Koulè
Blan
KONSEKRASYON
GRAN LEGLIZ LATRAN-AN
(FÈT)
PREMYE
LEKTI
“Mwen
wè dlo k’ap sòti nan kay sakre a, tout moun kote dlo sa a rive, yo sove”
NAN
LIV PWOFÈT EZEKYÈL 47,
1-2. 8-9. 12
Jou sa yo:
Anj la fè m’ tounen nan pòt kay
Granmèt la, mwen wè dlo ki t’ap sòti anba papòt kay la nan direksyon olevan;
sèke fas kay la t’ap gade nan direksyon olevan, dlo yo menm t’ap desann nan
kote Tanp la, adwat, nan mitan lotèl la. Li fè m’ sòti nan chemen pòt nan nò a,
li fè m’ tounen nan chemen deyò a nan pòt deyò a, nan chemen ki gade nan
direksyon olevan an; mwen wè dlo yo k’ap gonfle nan kote dwat la.
Li di m’: “Dlo sa yo, k’ap pati
al nan bann sab nan direksyon olevan an, epi k’ap desann nan tè plat dezè a,
y’ap antre nan lanmè a; y’ap gaye, epi dlo lanmè yo ap refè; tout bèt vivan
k’ap glise, tout kote ravin dlo a rive, l’ap viv, ap gen anpil kantite pwason;
lè dlo sa yo fin rive la a, tout bagay ravin dlo a touche, y’ap refè, y’ap viv.
Bò ravin nan, nan chak kote, tout
kalite pye bwa ki donnen fwi ap pouse; p’ap gen fèy k’ap tonbe sot nan yo, fwi
yo p’ap manke, chak mwa y’ap donnen fwi nouvo; paske dlo l’ yo se nan Tanp la
yo sòti, fui yo ap sèvi kòm manje, fèy yo ap sèvi kòm remèd”.
Pawòl
Granmèt la.
SÒM
REPONS: 45,
2-3. 4-5. 89-9
R/Kouran rivyè yo met kè kontan nan vil Bondye a, nan tant sa a ki anwo nèt la,
nan joupa ki sen yo.
Bondye se kachèt nou ak fòs nou,
li pote nou anpil sekou nan tray nou yo.Se pousa nou p’ap pè, menm si tè a
chanje, menm si mòn yo travèse nan fon lanmè-a.R.
Kouran rivyè yo met kè kontan nan
vil Bondye a, nan tant sa a ki anwo nèt la, nan tant ki sen yo. Bondye nan
mitan l’, li p’ap souke; Bondye ap pote l’ sekou granmaten devan jou.R.
Granmèt lame yo avèk nou, kachèt
pou nou, Bondye Jakòb la. Vini, n’a wè travay Granmèt la, li mete mèvèy sou tè
a.R.
Pawòl
Granmèt la.
DEZYÈM
LEKTI
“Nou
se Tanp Bondye a”
NAN PREMYE LÈT APOT PÒL KI SEN POU KORENTYEN YO
3, 9b-11. 16-17
Frè m’ yo:
Nou se kay Bondye. Daprè gras
Bondye a, sa l’ fè m’ nan, mwen poze fondasyon tankou yon enjenyè ki gen sajès;
yon lòt bati sou li. Men se pou chak moun gade byen kijan l’ap bati sou li.
Sèke pèsòn pa kapab poze dòt fondasyon pase sa k’ deja poze a, sa vle di
Jezikri.
Èske nou pa konnen se Tanp Bondye
a nou ye, epi Lespri Bondye a abite nan nou? Si yon moun derespekte Tanp Bondye
a, Bondye ap fini ak li. Sèke Tanp Bondye a sen, epi kay Tanp sa a se nou menm.
Pawòl
Granmèt la.
LEVANJIL
“Li
t’ap pale osijè tanp kò l’ la”
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN KI SEN
2, 13-22
Pak Juif
yo te tou pre, Jezi monte Jerizalèm; nan Tanp la li jwenn machann bèf ak mouton
ak pijon, epi moun k’ap chanje lajan, ki te chita.
Li fè
tankou yon fwèt ak kòd, li chase yo tout sot nan Tanp la, ansanm ak mouton yo
ak bèf yo, li chavire monnen moun ki t’ap chanje lajan yo, li vire tab yo bouch
anba.
Moun yo ki t’ap vann pijon yo, li
di yo: “Wete bagay sa yo sot isit la, pa fè kay Papa m’ nan vin tounen kay
komès”. Disip li yo vin sonje yo te ekri: “Chalè renmen pou kay ou a ap devore
m’”.
Juif yo pran lapawòl, yo di l’:
“Ki siy w’ap montre nou pou sa w’ap fè a?”
Jezi reponn, li di yo: “Detwi
Tanp sa a, epi nan twa jou m’ap drese li”.
Juif yo di: “Se karann-sizan yo
pran pou bati Tanp sa a, epi ou menm nan twa jou w’ap drese l’?” Li menm menm,
li t’ap pale sou Tanp kò l’ la.
Lè l’ resisite sot nan pami mò
yo, disip li yo vin sonje li te di sa, yo kwè nan sa k’ ekri yo ak nan pawòl yo
Jezi te di a.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON:
Dlo, se yon eleman fondamantal
nan lanati, li bay lavi ak pouvwa; san dlo lavi pa ta posib sou latè, lanati pa
ta gen ekilib. Si pa t’ gen dlo, pa ta gen ni moun ni pye bwa, ni zannimo. Nou
sèvi ak dlo pou nou kab benyen, pirifye nou, e dlo pa sèlman yon senbòl pirifikasyon
ak lavi, men tou, se yon senbòl pwòpte moral.
Dlo se yon kouto de bò: li pote
lavi, konsa tou li detwi lavi.Nou konn tande kòman anpil moun konn mouri nwaye
oubyen nan inondasyon.
Tèm dlo, nan chapit 48 nan Liv
Ezekyèl la, se yon faktè enpòtan nan restorasyon pèp Bondye a, aprè li retounen
sot an ekzil, Bondye ap vide dlo pou pirifye kè moun yo pou pèmèt yo sèvi l’
fidèlman nan lwa li yo.
Tanp lan se siy visib prezans
Bondye sou tè a. Se tankou yon sous ki pa janm seche, k’ap koule nan gwo larivyè
ki koule nan lanmè: dlo sa a gaye lavi a ak sante nan pasaj li yo pou pye bwa
ka grandi ak bay bon fwi, tankou nan paradi (jaden Edèn nan).
Konsa nou ka konprann kòman dlo a
jwe yon wòl trè senbolik, ki fè nou konprann kalite sous lavi Bondye a k’ap alimante
pwòp lavi pa nou nan tan lagras la epi ki pèmèt lavi nou boujounen.
Se pou rezon sa, Jezi, yon lè nan
jès li yo, montre li plen otorite pou l’ te mete lòd nan tanp lan. Li te gen
yon gwo respè pou tanp lan, paske tanp lan se lakay papa l’, se kay lapriyè, se
sa k’ fè li pa t’ kontan yo te fè kay papa l’ tounen yon mache, yon sant
komèsyal. Li mete tout machann yo deyò.
Atitid sa ta pral make kòmansman
konfli ant Jezi ak jwif yo, e li pral debouche sou lamò li sou lakwa. Komèsan
yo t’ ap chèche pwòp enterè yo, se lajan yo t’ap defann, yo pa t’ bay Bondye
regle anyen pou yo, yo pa t’ respekte karaktè sakre tanp lan te genyen. Chak
kretyen dwe montre respè ak anpil devouman pou Legliz la, ki se kò Kris la.
Chak fwa nou kontinye fè peche, nou komèt enjistis, mechanste, nou fè Jezi
tris.
An nou sonje espas ki pi sakre
pou Bondye a se kè nou, antan n’ap chase tout vye santiman ki ladan li,
santiman ki p’ap pèmèt nou viv nan zanmitay ak Bondye.
LAPRIYÈ:
Bondye Granmèt, ou menm ki gen tout pouvwa, ki bay tout bagay yon sans, tanpri
fè nou branche lavi nou nan sous lagras ou a, pou nou ka tounen kanal pou ou
rive jwenn frè ak sè nou yo.
PWOPOZISYON:
Menm
jan Jezi te defann kay sakre a, nou menm kretyen, se pou nou sonje misyon nou
kòm pè, pwofèt ak wa nan Jezikri.
No hay comentarios:
Publicar un comentario