Páginas

SAMDI 11

Koulè Blan
MATEN KI SEN, EVÈK
(Memwa)

PREMYE LEKTI
"Se pou nou youn salye lòt ak yon bo ki sen".
LEKTI LÈT APOT PÒL KI SEN, POU WOMEN YO 16, 3-9.16. 22- 27
Frè m’ yo:
Salye Priska avèk Akila, èd mwen yo nan Jezikri; yo menm ki te ekspoze tèt yo pou nam mwen, se pa mwen menm sèlman k’ap di yo mèsi, men se tout Legliz nasyon yo; salye tout Legliz la ki rasanble lakay yo.
Salye Epemèt, sa a mwen renmen an, se premye jèm Azi a donnen nan Jezikri. Salye Mari, ki pase kont traka pou nou. Salye Andronik ak Jini, moun menm peyi avèk mwen, ki te nan prizon ansanm avèk mwen, se apot ki gen repitasyon, yo te kwè nan Jezikri anvan m’. Salye Anplyat, li menm mwen renmen anpil nan Granmèt la. Salye Iben, li menm ki ede nou nan Jezikri, avèk Stakis, sa a mwen renmen anpil la.
Se pou nou youn salye lòt avèk yon bo ki sen. Tout legliz Jezikri yo salye nou.
Mwen menm, Tèsiyis, ki ekri lèt la, mwen salye nou nan Granmèt la. Kayiyis ki louvri kay li a pou mwen an li salye nou, ansanm ak tout Legliz la. Erast salye nou, li menm ki responsab trezò lavil la, ni Katis tou, frè nou an. Gras Granmèt nou Jezikri avèk nou tout. Amèn.
Bondye gen pouvwa pou l’ konsolide nou daprè bòn nouvèl mwen an ak prèch mwen fè sou Jezikri, daprè revelasyon mistè ki te ret kache nan silans pandan tout tan yo. Mistè sa a, li louvri koulye a gras a sa pwofèt yo te ekri yo, daprè lòd Bondye bay depi tout tan. Mistè sa a; tout nasyon yo konnen l’, pou yo obeyi lafwa a. Pou Bondye sèl ki gen sajès, pa pouvwa Jezikri, onè ak glwa pou li pou tout tan gen tan! Amèn.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 144, 2-3. 4-5. 10-11 (r.: Cf. 1)
R/ M’ap fè konpliman pou non ou pou tout tan, Bondye m’, wa mwen.
Chak jou m’ap fè konpliman pou ou,
M’ap fè lwanj non ou pou tout tan ak tout tan gin tan.
Granmèt la gran, li merite anpil lwanj,
Grandè l’, yo pa kapab sonde l’.R.
Yon jenerasyon ap fè lwanj pou aksyon ou yo bay yon lòt jenerasyon,
Y’ap deklare pouvwa ou.
Y’ap rakonte grandè glwa ou kòm wa,
Y’ap detaye mèvèy ou yo.R.
Y’ap fè lwanj ou, Granmèt, tout aksyon ou yo;
Sen ou yo ap fè konpliman pou ou.
Y’ap deklare glwa peyi wa ou la,
Y’ap rakonte pouvwa ou.R.
LEVANJIL
"Si nou pa fidèl nan move lajan an, ki moun k’ap kwè nou pou bagay ki vre a?"
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN LIK 16, 9 -15
Lè sa a: Jezi t’ap di disip li yo:
"Fè zanmi avèk move lajan an; konsa, lè n’a nan bezwen, y’ap resevwa nou nan tant tout tan yo. Moun ki fidèl nan ti kras, li fidèl nan pi gran an tou; moun ki pa onèt nan ti kras la, li pa onèt non plis tou nan pi gran an. Konsa, si nan lajan malonèt la nou pa t’ fidèl. Kilès k’ap renmèt nou sa k’ vrè a? Epi, si nou pa t’ fidèl nan afè lòt moun, kilès k’ap ba nou sa k’ pou nou an?
Yon sèvitè pa kapab sèvi de mèt: oubyen l’ap rayi youn pou l’ renmen lòt la, oubyen l’ap kole kò l’ sou youn, epi l’ap meprize lòt la. Nou pa kapab sèvi Bondye ansanm avèk lajan".
Farizyen yo te tande tout bagay sa yo, yo menm ki te renmen lajan; yo t’ap pase l’ nan jwèt.
Li di yo: "Nou se moun k’ap rann tèt nou jistis devan moun. Bondye menm konnen kè nou; sèke sa moun bay plis enpòtans, se li menm Bondye pa vle wè.
REFLEKSYON: Mond n’ap viv la gen twa konsèp sou richès: anpil lajan, anpil pouvwa, anpil byen. Poutan lè yon moun gen bagay sa yo, oubyen kèk nan yo, epi li pa byen sèvi ak yo, lè sa a yo vin tounen mèt li. Sa vle di, se yo menm ki vin ap kòmande lavi moun nan, paske yo kondisyone li. Lè sa a li vin pa gen plas ankò nan kè li pou Bondye.
Frè ak sè m’, li enpòtan anpil pou n’ pataje sa nou genyen avèk lòt yo pandan n’ap respekte diyite yo kòm moun. Nou rekonèt gen anpil moun ki gen lajan e ki pataje avèk sila yo ki pa genyen. Men sa yo pataje a pa sifi. Si se pa t’ sa, mizè ta fini sou latè. Moun ki refize pataje, se kategori moun ki sèvi ak lajan kòm mèt yo e ki itilize l’ pou domine lòt yo.
Lajan enpòtan anpil nan sosyete n’ap viv la, paske se avèk lajan nou ka achte tout sa nou bezwen (yon kay pou nou rete, medikaman pou sante nou, rad pou nou kouvri kò nou, machin pou nou fè wout ki lwen, elatriye); men lajan pa dwe tounen yon blokaj nan relasyon nou youn avèk lòt. Se pou nou youn renmen lòt, se pou nou youn wè nan lòt la yon frè, ki merite respè.
Nou ba dwe nan lagè ak lòt la kòmkwa se yon lènmi. Nan Bondye pa gen jwif, pa gen payen, pa gen nwa, pa gen blan… Nou fòme yon sèl kò, yon sèl lespri. Se pou Bondye ba nou yon lespri pataj pou nou aprann pataje tout sa nou resevwa nan men li.
LAPRIYÈ: Bondye, se ou ki ba nou tout sa nou genyen. Tanpri aprann nou itilize yo pou byen pa nou ak pou byen tout moun, espesyalman sila yo k’ap viv bò kote nou. Pa pouvwa Jezikri. Amèn

PWOPOZISYON: Ann nou youn rete solidè ak lòt san nou pa gade sou koulè li, nivo entèlektyèl, nasyonalite, ran sosyal, elatriye. 

No hay comentarios:

Publicar un comentario