Páginas

MADI 14

Koulè Vèt.
PREMYE LEKTI
"Devan je moun san konprann yo, yo sanble mouri, epoutan yo menm yo nan lapè".
LEKTI LIV LASAJÈS 2, 23-3, 9
Bondye kreye moun nan pou l’ pa mouri, epi se sou pwòp pòtre l’ li fè l’. Men se anvi dyab la ki fè lanmò a antre sou fas tè a; moun ki disip li yo, y’ap suiv ekzanp li.
Men nam moun ki kòrèk yo menm se nan men Bondye yo ye, tray lanmò p’ap touche yo. Devan je moun san konprann yo, yo sanble mouri; lè yo pati kite tè sa a menm, moun yo konsidere sa tankou yon malè; lè yo pati kite nou y’al fè wout yo a, sa parèt kòm si yo te peri; epoutan yo menm yo nan lapè; epi si devan moun yo, yo sibi tray, yo gen kont esperans yo p’ap janm mouri.
Yo pase mizè nan kèk bagay men y’ap jwenn bon sitiyasyon anpil, paske Bondye te eseye yo epi li te jwenn yo kòrèk pou li. Tankou lò nan founèz dife, Bondye eseye yo, epi tankou kado sakrifis antye, li aksepte yo; lè tan an ap rive, y’ap klere. Moun ki kòrèk yo ap klere, epi tankou etensèl y’ap kouri nan dife; y’ap jije nasyon yo, y’ap kòmande sou pèp yo, Granmèt yo a ap kòmande kòm wa pou tout tan.
Moun ki met konfyans nan li, y’ap konprann verite a. Moun ki fidèl yo ap ret avèk li nan renmen an, paske li bay gras ak lapè pou sa yo li chwazi a.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 33, 2-3. 16-17. 18-19 (r.: 2a)
R/ M’ap fè konpliman pou Granmèt la nan tout okazyon.
M’ap fè konpliman pou Granmèt la nan tout okazyon,
Tout tan lwanj li nan bouch mwen.
Nan Granmèt la nam mwen ap jwenn glwa l’,
Se pou pòv yo tande, pou yo kontan.R.
Je Granmèt la sou moun ki kòrèk yo, zòrèy li sou rèl yo.
Fas Granmèt la sou moun k’ap fè mal yo,
Pou l’ fè souvni yo disparèt sot sou tè a.R.
Yo rele, Granmèt la tande, nan tout tray yo li delivre yo.
Granmèt la tou pre moun ki gen kè yo kraze,
L’ap sove sa k’ gen espri yo boulvèse.R.
LEVANJIL
"Se sèvitè initil nou ye: se sa nou te dwe fè nou fè".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI
A DAPRÈ SEN LIK 17, 7-10
Lè sa a: Granmèt la di:
«Kilès nan nou, si l’ gen yon sèvitè k’ap travay tè oubyen k’ap okipe bèt, lè l’ sot nan jaden, pou l’ di l’: 'Fè vit, travèse, al lonje kò ou'? Èske li p’ap di l’ pito: 'Pare manje, mete tabliye ou, epi sèvi m’, pou m’ manje, pou m’ bwè, epi aprè sa, ou menm w’a manje epi w’a bwè'? Èske l’ap gen sèvitè sa a rekonesans, poutèt li fè sa l’ te pase l’ lòd la? Mwen pa kwè.
Se konsa pou nou menm tou, lè nou fin fè tout sa yo te pase nou lòd pou nou fè a, se pou nou di: 'Se sèvitè initil nou ye: se sa nou te dwe fè a, se li menm nou fè'».
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Levanjil jodi a pa atire atansyon nou sou atitid Mèt la, men se pito sou atitid sèvitè yo. Avèk ekzanp parabòl sa a, Jezi envite apot li yo konsidere atitid sèvis la: sèvitè a dwe obeyi mèt li epi fè travay li san li p’ap tann rekonpans: « Èske l’ap gen sèvitè sa a rekonesans, poutèt li fè sa l’ te pase l’ lòd la?» (Lik 17, 9).
Poutan, leson sa a se pa dènye leson sou sijè sa a. Pita Jezi pral disip li yo: «Mwen menm mwen pa rele nou sèvitè, paske sèvitè a pa konnen sa mèt li fè; men mwen rele nou zanmi, paske mwen fè nou konnen tout sa mwen tande sou Papa mwen» (Jan 15,15). Zanmi pa mande kont. Si sèvitè yo dwe obeyi e fè devwa yo, plis toujou disip Jezi yo, zanmi li yo, nou dwe akonpli misyon ke Bondye konfye nou antan nou konnen ke travay nou reyalize pa merite okenn rekonpans, paske nou fè li ak anpil kè kontan, paske tout sa nou genyen ak sa nou ye, se kado Bondye fè nou.
Pou kretyen an, tout bagay se siy, pou moun ki renmen: tout bagay se don, se kado. Travay pou Wayòm Bondye a, se sa ki rekonpans nou, e se pou sa nou pa dwe di «Se sèvitè initil nou ye: se sa nou te dwe fè a, se li menm nou fè» » avèk tristès; men se avèk kè kontan nou dwe di sa, kè kontan moun Bondye te rele pou transmèt Levanjil la.
LAPRIYÈ: Bondye, ou menm ki pa janm pèmèt pou pòt lanfè yo ranpòte viktwa kont Legliz ou a, ki bati byen solid sou wòch apot yo, tanpri, gras a priyè pap Leon ki sen, asire l’ nan verite w’ la, pwoteje l’ ak lapè tout tan an. Pa pouvwa Jezikri.

PWOPOZISYON:Travay m’ap fè a, se misyon Bondye konfye mwen. M’ap fè travay sa a ak kè kontan, san m’ pa bougonnen. 

No hay comentarios:

Publicar un comentario