Koulè Vèt.
PREMYE LEKTI
"Wa yo, se pou nou koute, pou nou aprann sajès".
LEKTI LIV
SAJÈS LA 6, 2-12
Koute, wa yo,
epi chèche konprann; aprann, jij limit tè a; pare zòrèy nou, nou menm ki mèt
anpil pèp yo, nou menm k’ap vante tèt nou pou tout pakèt nasyon nou yo. Sèke se
Granmèt la ki ba nou pouvwa a, se sa a ki anwo nèt la ki bay otorite, li menm k’ap
poze n’ kesyon pou travay nou, k’ap fouye panse nou; sèke lè nou te sèvitè peyi
wa l’ la, nou pa t’ jije kòrèk, nou pa t’ kenbe lalwa jistis la, nou pa t’ mache
daprè volonte Bondye.
L’ap parèt
sou nou yon fason terib, sanzatann; sèke jijman an ap pi rèd pou sa yo ki chèf
yo. Sa k’ piti a, yo fè l’ gras mizerikòd la; men sa k’ gin pouvwa yo, y’ap
sibi tray avèk fòs; reyèlman Bondye p’ap gade sou figi moun, li p’ap pè grandè
pèsonn; paske se li menm ki fè ni piti a ni gran an, epi li okipe yo tout menm
jan; sa k’ gen plis pouvwa yo, l’ap jije yo pi sevè.
Konsa, nou menm,
wa yo, se pou nou pawòl mwen sa yo ye, pou nou kapab aprann sajès la, epi pou
nou pa tonbe. Moun ki obsève kòmandman kòrèk yo yon fason kòrèk, y’ap vin
kòrèk; epi moun ki aprann yo, y’ap jwenn sa pou yo reponn. Konsa, se pou nou anvi pawòl mwen yo, se pou nou renmen yo, epi n’a jwenn
edikasyon.
Pawòl Granmèt la.
SÒM RÉPONS 81, 3-4. 6-7 (r.:
R/ Leve, Bondye, jije tè a.
"Pran ka
malere a ak òfelen an, malere a ak pòv la, rann yo jistis.
Delivre pòv
la, degaje malere a sot nan men pechè a".R.
Mwen te di:
"Nou se dye,epi nou tout nou se pitit sa a ki anwo nèt la".
Nou tout n’ap
mouri tankou moun, n’ap tonbe tankou tout chèf yo.R.
LEVANJIL
"Pa gen pèsonn ki retounen pou di Bondye mèsi, sof etranje sa a".
MEN BÒN
NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN LIK 17, 11-19
Lè sa a:
Rive, pandan
Jezi t’a pral Jerizalèm, li t’ap travèse nan mitan Samari a ak Galile a.
Lè l’ap antre
nan yon vil, dis lepre pwoche devan l’, yo kanpe lwen, yo rele byen fò, yo di:
"Jezi, mèt, pitye pou nou".
Lè l’ wè sa,
li di: "Ale prezante nou devan prèt yo". Pandan y’a prale yo geri.
Youn nan yo,
lè l’ wè li geri, li tounen, l’ap fè lwanj Bondye byen fò, li lage kò l’ atè
sou fas li devan pye Jezi, l’ap di l’ mèsi; se te yon Samariten.
Jezi pran
lapawòl, li di: "Èske tout dis moun yo pa t’ geri? Pa gen pèsonn
ki tounen vin fè lwanj Bondye, sof etranje sa a".
Li di l’:
"Leve, ale, paske lafwa ou sove ou".
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl
Bondye a.
REFLEKSYON: Pandan sou wout la li pral Jerizalèm, li
rankontre dis lepre (moun ki te soufri maladi lèp). Y’ap rele byen fò pou Jezi
pote yo sekou. Jezi tande rèl yo, li voye
yo ale kote prèt yo, selon sa ki te ekri nan Lalwa. Pandan yo nan wout pou ale
kote prèt yo, yo geri, men se yon sèl ki retounen pou vin di Jezi mèsi. Lwanj
Jezi fè pou Samariten an ki te montre li gen anpil rekonesans, se alafwa yon
repwòch pou juif yo ki pa t’ rekonèt aksyon Jezi te poze a.
Jezi
p’ap chèche genyen bon repitasyon pou tout moun ap fè lwanj pou li, tankou moun
yo fè sa pou gran atis k’ap viv nan tan sa a; Jezi p’ap mande pou yo di li mèsi
pou sa li fè; se pa atitid sa Jezi genyen. Jezi itilize evénman sa pou li
souliye kòman samariten an yo te mete
sou kote depi nan kòmansman an akòz li
pa t’ fè pati pèp Juif la, se Samariten sa ki te montre li gen rekonesans pou
sa Bondye te fè nan lavi li. Nan lavi a, nou jwenn menm atitid sa a: moun ki
p’ap ret tann anyen akoz li pa gen dwa, moun sa gen plis rekonesans pou sa li
resevwa.
E
mwen menm, e ou menm, èske nou rekonesan anvè Bondye? Èske nou sonje di li mèsi
pou sa l’ap fè chak jou nan lavi nou?
LAPRIYÈ: Granmèt, tanpri fè m’
rekonèt kijan w’ap aji nan lavi mwen. Ede m’ debarase mwen ak lògèy pou m’ ka
fè lwanj ak konpliman pou ou. Pa pouvwa Jezikri.
PWOPOZISYON: Si m’ pa gen yon kè ki senp, mwen
p’ap kapab renmen ni sèvi.
No hay comentarios:
Publicar un comentario