Páginas

JEDI 16

Koulè Vèt.
PREMYE LEKTI
"Sajès la se klète limyè-a, se glas glwa Bondye-a ki pa gen okenn tach".
LEKTI LIV LASAJÈS 7, 22-8, 1
Sajès la gen espri entelijans ladan l’, li sen, li pa gen parèy, li gen divès kalite, li gen adrès, li lejè, li an mouvman, li san tach, li bay asirans, li dou, li renmen byen an, li vif, anyen pa rete l’, li fè byen, li renmen moun, li gen bon jan, li solid, li fidèl, li bay sekirite, li gen tout fòs, li wè tout bagay, li kapab konprann tout espri poutèt li antre byen nan espri, li pwòp, li gen adrès. Sajès la pi rapid pase tout sa k’ rapid, li rive jwenn tout kote poutèt li san melanj.
Se reyon ki sòti dirèk nan klète Bondye ki gen tout pouvwa-a; se pousa yo pa jwenn okenn tach nan li; li se klète limyè tout tan an, li se glas san tach ki montre glwa Bondye a, li se pòtre bon kè l’.
Kòm li pa gen parèy, li kapab fè anpil bagay; antan l’ toujou ret nan li menm, li refè tout bagay; li kominike tèt li bay nam ki sen yo nan tout nasyon yo, pou l’ fè yo vin tounen zanmi Bondye ak pwofèt.
Bondye pa renmen pèsonn ki pa abite ak sajès la. Sajès la pi klere pase solèy, li depase aranjman zetwal yo. Si yo konpare l’ avèk limyè a, li ranpòte premye pri; sèke lannuit vin aprè limyè, men mechanste a pa ranpòte viktwa sou sajès la.
Reyèlman li rive sot nan yon bout tè a al nan yon lòt bout avèk fòs, epi li ranje tout bagay avèk dousè.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 118, 89. 91. 130. 135. 175 (r.: 89a)
R/ Se pou tout tan, Granmèt, pawòl ou a ekziste.
Pou tout tan, Granmèt, pawòl ou a kanpe nan syèl la.R.
Pou jenerasyon ak jenerasyon verite w’ la; ou asire tè a, li dire.R.
Se daprè desizyon-ou yo yo kanpe jodi-a, paske tout bagay sèvi ou.R.
Deklarasyon pawòl ou yo klere, li bay ti moun yo entelijans.R.
Klere fas ou sou sèvitè ou la, aprann mwen desizyon ou yo.R.
Nam mwen ap viv, l’ap fè lwanj ou, jijman ou yo ap ede m’.R.
LEVANJIL
"Peyi Wa Bondye-a, se anndan nou li ye".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN LIK 17, 20- 25
Lè sa a:
Farizyen yo mande Jezi kilè peyi Wa Bondye-a ap rive, li reponn yo, li di: "Peyi Wa Bondye-a pa rive yon fason pou yo obsève l’, yo p’ap di: 'Men l’ isit la' oubyen 'Men l’ laba-a'. Sèke men peyi Wa Bondye-a: se anndan nou li ye.' "
Li di disip li yo: "Gen jou k’ap rive lè n’ap anvi wè yon sèl jou Pitit moun nan epi nou p’ap wè l’. Y’ap di nou: 'Men l’ isit la' epi 'Men l’ laba-a'. Pa ale, pa suiv. Sèke, tankou zèklè klere, ap gaye sot nan yon bout syèl la rive nan lòt bout la, se konsa Pitit moun nan ap ye nan jou pa l’ la.
Sèlman, anvan sa, li gen pou l’ soufri anpil tray, epi ras sa a gen pou rejte l’".
An nou fè lwanj ak konpliman pou Pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Farizyen yo, se avèk yon move entansyon yo poze Jezi kesyon: Jezi ap anonse Wayòm Bondye a, e yo menm yo vle konnen «kilè» l’ap rive. Jezi pa reponn yo, men li sèlman bay kèk endikasyon: "Peyi Wa Bondye a pa rive yon fason pou yo obsève l’, yo p’ap di: 'Men l’ isit la' oubyen 'Men l’ laba-a' (pa gen yon kote espesifik y’ap kapab wè li). "Peyi Wa Bondye a, se anndan nou li ye".
Pafwa nou mal poze kesyon sou Pawòl Bondye, e se poutèt sa li difisil pou nou jwenn yon repons. Prezans Wayòm Bondye a pa gen pou wè avèk «kilè» ni «ki kote».  Nou pa kapab chèche konnen kilè li prezan, ni ki kote li prezan. Prezans Wayòm Bondye a manifeste nan kè moun, nan lavi moun ki akeyi Pawòl Bondye e ki mete li an pratik. Wayòm nan la, san fè bui, li toujou nan wout.
LAPRIYÈ: Granmèt, tanpri prepare kè mwen pou li kapab akeyi Pawòl ou a, e pou li fè Wayòm ou an prezan.

PWOPOZISYON:Si m’ viv nan amoni ak pwochen mwen, Wayòm Bondye a va prezan nan mwen.

No hay comentarios:

Publicar un comentario