Koulè Vèt.
PREMYE LEKTI
"Lespri sajès la gen bon jan; Lespri Granmèt la plen fas tè yo".
KÒMANSMAN LIV SAJÈS LA 1, 1-7
Se pou nou renmen jistis la, nou menm
k’ap jije tè a, se pou nou gen bon lide sou Granmèt la, se pou nou chèche l’
avèk kè nou senp; paske se moun ki pa tante l’ yo li kite jwenn li, li parèt devan
sa yo ki gen lafwa nan li yo.
Sèke lide kwochi fè nou viv lwen
Bondye; lè yo eksite pouvwa l’, li pini moun ki san konprann yo. Reyèlman,
sajès la pa antre nan nam ki gen movèz volonte, li pa abite nan yon kò ki esklav
peche. Lespri Sen an se lespri disiplin, li vire do bay ipokrizi, li wete kò l’
sot kot panse ki san entelijans, li pa fè sa l’ ta vle kote ki gen enjistis.
Lespri Sajès la gen bon jan; moun
k’ap madichonnen Bondye ak bouch li, li pa delivre l’, paske Bondye sonde ren l’,
li fouye kè l’ tout bon vre, li tande sa lang li ap di. Lespri Granmèt la plen
fas tè yo; Sa a ki kenbe tout bagay la, li konnen tout sa y’ap di.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 138, 1-3. 4-6. 7-8. 9-10 (r.: 24b)
R/ Kondui m’, Granmèt, sou wout tout tan yo.
Granmèt, ou
sonde m’, ou konnen m’,
Ou konnen
chita m’ ak leve m’.
Ou sezi panse
m’ byen lwen,
Kote m’ mache
ak kote m’ kouche, ou fouye yo.R.
Tout wout mwen
yo, ou wè yo klè,
paske pawòl
la pa ko sou lang mwen,
gade,
Granmèt, ou konnen tout bagay.
Dèyè kon devan
ou sere m’,
ou poze men ou
sou mwen.
Se mèvèy ekstrawòdinè
syans ou a ye anlè m’;
li wo, mwen
pa kapab touche l’.R.
Ki kote pou m’
ale lwen lespri ou,
ki kote pou m’
sove kò m’ lwen fas ou?
Si m’ monte
nan syèl la, ou la;
Si m’ desann
anba tè a, ou prezan.R.
Si m’ pran
zèl devan jou a,
Pou m’ al
abite nan fon lanmè,
menm la, men ou
ap kondui m’,
men dwat ou kenbe
m’.R.
LEVANJIL
«Si sèt fwa
nan menm jounen an li tounen kote ou, li di: ‘Mwen regrèt’, se pou ou padonnen li».
MEN BÒN
NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN LIK 17, 1-6
Lè sa a: Jezi
di disip li yo:
"Sa pa
posib pou nan pwen okazyon peche: sèlman madichon pou moun sa a ki sèvi okazyon
pou fè lòt yo tonbe nan peche a! Li ta pi bon pou li, si yo ta pran yon wòch
moulen, yo mare nan kou l’, epi yo jete l’ nan lanmè, pase pou l’ ta fè youn
nan ti piti sa yo tonbe nan peche.
Pran prekosyon.
Si frè ou fè peche kont ou, reprann li, epi si l’ regrèt, se pou ou padonnen l’;
menm si se sèt fwa nan menm jounen an li fè peche kont ou, epi sèt fwa nan jounen
an li tounen kote ou, li di: ‘Mwen regrèt’, se pou ou padonnen l’".
Apot yo di
Granmèt la: "Fè nou gen plis lafwa".
Granmèt la
di: "Si nou ta gen lafwa tankou yon grenn sénve, nou ta di gwo pye bwa sa a:
‘Derasinen ou epi al plante nan lanmè a’; li ta obeyi nou".
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Jezi fè
patizan li yo anpil rekòmandasyon. Levanjelis la anpile yo ansanm. Premye
rekòmandasyon an bay avètisman sou fason yo kapab lakòz timoun yo tonbe nan
peche. Dezyèm nan, se sou nesesite padon: favorize padon, padonen frè ou, sè
ou, si li fè peche kont ou. Twazyèm nan fè lwanj pou puisans lafwa a genyen.
Jezi pran ekzanp sou reyalite
lavi moun yo. Moun yo konprann li trè byen, paske li pale yo de sa k’ap pase
chak jou nan lavi yo: fason lòt moun lakoz lòt tonbe nan peche, diskisyon,
chire-pit ki fè lavi nan kominote a difisil, mank lafwa nan Bondye.
Jezi pa chèche pawòl nan lespas
pou li anonse Wayòm Bondye a, pawòl li yo pa difisil pou moun konprann. Jezi
aprann nou viv kòm disip nan chak moman nan lavi nou.
LAPRIYÈ: Granmèt, se pa pou kont mwen m’ap viv, men se nan kominote, nan
fanmi, nan sosyete. Fè m’ aprann bay bon jan temwayaj lafwa kote m’ap viv la. Pa pouvwa
Jezikri. Amèn.
PWOPOZISYON: M’ap fè
atansyon pou m’ pa fè lòt moun tonbe nan peche nan fason m’ap viv relasyon mwen
ak yo.
No hay comentarios:
Publicar un comentario