Páginas

VANDREDI 10

Leon Le Gran ki sen, Pap ak Savan Sakre Legliz la.
Koulè Blan
PREMYE LEKTI
“Mwen se sèvitè Jezikri nan nasyon yo, pou kado nasyon yo kapab fè Bondye plezi”
NAN LÈT APOT PÒL KI SEN, POU WOMEN YO 15, 14-21
Mwen sèten, frè m’ yo, nou plen avèk charite, nou plen ak tout kalite syans, pou nou youn kapab bay lòt avètisman. Men, sou kèk pwen, frè m’ yo, mwen te ekri nou avèk lodas, pou m’ rafrechi memwa nou, poutèt gras Bondye te ban mwen an, pou m’ vin tounen sèvitè Jezikri nan nasyon yo, avèk misyon sakre pou m’ anonse bòn nouvèl Bondye a, pou nasyon yo ka tounen ofrann ki fè Bondye plezi, antan Lespri Sen an mete l’ apa [sanktifye l’].
Mwen kontan leve tèt mwen nan Jezikri poutèt sèvis Bondye a. Mwen pa ta pran chans pale si Jezikri pa t’ sèvi avèk mwen pou fè nasyon yo vin obeyi l’, ak pawòl ak aksyon, ak pouvwa mirak ak pwodij, ak pouvwa Lespri Sen an; se konsa, depi Jerizalèm travèse jous Iliri a, mwen fè bòn nouvèl Jezikri a rive vre.
Se konsa tou mwen preche bòn nouvèl sa a kote yo pa t’ ko tande pale sou Jezikri, pou m’ pa t’ bati sou fondasyon lòt moun, men daprè sa k’ ekri a: “Moun yo pa t’ ko anonse l’ yo, y’ap wè l’; moun ki pa t’ ko tande yo, y’ap konprann”.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS: 97, 1. 2-3a. 3cd-4
R/ Devan je nasyon yo Granmèt la devwale sove l’ la.
Chante yon kantik nouvo pou Granmèt la, paske li fè mèvèy.
Glwa sove l’ la parèt nan men dwat li ak bra li ki sen an.R.
Granmèt la fè konnen sove l’ la, devan je nasyon yo li devwale jistis li a.
Li fè sonje mizerikòd li a ak verite l’ pou kay Izrayèl la.R.
Tout limit tè a ap wè sove Bondye nou an. Bat bravo pou Bondye,
tout tè a, eklate, danse, chante.R.
LEVANJIL
“Pitit syèk sa a gen plis sajès pase pitit limyè yo nan relasyon yo genyen antre yo”
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 16, 1-8
Lè sa a: Jezi t’ap di disip li yo:
“Te gen yon mesye ki te rich, li te gen yon kontab, yo denonse kontab la kote l’, poutèt li t’ap gaspiye byen l’ yo.
Li rele l’, li di l’: “Sa m’ tande sou ou a? Rann kont sou sa m’ te konfye ou yo; paske ou p’ap jeran m’ ankò”.
Kontab la menm reflechi, li di nan kè l’:“Ki sa pou m’ fè, paske mèt mwen wete plas kontab la nan men m’? Travay tè a, mwen pa kapab; mande charite, m’a wont. Mwen konnen sa m’ap fè, pou lè m’ pa kontab ankò, yo resevwa m’ nan kay yo”.
Konsa li rele chak moun ki te dwe mèt li, li di premye a: “Konbyen ou dwe mèt mwen an?” Li di: “San barik luil”. Li di l’: “Pran resi ou la, epi chita vit: ekri senkant”. Aprè sa li di yon lòt: “Ou menm menm, konbyen ou dwe?” Li di: “San sak ble”. Li di l’: “Pran biye ou yo, epi ekri katreven”.
Mèt la fè lwanj kontab malonèt la, paske li te aji avèk ladrès; sèke pitit syèk sa a gen plis ladrès pase pitit limyè yo nan relasyon yo genyen antre yo.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON:
Jodi a Legliz la ap sonje Sen Leon Le Gran. Kilès li te ye? Ann fè yon ti gade istwa li. Se te karantsenkyèm Pap ki te nan tèt Legliz la, aprè Sen Pyè. Li te gouvènen Legliz la sòti nan lane 440 pou rive nan lane 461. Sa vle di li te fè 21 lane ap panse epi pran desizyon pou Legliz la. Yo pa twò byen konnen orijin li. Li te fèt yon kote yo rele Toskán oubyen Wòm ki se kapital peyi Itali, ant 390 e 400. Papa li te rele Kintyanous, se te yon dyak nan Legliz Wòm, lè Pap Selesten I t’ap dirije Legliz la (lane 422 pou rive nan lane 432), epi lè Pap Sikst III t’ap dirije Legliz la (432-440). Leon se te bon zanmi Pap Sikst III. Lè Pap sa a te mouri, nan dat 19 out nan lane 440, otorite lajistis Ravèn yo te mande Leon pou li te ale kote yo rele Gol, pou li te kapab eseye rezoud yon konfli an Patris Ayetiyous ak prefè Albinous. Leon te vin gen yon repitasyon ak yon enfliyans ki si tèlman gran, pèp Wòm nan te vote li pou li te vin pap, pandan li te nan misyon pou lapè a nan peyi Gol. Se konsa li te antre nan lavil Wòm pou yo te kapab sakre li nan dat 29 septanm. Sen Pyè Krizològ se te konseye li.
Ki mesaj Pawòl Bondye pote pou nou jodi a?
Genyen anpil moun ki pa twò renmen rann kont: yo panse si w’ mande yo rann kont, se paske o upa fè yo konfyans, sitou lè se bagay ki konsène lajan. Poutan, gen yon pwovèb ki di «regleman pa gate zanmi».
Nan Levanjil  jodi a Sen Lik ap fè nou sonje nou gen pou nou rann Bondye kontt de sa nou te fè. Yo ba nou ekzanp yon kontab ki pa t’ fè travay li byen, epi lè yo te mande li rann kont li te deja wè l’ap pèdi dyòb li. Se poutèt sa li tonbe nan fè magouy. Konsa li panse li te aji tankou yon moun ki trè entèlijan. Men avèk Bondye pèsonn pa ka twò entelijan, paske entelijans Bondye pi gwo pase pa lèzòm. Okenn moun pa ka twonpe Bondye.
Apòt Pòl nan dezyèm lekti a pale nou sou misyon -apostola li. Avèk anpil satisfaksyon, li santi li pare pou li rann Bondye kont. E ou menm, èske ou pare pou ou rann kont? Tankou apòt Pòl nou envite pou nou anonse Jezikri,espesyalman kote yo poko tande li, epitou nou dwe konfòme lavi nou ak mesaj Kris la.
Nan dènye jou a, pèsonn p’ap ka fè kou mal taye, tout moun ap gen pou rann kont kòmsadwa; p’ap gen magouy. Bondye ap tann bilan travay chak moun pèsonèlman. Ala bon sa ta bon si nou te ka pran lavi nou ak misyon Bodye konfye nou oserye, pou nou pa gen panik nan dènye jou a! Ala bon sa ta bon si lè nou nou parèt devan Bondye nan dènye jou a nou te ka di li san kè sote, san grate tèt: Granmèt men bilan travay mwen sou tè a!
LAPRIYÈ: Bondye, ou menm ki pa janm pèmèt pou pòt lanfè yo ranpòte viktwa kont Legliz ou a, ki bati byen solid sou wòch apot yo, tanpri, gras a priyè pap Leon ki sen, asire l’ nan verite w’ la, pwoteje l’ ak lapè tout tan an. Pa pouvwa Jezikri.

PWOPOZISYON:M’ap pran misyon Bondye konfye mwen oserye, paske avan lontan m’ap gen obligasyon pou m’ rann li kont. 

No hay comentarios:

Publicar un comentario