Páginas

DIMANCH 12

Koulè Vèt.
TRANDEZYÈM DIMANCH ÒDINÈ, ANE A.
PREMYE LEKTI
«Sajès la kite moun k’ap chèche l’ yo jwenn li»
LEKTI LIV SAJÈS LA 6, 12-16
Sajès la klere, li pa janm pèdi bèlte l’; pou moun ki renmen l’, li fasil pou yo wè l’, li kite moun k’ap chèche l’ yo jwenn li; li pran devan moun ki anvi l’ yo, antan l’ fè yo wè l’ an premye.
Moun k’ap chèche l’ depi anvan jou leve, li p’ap fatige kò l’: reyèlman l’ap jwenn li chita nan papòt li yo. Moun k’ap reflechi sou li, gen pi bon kalite jijman, moun k’ap fè vèy poutèt li, byen vit l’ap san pwoblèm.
Sèke li menm, sajès la, l’ap pwonmennen pou l’ chèche moun ki merite resevwa l’ yo, li fè yo wè l’ sou chemen yo ak tout bon kè l’; l’ap rankontre yo nan tout sa y’ap kalkile.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 62, 2. 3-4. 5-6. 7-8 (r.: 2b)
R/ Nam mwen swaf ou, Bondye mwen.
Bondye, se Bondye m’ ou ye; se kote ou m’ap veye depi granmaten.
Nam mwen swaf ou, chè mwen anvi ou.R.
Nan dezè a ki sèk la, ki san dlo a, se konsa mwen parèt devan ou nan tanp la pou m’ wè fòs ou ak glwa ou.
Sèke mizerikòd ou pi bon pase lavi yo, bouch mwen ap fè lwanj ou.R.
Konsa m’ap fè konpliman pou ou nan lavi m’, o non ou m’ap leve men m’.
Tankou ak vyann, ak bon manje gra, nam mwen plen, ak pawòl fèt, bouch mwen ap fè lwanj ou.R.
Lè m’ap sonje ou sou kabann mwen, granmaten m’ap reflechi sou ou, paske ou pote m’ sekou, anba vwal zèl ou m’ap fete.R.
DEZYÈM LEKTI
«Moun yo k’ap dòmi pa pouvwa Jezi a, Bondye ap mennen yo avèk li».
LEKTI PREMYE LÈT APOT PÒL KI SEN POU TESALONISYEN YO 4, 13 - 18
Frè m’ yo, nou pa vle pou nou pa konnen verite sou moun k’ap dòmi yo, pou nou pa pran lapenn tankou lòt moun yo ki pa gen esperans yo. Si reyèlman nou kwè Jezi mouri epi li resisite, konsa tou moun yo k’ap dòmi nan Jezi yo, Bondye ap mennen yo avèk li.
Men sa nou di nou daprè pawòl Granmèt la: nou menm k’ap viv la, k’ap rete toujou lè Granmèt la ap vini an, nou p’ap pran devan sa yo k’ap dòmi an. Paske Granmèt la li menm, sou lòd ak nan vwa Chèf Anj yo ak nan son twonpèt Bondye a, l’ap desann sot nan syèl la, epi moun ki mouri nan Jezikri yo, y’ap resisite an premye. Aprè sa, nou menm k’ap viv yo, k’ap la toujou, y’ap pran nou nan nyaj yo pou n’al rankontre Jezikri nan lè a; konsa n’ap toujou avèk Granmèt la. Se pou nou youn ankouraje lòt ak pawòl sa yo.
Pawòl Granmèt la.
LEVANJIL
«Men mesye k’ap marye a ap vini: sòti al rankontre l’».
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN MATYE 25, 1-13
Lè sa a: Jezi di disip li yo parabòl sa a:
«Peyi wa syèl yo sanble ak dis vyèj, ki pran lanp yo, yo sòti al rankontre mesye k’ap marye a ak madanm k’ap marye a. Senk nan yo te sòt, epi senk te gen espri. Senk sa ki sòt yo, lè yo fin pran lanp yo a, yo pa pran luil avèk yo; sa k’ gen espri yo menm, yo pran luil nan veso yo avèk lanp yo. Kòm mesye k’ap marye a te fè reta, yo tout yo dòmi, fon somèy.
Nan mitan nannuit, yo tande yon rèl: «Men mesye k’ap marye a, sòti al rankontre li». Lè sa a atò tout vyèj sa yo leve, yo pare lanp yo. Sa k’ te sot yo di sa k’ te gen sajès yo: «Ba nou nan luil nou an, paske lanp nou yo etenn». Sa k’ gen lespri yo di yo: «Riske p’ap gen kont pou nou menm ak pou nou; pito nou ale nan boutik yo, n’a achte».
Pandan yo t’al achte, mesye k’ap marye a rive; sa k’ te pare yo antre avèk li nan nòs yo, yo fèmen pòt la. Alafen lòt vyèj yo vin rive, yo di: «Granmèt, Granmèt, louvri pou nou». Li menm menm li reponn, li di: «Amèn mwen di nou, mwen pa konnen nou».
Konsa, se pou nou veye, paske nou pa konnen ni jou a ni lè a».
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Nou rive nan tranndezyѐm dimanch tan dinѐ (Ane A), sa vle di nou prѐske rive nan finisman ane litijik la. Nou wѐ kman Jezi ankouraje nou pou nou pa kite dòmi pran nou, pou nou veye, pou nou vijilan, paske nou pa konnen ni ki jou ni kilѐ l’ap retounen.
Nan premye Lekti a, nan liv Lasajѐs, nou wѐ kman moun k’ap viv ak sajѐs, li pa gen pwoblѐm l’ viv jan Bondye vle, paske depi yon moun genyen sajѐs, li pa manke anyen. Yon moun ki genyen Bondye, li deja gen sajѐs paske Bondye li menm se Sajѐs.
Nan dezyѐm lekti a, Sen Pl fѐ nou sonje menm jan Jezi mouri epi li leve byen vivan an, se menm jan an tou tout moun ki mouri nan Jezikri va leve vivan avѐ l’.
Nan Levanjil la, Jezi konpare Wayòm Syѐl la ak diz vyѐj ki te leve pou y’al resevwa mesye marye a : senk te gen anpil lespri, yo te mete kantite lwil ki nesesѐ nan lanp yo, epi yo te pote rѐs lwil de rezѐv. Selon koutim moun yo nan tan sa a, diz vyèj yo t’ap tann mesye marye a nan nwit pou yo te antre avѐ l’ nan kay la. Nou wѐ yo pale de mesye marye, men yo pa pale de madanm, sa vle di, se Legliz la k’ap tann retou Jezikri ki te pwomѐt apot li yo l’ap retounen.
Nan Labib la, lwil reprezante bon zѐv nou yo. Donk lѐ senk vyèj sὸt yo al mande fi lespri yo ti gout lwil, se kὸmsi ou ta mande yon lὸt moun prete w’ kѐk nan bon zѐv li yo! Lѐ fi sὸt yo al achte lwil la, se kὸmsi lѐ Jezi vini an nou ta kouri al fѐ kѐk byen men lѐ sa a l’ap gentan twὸ ta, pὸt la ap gentan fѐmen. Nou dwe toujou gen lanp nou limen, nou dwe toujou mete lwil nan lanp nou, sa vle di, nou dwe branche lavi nou sou lavi Jezikri, antan n’ap kenbe fèm nan lapriyè.Nou pa konnen ni ki jou ni kilè Granmèt la ap vini.
Avѐtisman Pawòl Bondye ba nou, se pa bagay ki pou fѐ kѐ nou sote, pou fѐ nou pѐ; men se pou nou kapab fè preparasyon ki nesesè pou nou kapab al rankontre Granmèt la. Pafwa nou konn tande yo di Jezi ap vini nan tѐl ane, nan tѐl dat. Se pa vre ! Nou pa bezwen fѐ kѐ nou sote paske Jezi di menm li menm li pa konnen kilѐ l’ap vini. Se sѐl Papa a ki konnen sekrѐ sa a. Kidonk, Jezi kapab vini jodi a, li ka vini demen, li ka vini nenpòt dat. An nou rete vijilan, an nou mete luil nan lanp lavi nou kounye a, avan ta bare nou.
LAPRIYÈ : Jezi Granmѐt ou menm ki te pwomѐt Apot yo w’ap retounen, pawl ou se verite. Sa vle di, ou gen pou w’ vini kan menm. Nou konnen se moun ki pare k’ap antre avѐ w’ kay Papa a. Tanpri, ban nou lagras ou pou nou kapab mache dwat nan fѐ sa ki byen ; konsa n’a jwenn chans al jwi kè kontan toutan ou pwomѐt nou an. Amѐn.

PWOPOZISYON: M’ap ankouraje pwochen mwen fè sa ki byen, sa ki bon.       

No hay comentarios:

Publicar un comentario