fè tanp la
tounen yon mache, li te di machann yo Bondye pa pran plezi nan bagay sa yo. Kay
lapriyè a, pèsonn pa gen dwa mete salte ladan li, se pa yon labatwa pou yo
touye-reache bèt. Se yon
salon pou moun ki vle fè yon dyalòg sensè ak Bondye.
Nou menm tou, se pou nou gen respè pou kay Sakre
Granmèt la, nou pa kapab fè nenpòt bagay ladan l’, sof lapriyè ak adorasyon. Tanp
la, se pa yon mache ni yon jaden ni yon bank pou moun chanje kòb.
Pou
premye fwa, nou wè Jezi an kòlè: avèk kout fwèt li mete machann yo deyò nan Tanp la:
li antre nan tanp la pou li mete lòd nan dezòd. Nou sonje depi laj 12 zan Jezi
vle rete nan Tanp la, depi lè l’ t’al Jerizalem ak paran yo, li te kite yo ale
pou l’ kab regle zafè Papa li, e li te santi li alèz nan mitan gwo chèf
relijyon yo ki te etone akòz kalite kesyon li t’ap poze yo.Jozef ak Mari te fou
ap chache Jezi avan yo te jwenn li nan tanp la. Yo te di l’: «poukisa w’ fè nou sa?...». Li te reponn
yo si yo pa konnen se nan kay sakre a li dwe ye? (Lik 2,41-52).
E
nou menm, frè ak sè m’ yo, èske kay Sakre a pa di nou anyen? Nou dwe santi nou gen yon misyon ak angajman pou gen
pwopte nan kay sakre Granmèt la. Se pa sèlman kay kote nou reyini pou chante,
lapriyè, danse ansanm pou Granmèt, men se sitou kò nou ak kè nou, paske se nan
kè nou Bondye vle abite, se la li vle rete. Se Apot Pòl ki di nou:
« Èske nou pa konnen se tanp Bondye a nou
ye, se Lespri Bondye a ki rete nan kè nou? » (1 Korentyen 3, 16).
An nou pa kite move santiman anvayi kè nou ki se kay
sakre Lespri Sen an. An nou deside pou nou renmen lòt yo nan
laverite. An nou chèche kenbe kay Sakre a pwòp, nan jefò n’ap fè pou nou pa aji
mal ak kò nou, na fason n’ap rekonsilye ak Bondye ak frè ak sè nou yo.
LAPRIYÈ:
Bondye Granmèt, aprann nou respekte kay Sakre w’ la, nan jan n’ap respekte kò
nou ki se tanp Lespri Sena n. Pa pouvwa Jezikri. Amèn.
PWOPOZISYON: M’ap libere kè
mwen ak move santiman ki ladan li, pou Lespri Bondye a kapab abite ladan li.
No hay comentarios:
Publicar un comentario